Annou gen anpil estim pou bèl non Jewova a
1 Satan te jete vèni sou non Bondye lè li te chèche fè de premye paran nou yo tonbe nan peche. Dyab la te fè konprann Bondye te bay Adan manti (Jenèz 3:1-5). Piske non Bondye a makònen ak pouvwa li genyen pou l fè Pawòl li akonpli, vye deklarasyon Satan te fè sou do Bondye a se pi gwo kalomi ki te kapab fèt. Tank Jewova ap reyalize pwogram li a, se tank l ap pwòpte non l epi sa fè non sa a vin pi bèl. — Izayi 63:12-14.
2 Nou se pèp Jewova bay ‘ pote non li ’. (Travay 15:14, 17.) Sa tou ban nou okazyon pou nou montre jan nou konsidere kesyon sangtifikasyon non Jewova a. Pou nou menm, non Bondye se yon mèvèy paske li reprezante tout bagay ki bon, tout bagay ki gen lanmou, mizèrikòd ak jistis. Lè nou wè jan non Bondye se yon non ki grandyoz, jan se yon non ki kanpe byen wo, sa fè nou respekte non sa a anpil (Sòm 8:1 ; 99:3 ; 148:13). Ki sa sa pouse nou fè ?
3 Annou sangtifye non Bondye : Non Bondye pa ta ka pi sen pou jan li deja sen an. Men, lè nou kondi tèt nou pwòp, lè nou preche bon nouvèl Wayòm nan, se yon fason nou montre jan nou gen anpil estim pou non Bondye a, kòm pi gwo non ki egziste vre. Annou di byen fò : “ Nou menm pèp, di Jewova mèsi ! Envoke non l. Mache fè pèp yo konnen jan li aji. Mansyonnen jan non li kanpe byen wo. ” (Izayi 12:4). Ki jan nou kapab fè sa ?
4 Nou kapab pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou fè konnen non Jewova a ansanm ak tout sa li reprezante. Kit n ap fè temwayaj enfòmèl kit n ap preche kay an kay, nan magazen, nan lari oubyen nan telefòn, sa fè Jewova onè. Lè nou jwenn moun ki enterese tande nou, nou ta dwe pran bonjan randevou avèk yo yon fason pou nou ka vizite yo, sa k ap pèmèt nou aprann yo pi plis bagay sou Jewova. Sa vle di nou dwe respekte randevou sa yo, epi nou bezwen kenbe la nan efò n ap fè pou nou kòmanse etid biblik. Erezman, chak ane gen plizyè santèn milye moun ki vin konnen bèl non Bondye a, ki vin respekte l epi ki vin sangtifye l.
5 Lè nou patisipe ak tout kè nou nan travay ki sangtifye non Bondye a, nou demontre byen klè ki kote nou kanpe nan kesyon Satan te soulve ann Edenn nan. Pa gen yon travay ki pi gwo zafè pase l, ni ki gen plis valè. Annou gen anpil estim pou bèl non Jewova genyen an epi annou fè lwanj pou li avèk zèl. — 1 Kwonik 29:13.