BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/08 p. 8
  • Èske w sèvi ak liv Comment raisonner a ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w sèvi ak liv Comment raisonner a ?
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan nou kapab devlope kapasite rezònman nou
    Ministè Wayòm nan — 2000
Ministè Wayòm nan — 2008
km 12/08 p. 8

Èske w sèvi ak liv Comment raisonner a ?

1. Ki jan ni apot Pòl ni Jezi te anseye lòt moun ?

1 Apot Pòl te fè efò pou l ‘ rezone dapre Ekriti yo ’. (Tra. 17:2, 3 ; 18:19.) Konsa, li te imite Jezi ki te konn site Ekriti yo souvan e ki te konn sèvi ak egzanp pou l ede moun ki t ap koute l yo konprann volonte Bondye (Mat. 12:1-12). Yo te fè liv Comment raisonner a pou ede nou fè menm bagay la.

2. Ki jan nou ka sèvi ak liv Comment raisonner a pou nou prepare entwodiksyon ki efikas ?

2 Prepare entwodiksyon ki efikas : Nan paj 9-15 liv Comment raisonner à partir des Écritures la gen diferan entwodiksyon ki la pou eveye enterè moun yo pou Labib. Lè nou aprann divès entwodiksyon e lè nou sèvi avèk yo, sitou si nou preche tèritwa nou yo souvan, sa ap fè nou varye prezantasyon nou yo, sa ap ede nou adapte nou pi byen e n ap pi efikas nan fason n ap kòmanse konvèsasyon. Lè n ap bay temwayaj nan telefòn oswa lè n ap pale ak yon moun nan entèfòn yon bilding ki gen gwo sistèm sekirite, nou ka li entwodiksyon yo nan liv la menm.

3. Ki sa nou jwenn nan paj 16-24 nan liv Comment raisonner a k ap ede nou nan ministè a ?

3 Venk objeksyon yo : Si w pran kèk minit anvan w al preche pou w revize paj 16-21 nan liv la, w ap konn sa pou w di yon moun ou rankontre nan tèritwa a depi anvan l fè yon objeksyon. Pami moun ou pral rankontre yo, èske l posib pou w jwenn Boudis, Endou, Juif oswa Mizilman ? Si se sa, enfòmasyon ki nan paj 21-24 la ap itil ou.

4. Ki jan w ka sèvi ak liv Comment raisonner a lè yon moun poze yon kesyon oswa li vini avèk yon sijè ki konn mennen nan diskisyon ?

4 Reponn kesyon yo : Liv Comment raisonner a kapab ede nou tou lè yon moun poze yon kesyon oswa li vini avèk yon sijè ki konn mennen nan diskisyon. Nan ka sa a, ou ka sèlman di moun nan ou ta renmen montre l yon bagay enteresan sou sijè a epi rale liv Comment raisonner a. Kòm sijè yo klase nan lòd alfabetik, ale nan seksyon ou panse ki gen enfòmasyon w bezwen an. Apre sa, fè yon koudèy rapid sou kesyon ki ekri pi fonse yo. Si w pa jwenn sa w ap chèche a byen vit, ale nan endèks ki nan fen liv la. Yonfwa ou jwenn enfòmasyon ou bezwen an, li l dirèkteman nan liv la pou moun nan. Si w ap pale de yon vèsè byen presi, ou ka jwenn sa w bezwen an nan paj 445 anba soutit “ Textes bibliques souvent mal compris ” a.

5. Site kèk lòt fason itil nou ka sèvi ak liv Comment raisonner a ?

5 Lòt fason nou ka sèvi ak liv la : Gen moun ki gen yon liv Comment raisonner nan travay yo oswa nan lekòl yo pou ede yo reponn yon seri kesyon tankou : ‘ Poukisa w pa selebre fèt ? ’ Gen jèn ki twouve enfòmasyon ki nan ribrik “ Création ” an ak ribrik “ Évolution ” an itil lè y ap prepare ekspoze pou lekòl yo. Èske w gen pou w vizite yon moun ki malad oswa yon moun ki gen yon moun pa l ki mouri ? Enfòmasyon nou jwenn nan ribrik “ Encouragement ” an kapab ede w jwenn vèsè biblik pou w rekonfòte moun sa a. Anplis, liv Comment raisonner a gen bonjan enfòmasyon k ap itil frè yo pou yo prepare diskou e pou kondui reyinyon predikasyon.

6. Ki objektif nou lè n al preche ?

6 Lè n ap preche, objektif nou se pa pou nou fè diskisyon ak moun yo pou nou montre yo nou genyen, nitou se pa pou nou annik ba yo enfòmasyon. Nou vle sèvi ak Bib la pou nou rezone ak yo yon fason ki efikas. Lè nou byen itilize liv Comment raisonner a, nou montre nou se moun k ap veye tout tan sou ansèyman nou. — 1 Tim. 4:16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje