BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/03 p. 8
  • Fè konnen non Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè konnen non Bondye
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Jewova glorifye non l
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Ann onore gran non Jewova a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Non Bondye
    Reveye n! — 2017
  • Ki non Bondye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 6/03 p. 8

Fè konnen non Bondye

1. Lè yon moun aprann konnen non Bondye, ki efè sa ka fè sou li ?

1 Ki jan w te reyaji lè w te aprann non Bondye pou premye fwa ? Anpil moun te gen menm reyaksyon ak dam sa a ki te di : “ Lè m te fèk wè non Bondye nan Bib la, mwen te kriye. Sa te tèlman touche m, lè m te wè, se toutbon vre m konnen non Bondye e m ka itilize non sa a. ” Pou dam sa a, konnen non Bondye se te yon etap enpòtan pou yon moun aprann konnen ki jan de moun Jewova ye e pou l rive gen relasyon solid avèk li.

2. Poukisa li ijan pou nou fè moun yo konnen Jewova ?

2 Poukisa pou nou fè konnen non l ? Non Bondye makònen ak kalite l genyen, pwogram li ak fason l aji. Mete sou sa, pou yon moun sove, li bezwen konnen non Bondye. Apot Pòl te ekri : “ Tout moun ki envoke non Jewova ap sove. ” Men, “ ki jan y ap fè envoke ” non l ? Men ki rezònman Pòl te fè, li te di se a kondisyon moun yo aprann konnen Jewova e yo demontre yo gen lafwa nan li. Kidonk, li ijan pou kretyen yo fè lòt moun konnen non Bondye ak tout sa non sa a reprezante (Wom. 10:13, 14). Sepandan, gen yon rezon ki pi enpòtan toujou ki fè nou dwe fè konnen non Bondye.

3. Ki prensipal rezon ki fè n ap preche ?

3 Nan ane 1920 yo konsa, pèp Bondye a te rive konprann dapre sa Bib la di, kesyon inivèsèl la gen ladan l jistifikasyon dwa Bondye genyen pou l Souvren nan linivè ak sangtifikasyon non l. Jewova pral detwi mechan yo, pou l retire tout akizasyon yo te lage sou non l, men, anvan l fè sa, yo dwe ‘ fè konnen verite sou li sou tout tè a ’. (Iza. 12:4, 5 ; Eze. 38:23.) Se poutèt sa, prensipal rezon ki fè n ap preche, se pou nou louwe Jewova an piblik e pou nou sangtifye non l devan tout moun (Ebre 13:15). Lanmou nou genyen pou Bondye ak lanmou nou genyen pou pwochen nou ap pouse nou patisipe ak tout nou menm nan travay sa a, yon travay Bondye mande pou nou fè.

4. Ki sa k ka fè yo idantifye yon moun kòm Temwen Jewova ?

4 “ Yon pèp pou non l ” : Nan ane 1931, nou te adopte non Temwen Jewova (Iza. 43:10). Depi lè sa a, pèp Bondye a ap fè konnen non Bondye toupatou. Yo tèlman fè sa byen, nan paj 124 liv Prédicateurs la, nou jwenn remak sa a : “ Tout kote sou tè a, nenpòt moun ki sèvi lib e libè ak non Jewova, tousuit yo pran l pou yon Temwen Jewova ”. Èske yo ka rive idantifye w menm fason sa a tou ? Rekonesans nou genyen pou bonte Jewova ta dwe pouse nou ‘ beni non l ’, sa ta dwe pouse nou pale de li nan tout okazyon ki apwopriye. — Sòm 20:7 ; 145: 1, 2, 7.

5. Ki rapò ki genyen ant konduit nou ak non Bondye nou pote a ?

5 Piske nou se “ yon pèp pou non li ”, nou dwe mache selon prensip li yo (Tra. 15:14 ; 2 Tim. 2:19). Souvan, premye bagay yon moun remake kay Temwen Jewova yo, se bèl konduit yo (1 Pyè 2:12). Nou pa ta janm renmen sal non Jewova swa paske nou ta dezobeyi prensip li yo oswa paske nou pa ta mete adorasyon n ap ba li a nan premye plas nan lavi nou (Lev. 22:31, 32 ; Mal. 1:6-8, 12-14). Olye de sa, annou montre, nan fason n ap viv, nou apresye privilèj nou genyen pou nou pote non Bondye.

6. Ki privilèj nou ka genyen depi kounye a e pou toutan ?

6 Men ki pawòl Jewova di nou wè k ap akonpli jodi a : “ Depi kote solèy la leve a pou jis rive kote l kouche a, non mwen gen pou l gran pami nasyon yo. ” ​(Mal. 1:11). Annou kontinye fè konnen verite sou Jewova, e annou “ beni non l ki sen pou tan endefini, wi, pou toutan ”. — Sòm 145:21.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje