Fason nou ka montre nou gen konviksyon li ijan pou n preche
Nou dwe aprann gen konviksyon li ijan pou n preche, e kalite sa a nesesè pou n ka chape nan fen sistèm sa a. Lè n suiv rapèl ki vin apre yo, n ap ka ranfòse konviksyon nou genyen an.
Priye regilyèman konsènan Wayòm nan. — Mat. 6:10.
Pwoteje kè w lè w li Bib la chak jou. — Ebre 3:12.
Byen sèvi ak tan w. — Efe. 5:15, 16; Fil. 1:10.
Kite je w “fikse sou yon sèl bagay”. Pa kite dezi monn nan fè w vin distrè. — Mat. 6:22, 25; 2 Tim. 4:10.
Kontinye veye lè w rete vijilan anrapò ak reyalizasyon pwofesi ki nan Bib la. — Mak 13:35-37.
Lè n gen konviksyon li ijan pou n preche sa ap ankouraje n pou n bay tout nou menm nan travay sa a ki pral fini! — Jan 4:34, 35.