Ki jan nou kapab devlope kapasite rezònman nou
1 Youn nan definisyon mo “ rezone ” a genyen se “ pale avèk moun yon fason pou enfliyanse aksyon l ak opinyon l ”. Pou w kapab vin pi efikas nan predikasyon, ou bezwen travay kapasite w pou rezone avèk moun ou rankontre yo (Travay 17:2-4). Men, ki jan w kapab devlope ladrès sa a ?
2 Sa kòmanse avèk meditasyon : Lè w ap etidye verite biblik yo, w ap wè jan sa ap itil ou pou w reflechi sou sijè a. Si gen pwen ki sanble yon ti jan konplike pou ou, pran tan pou fè rechèch epi medite sou sa w jwenn yo. Se pa eksplikasyon yo sèlman pou chèche byen konprann, men tou sou ki rezon biblik eksplikasyon sa yo chita.
3 Sa gen ladan l preparasyon pou predikasyon : Reflechi sou fason ou kapab eksplike diferan tip moun laverite a. Prepare kesyon ki ap pouse moun nan reflechi dekwa pou l enterese. Fè tèt ou travay sou jan pou w vini ak yon pwen biblik ak sou fason pou rezone sou li. Pran devan objeksyon moun yo ka soulve yo, reflechi sou jan ou kapab reponn. Nan piblikasyon w ap ofri a, chwazi yon pwen presi ou wè ki apwopriye.
4 Swiv egzanp Jezi : Jezi bay pi bon egzanp ki genyen sou fason ki efikas pou nou rezone sou Bib la. Pou nou ka analize jan li te anseye, annou egzamine istwa nou jwenn nan Lik 10:25-37 la. Note etap yo byen : 1) Se dirije lespri moun nan sou Bib la lè n ap reponn. 2) Se envite moun nan di sa l panse, epi se felisite l lè l bay repons ki gen sans. 3) Se asire nou moun nan byen konprann rapò ki genyen ant kesyon an ak sa Bib la di. 4) Se site yon egzanp ki pou touche kè moun nan dekwa pou nou asire nou moun nan byen konprann repons lan. — Gade La Tour de Garde 1e mas 1986, paj 27-28, § 8-10.
5 Sèvi ak zouti yo ban nou yo : Yo pibliye liv Comment raisonner à partir des Écritures la pou sèvi nan predikasyon. Entwodiksyon yo, repons pou objeksyon yo ak rezònman ki gen ladan l yo ap ede nou devlope kapasite rezònman nou. Liv Comment raisonner a se yon kokenn zouti nou ta dwe toujou pote avèk nou nan predikasyon. Nou pa bezwen ezite sèvi avè l lè n ap fè yon konvèsasyon biblik. Rewè paj 7 ak 8 la pou w wè jan ou kapab sèvi avè l pou w jwenn pi bon rezilta.
6 Lè w devlope kapasite rezònman w, sa ap amelyore ladrès ou nan travay predikasyon an ak travay ansèyman an. Kòm rezilta, ni ou menm, ni moun w ap rankontre nan predikasyon yo ap jwenn anpil benediksyon.