BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/11 p. 2
  • Pinga w ezite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pinga w ezite
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Jèn : byen pwofite tan n ap pase lekòl
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Èske pitit ou pare?
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Lekòl ministè teyokratik pou ane 2002
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Yon lekòl ki ekipe nou pou aktivite ki pi enpòtan nan lavi a
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 10/11 p. 2

Pinga w ezite

1. Ki bagay ki mande pou yon moun gen kouraj, e poukisa?

1 Èske sa konn rive ou ezite bay temwayaj nan lekòl ou paske w pè pou yo pa pase w nan rizib? Se vre, se yon bagay ki mande kouraj pou yon moun bay temwayaj, sitou si l timid. Men, ki sa k ka ede w nan domèn sa a?

2. Lè w ap preche nan lekòl ou, kòman ou ka montre ou gen bon jijman?

2 Ou bezwen gen bon jijman: Menmsi li nòmal pou w konsidere lekòl ou kòm tèritwa pèsonèl ou, ou bezwen sonje ou pa oblije kòmanse yon konvèsasyon sou Bib la ak chak moun jan w t ap fè sa si w t ap preche kay an kay. Ou bezwen gen bon jijman pou w ka detèmine ki lè pou w pale ak yon moun (Ekl. 3:1, 7). Sijè y ap pale nan klas la oubyen devwa yo ba w fè ka ba w posiblite pou w pale de kwayans ou. Oubyen yon kamarad lekòl ou ka mande w poukisa ou pa patisipe nan kèk aktivite. Gen kèk jèn kretyen ki fè pwofesè lekòl yo konnen se Temwen Jewova yo ye depi nan kòmansman ane lekòl la e yo bay pwofesè yo piblikasyon ki pale sou kwayans yo. Gen lòt jèn ki kite piblikasyon sou ban yo dekwa pou yo eveye enterè kamarad yo sou yon sijè, konsa kamarad yo ka poze yo kesyon.

3. Ki sa ou ka fè pou w prepare w pou w bay temwayaj nan lekòl ou?

3 Se pou w prepare: Si w prepare, w ap gen plis konfyans nan tèt ou (1 Pyè 3:15). Donk, eseye panse ak kèk kesyon kamarad lekòl ou yo ta ka poze w, epi reflechi sou fason ou ta ka reponn yo (Pwo. 15:28). Si sa posib, tou mete Bib la nan valiz lekòl ou ansanm ak kèk piblikasyon tankou liv Comment raisonner, liv Les jeunes s’interrogent ak piblikasyon ki pale sou kreyasyon an, konsa w ap ka sèvi avè yo lè w bezwen yo. Ou ka mande paran w pou yo fè kèk seyans repetisyon avè w pandan adorasyon an fanmi an.

4. Poukisa ou dwe kontinye bay temwayaj nan lekòl ou?

4 Se pou w pozitif: Pa met nan tèt ou kamarad lekòl ou yo ap toujou pase w nan rizib lè w ap pale de laverite. Gen kèk nan yo ki ka menm apresye w pou kouraj ou e yo ka menm dispoze koute w. Men, ou pa dwe dekouraje si pa gen youn nan yo ki koute w. Okontrè, w ap fè kè Jewova kontan paske w fè sa w kapab (Ebre 13:15, 16). Toujou mande Jewova pou l ede w ‘kontinye pale pawòl li a ak anpil kran’. (Tra. 4:29; 2 Tim. 1:7, 8.) Imajine jan w ap kontan lè gen yon moun ki koute w. Moun sa a ka menm vin yon sèvitè Jewova, menm jan avè w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje