BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/99 p. 1
  • Ann imite Jewova ki pa nan patipri

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann imite Jewova ki pa nan patipri
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Ann apresye kalite Jewova yo pi plis toujou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou preche san patipri
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Metòd pou nou preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Mesaj nou dwe preche a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1999
km 12/99 p. 1

Ann imite Jewova ki pa nan patipri

1 Jewova gen sousi pou moun. San patipri, li asepte nenpòt moun ki fè volonte l (Travay 10:34, 35). Menm jan an, lè Jezi t ap preche moun yo, li pa t nan patipri (Lik 20:21). Nou bezwen imite egzanp yo, menm jan ak Pòl ki te ekri : “ Gen menm Seyè a ki sou tèt tout moun, ki rich pou tout moun ki envoke li. ” — Wom. 10:12.

2 Lè nou preche tout moun nou rankontre bon nouvèl Wayòm Bondye a, sa pote laglwa pou li. Nou dwe kontinye pataje bèl mesaj sa a ak lòt moun yo, san gade sou ras yo, ran sosyal yo, enstriksyon yo, oswa kòb yo genyen (Wom. 10:11-13). Sa vle di preche moun ki vle tande : gason kon fi, timoun kon granmoun. Nou bezwen frape nan tout pòt pou bay chak moun okazyon tande verite a.

3 Montre nou sou bò chak moun : Objektif nou se pran kontak ak chak moun nou kapab. Avèk sa nan lespri, sèten pwoklamatè reyisi bay moun temwayaj nan klinik doktè, nan lopital, nan fwaye pou moun aje, nan biwo èd sosyal, nan sant reyabilitasyon. Anplis de sa, pwoklamatè yo preche reskonsab ponp finèb, sipèvizè lekòl ak konseye, jij. Lè n ap abòde pèsonaj ofisyèl yo, se lizaj pou nou di yo jan nou apresye sèvis itil yo rann kominote a. Montre nou gen respè, chwazi atik apwopriye ki gen rapò patikilyèman ak tip travay y ap fè a ansanm ak pwoblèm ki makònen avèk li.

4 Gen yon lè, yon sè te reyisi pale ak yon jij nan biwo l. Apre yon konvèsasyon vivan, men kòmantè jij la te fè pou bongre pa l : “ Èske w konnen sa m renmen nan Temwen Jewova ? Yo gen prensip ki gen bon baz e yo kenbe prensip sa yo san devye. ” Gwo pèsonaj sa a te resevwa yon bonjan temwayaj.

5 Nou pa ka li nan kè moun. Sepandan, lè nou pale ak tout moun nou rankontre, nou montre lafwa nou genyen nan pouvwa Bondye pou dirije travay n ap fè a. Anplis de sa, sa bay moun yo privilèj pou yo tande e pou yo byen reyaji devan mesaj lespwa a (1 Tim. 2:3, 4). Annou itilize tan nou genyen avèk sajès. Annou fè efò pou n imite Jewova ki pa nan patipri pandan n ap chèche atenn tout moun nou kapab ak bon nouvèl la. — Wom. 2:11 ; Efez. 5:1, 2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje