Annou bay Pawòl Jewova atansyon nou toulejou !
1 Chak jounen pote nouvo eprèv pou lafwa nou. Petèt se yon kòlèg travay ki cho nan kò w pou nou fè yon ti sòti ade. Pwofesè w la vle w pouswiv yon karyè oubyen patwon w lan vle w fè siplemantè. Petèt ou santi sante w ap bese. Byenke ou kapab fè fas ak eprèv konsa nenpòt lè, ou pa pou kont ou. Jewova toupare pou ba w sajès nesesè pou w afwonte yo. Egzamine tèks biblik ak kòmantè yo nan Examinons les Écritures, se yon mwayen w genyen pou w kapab resevwa Pawòl Jewova a regilyèman. Èske w pwofite dispozisyon sa a ?
2 Gen èd ki disponib : Izayi 30:20 prezante Jewova kòm “ Gran Pwofesè ” a. Se sou li pèp Bondye a konte pou jwenn èd. Tout sa ki reprezante eprèv pou lafwa w, li ba w egzakteman sa w bezwen pou w afwonte yo. Ki jan ? Vèsè apre a Isa 30:21 eksplike : “ Zòrèy ou pral tande yon vwa pa dèyè w k ap di : ‘ Men chemen an. Se pou nou mache ladann. ’ ” Jodi a, Jewova simaye “ pawòl ” li pa mwayen Bib la ak piblikasyon “ esklav fidèl e eklere a ”. (Mat. 24:45.) Nan atik La Tour de Garde lontan yo sèlman, gen yon trezò sajès ki touche tout aspè lavi yon kretyen de fason pratik. Si w repase atik yo site nan Examinons les Écritures yo, sa ap ede w ranmase yon min konesans ki pa gen pri pou ede w fè fas ak tout kalite eprèv. — Iza. 48:17.
3 Rezève tan pou sa : Menmsi lematen se yon moman moun okipe, gen yon manman ki te aranje l pou l li e egzamine tèks la ak kòmantè a ak pitit gason l pandan pitit la t ap pran dejene. Pawòl sa yo ansanm ak lapriyè se te dènye mo li te tande chak maten anvan l al lekòl. Yo te ba li fòs pou l reziste kont avans seksyèl, pou l pran pozisyon san konpwomi anfas nasyonalis e pou l preche ni etidyan yo ni pwofesè yo. Kwak se li menm sèl ki te Temwen nan lekòl la, li pa t janm santi l pou kont li.
4 Konte sou Jewova ak Pawòl li pou gide w e gouvènen w. Si w fè konsa, Jewova ap reyèl pou ou tankou yon zanmi ou gen konfyans nan li. Apiye w sou li toulejou ! Menm jan avèk dè milyon lòt moun nan lemonn k ap egzamine Pawòl Bondye a toulejou, nou swete ou fè pou je pa w tounen “ je ki wè Gran Pwofesè w la ”.