Jèn : byen pwofite tan n ap pase lekòl
1 Ki jan w santi w antan w ap pare pou w retounen lekòl apre vakans twa mwa a ? Èske w ap tann avèk enpasyans pou w tire pwofi de yon lòt ane lekòl ? Èske w va byen pwofite okazyon lekòl ba wou pou w pataje laverite ak kanmarad ou yo ansanm ak pwofesè w yo ? Nou sèten ou vle fè tout sa w kapab pandan w lekòl.
2 Ou dwe yon bon Elèv : Si ou byen prepare lè w ap asiste kou ‘ k ap fèt yo, e si ou suiv sa k ap di yo de prè, ou va jwenn avantaj k ap dire. Ou dwe sousye w pou w fè devwa yo ba w fè lakay ou san pèdi tan. Men ou pa dwe pèmèt leson ak devwa bloke aktivite teyokratik ou. — Filipyen 1:10.
3 Derape ane lekòl la ak lekti bwochi Les Témoins de Jéhovah et l’instruction. Ansuit, ou menm oubyen paran w ta dwe bay chak pwofesè w yo youn. Fè yo konnen y ap jwenn repons nenpòt kesyon yo te ka genyen. Sa ap ede yo konprann pi byen kwayans ak prensip ou yo, e sa ap ede yo travay avèk ou pandan w ap aplike sa yo anseye w. An plis de sa, bwochi a va bay pwofesè w yo asirans ni ou menm ni paran w, nou swete kopere avèk yo pandan y ap ede w resevwa yon enstriksyon ki gen valè.
4 Ou dwe yon bon Temwen : Pou ki sa w pa konsidere lekòl kòm teritwa pèsonèl ou pou temwayaj enfòmèl ? Pandan ane lekòl k ap vini an, ou va genyen okazyon san parèy pou w bay temwayaj. Ou posede yon konesans espirityèl ki bèl anpil. Lè w pataje l, li ka “ sove ni ou menm, ni sila yo k ap koute w. ” (1 Timote 4:16). Si ou kenbe yon konpòtman kretyen modèl, e si ou bay temwayaj chak fwa sa apwopriye, ni ou menm, ni lòt yo va pwofite.
5 Yon jèn frè te bay kanmarad nan lekòl li temwayaj enfòmèl. Pami sa yo ki te byen reyaji, te gen yon Katolik, te gen yon ate ki te abitye fawouche moun ki kwè nan Bondye, e te gen yon jèn ki te konn fimen, e ki te konn bwè anpil. Antou, jèn frè sa a te ede 15 jèn parèy li rive vwe a Bondye e fè yo batize !
6 Donk jèn, teritwa san parèy nou genyen pou nou bay temwayaj la, fè tout sa nou kapab pou nou aprann konnen li. E, fè tout sa nou kapab pou nou travay ladan n. Lè sa a nou va jwenn pi gwo avantaj ki genyen nan ale lekòl.