Annou ‘ dirèk ! ’
1 Èske sa pa janm rive w, etan w ap fè prezantasyon ou fin byen prepare a, pou yon mèt kay kanpe w pou l di w : “ Monchè oubyen machè, ki sa w vle ? Vin ‘ dirèk ’ ! ” Ki sa yon eksperyans konsa aprann nou ?
2 Anpil moun alèkile pa nan tann. Yo bezwen konnen kilès nou ye e ki sa nou vin fè devan pòt yo a. Lè yo vin konnen nou vin vizite yo espesyalman pou nou pale sou Labib avèk yo, yo kapab bouche zorèy yo pou yo pa tande nou. Pou anpil moun, li Labib ak pale sou bagay espirityèl pa enpòtan nan lavi yo. Ki jan nou kapab rive konvenk yo kòmkwa yo ta dwe pran kèk minit pou yo konvèse avèk nou sou yon sijè biblik ?
3 Fason ki byen mache a : Tout koze a se montre moun nan Bib la bay solisyon pratik pou pwoblèm yo genyen, epi fè sa an de mo. Prezantasyon ki pi efikas yo, se prezantasyon ou fè lè w poze yon kesyon byen espesifik pou fè moun nan reflechi, kote ou pral montre l repons lan nan Bib la. Ou kapab pran plezi nan eseye kèk nan sijesyon ou pral jwenn la yo. Yo la pou ede nou al sou sijè a ‘ dirèk ’ ak moun nan pandan n ap enterese l pou l pale avèk nou.
4 Nan tèritwa kote moun yo abitye di sa pa enterese yo, soulve yon kesyon ki touche yo pèsonèlman :
◼ “ Kòm lan 2000 prèt pou rive sou nou, èske w santi sa ba w plis espwa oubyen èske sa fè w gen plis dout ? [Kite moun nan reponn] Bib la te predi jan nou wè bagay yo tèt anba jodi a sa ta va konsa, epi li te di tou ki kote sa prale. ” Li 2 Timote 3:1, 2, 5 ak Pwovèb 2:21, 22.
◼ “Zafè lasante okipe lespri moun nan peyi a anpil. Èske w te konnen Bondye pwomèt pou l rezoud tout pwoblèm sante nèt ? ” Li Revelasyon 21:3, 4.
◼ “ Ki avantaj ou panse moun nan zòn nan t ap jwenn si tout moun k ap viv bò isit la te aplike prensip ki nan Bib la ? ” Li Matye 22:37-39.
5 Piske misyon nou se preche bon nouvèl Wayòm nan, depi sa posib nou dwe atire atansyon moun yo sou sa Wayòm nan pral akonpli. Ou kapab di konsa :
◼ “ Èske w te konnen liv ki pi ansyen an, anpalan de Labib, te predi pral gen yon sèl gouvènman nan lemonnantye ? Li Danyèl 2:44.
◼ “Ki jan ou panse kondisyon lavi a t ap ye si se Jezi Kris ki t ap dirije tè a ? ” Li Sòm 72:7, 8.
6 Nan tèritwa kote moun yo se moun ki relijye, ou kapab eseye youn nan entwodiksyon sa yo :
◼ “ Gen anpil moun ki viktim anba diskriminasyon poutèt yo se fi oubyen poutèt yo se gason, poutèt relijyon yo ak poutèt koulè po yo. Ki jan ou panse Bondye santi l lè moun gen prejije konsa ? Li Ak 10:34, 35.
◼ “ Nou konnen Jezi Kris te konn fè anpil mirak lè l te sou tè a. Si ou te kapab mande l pou l fè yon mirak tou jodi a, ki sa ou t ap mande l ? ” Li Sòm 72:12-14, 16.
7 Si mèt kay la ouvè pòt la ak de kè, ou kapab kòmanse konvèsasyon an konsa :
◼ “ Pifò moun fatige tande pale de pwoblèm. Yo vle tande pale de solisyon pito. Sandout se konsa ou ye tou. [Kite moun nan reponn] Men, ki bò nou kapab jwenn yon vrè solisyon pou pwoblèm nou yo ? ” Li 2 Timote 3:16, 17.
8 Poukisa ou pa eseye ? Byen souvan, yon kesyon senp, ki kout epi ki dirèk, se tout sa w te bezwen pou fè moun enterese tande w. Yon dam ki pa t janm pran pa ditou avèk nou te envite de sè antre lakay li apre yo te fin poze l kesyon sa a : “ Èske w ka di nou ki Wayòm sa a ou konn lapriyè pou li a lè w ap fè priyè Notrepè a ? Kesyon sa a te entrige dam nan epi li te asepte yon etid biblik. Kounye a se yon sèvitè Jewova batize li ye.
9 Lè w ap pale ak yon moun, se pou w fran nan sa w ap di a. Se pou sa w ap di a sot nan kè w. Li pi sanble moun yo dakò pou koute nou lè yo santi nou nan enterè yo vre. — Ak 2:46, 47.
10 Jodi a se yon defi pou nou preche bon nouvèl la. Gen mèt kay ki mefyan ak etranje. Gen lòt moun menm, se yon tikras tan yo genyen paske yo chaje ak aktivite. Epoutan, nou kapab asire nou n ap jwenn anpil moun toujou ki merite tande bon nouvèl la (Matye 10:11). Efò n ap fè pou nou chèche yo sanble ap bay plis rezilta si prezantasyon nou yo tou kout e si nou ‘ dirèk ’.