Èske w pare pou rantre lekòl la?
1. Ki okazyon ou pral genyen lè w pral kòmanse ane lekòl sa a?
1 Kit se premye ane w nan lekòl kote w prale a, kit se yon ane anplis sa pral fè w ladan l, antanke jèn kretyen, ou pral rankontre nouvo difikilte ak nouvo presyon. Men, ou gen yon nouvo posiblite devan w tou pou w “bay temwayaj konsènan laverite”. (Jan 18:37.) Èske w byen prepare e èske w prè pou w bay temwayaj?
2. Nan ki sans ou pare pou rantre lekòl la?
2 Ou resevwa anpil fòmasyon nan men Jewova, nan men paran w e nan men esklav fidèl ki prevwayan an, pou ede w reyisi nan tout aspè nan lavi w (Pwo. 1:8; 6:20; 23:23-25; Efe. 6:1-4; 2 Tim. 3:16, 17). Kounye a, sandout ou konnen ki kalite defi ou ka atann w ap rankontre nan lekòl ou. Grasa fòmasyon Bondye ba ou a e lefètke w konnen anviwònman kote w prale a, ou kapab prepare w pou w bay temwayaj (Pwo. 22:3). Se pou w byen egzamine enstriksyon biblik itil ki nan liv Les jeunes s’interrogent, volim 1 ak volim 2, ansanm ak atik ki nan ribrik Les jeunes s’interrogent ki parèt nan Réveillez-vous! regilyèman.
3. Nan ki sans ou pral anmezi pou w bay temwayaj?
3 Tèritwa espesyal ou genyen an ap pèmèt ou bay temwayaj nan divès fason. Lè lòt moun ap obsève bon egzanp ou bay nan aparans ou ak nan fason w abiye, nan konduit ou ak nan langaj ou, respè w genyen pou kamarad ou, pou pwofesè w, lè yo obsève nòt ou fè nan egzamen e yo santi ou gen yon fondman solid nan lavi a, gen kèk nan yo ki ka mande “sa k fè w diferan konsa a?” (Mal. 3:18; Jan 15:19). Ou ka tou jwenn yon okazyon pou w bay temwayaj e pou w esplike kwayans ou (1 Tim. 2:9, 10). Ofiramezi ane a ap pase, petèt w ap gen pou w fè fas ak yon seri defi tankou patisipe nan seremoni nasyonalis ak nan kèk fèt. Si yo mande w poukisa w pa patisipe nan bagay sa yo, èske w ap annik reponn: “Se paske sa kontrè ak relijyon m, mwen se Temwen Jewova”, oswa èske w ap pwofite okazyon an pito pou w bay temwayaj konsènan Jewova, Papa nou ki nan syèl la, ki plen lanmou? Grasa bon preparasyon w ap fè e grasa direksyon Jewova, w ap pare pou w bay ni pwofesè w, ni kamarad ou, ak lòt moun ankò yon bon temwayaj. — 1 Pyè 3:15.
4. Ki sa k fè w gen konfyans w ap pase yon bon ane lekòl?
4 Byenke ou ka gen yon ti krent pou antre lekòl la, men konnen ou gen sipò anpil moun ki ta renmen w reyisi ane lekòl la. Anplis de sa, nou kontan pou ou paske w ap gen posiblite pou w bay temwayaj nan tèritwa espesyal ou a. Kidonk, se pou w mete kouraj sou ou e se pou w pare pou rantre lekòl la!