Se bon nouvèl n ap preche
1 Ala yon kalite bèl privilèj nou genyen pou n ap bay “ bon nouvèl bon bagay ” ! (Wom. 10:15.) Nou gen yon mesaj rekonfòtan n ap pote pou moun boulvèsman ak dezespwa ki gen nan sistèm nan ap fin pote ale yo. Ki jan nou kapab ede yo rekonèt mesaj nou ofri yo a se yon “ bon nouvèl yon bagay ki pi bon ” ? — Iza. 52:7.
2 Prepare yon mesaj pozitif : Si nou konsantre konvèsasyon nou yo sou bagay pou edifye moun, sa ap gen yon bon efè sou yo. Se sa k fè, lè n ap prepare prezantasyon nou yo, lè n ap egzamine piblikasyon nou pral ofri yo, se bon kote mesaj la nou bezwen fè parèt. Lè nou bay mesaj ki anndan Bib la avèk asirans, avèk gete, nou kapab atann nou n ap jwenn rezilta ankourajan. — Pwo. 25:11.
3 Gen moun ki konn esplike nou jan sa nui yo pou yo wè sitiyasyon monn nan ap vin pi mal. Lè konsa, menmsi n ap mete nou nan plas moun yo, nou dwe montre yo se Wayòm Bondye a ki vrè solisyon pwoblèm lèzòm ap rankontre yo. Menm lè n ap esplike yo Jewova gen yon “ jou vanjans ” k ap vini, nou vle montre yo an reyalite se ‘ bon nouvèl pou moun ki enb yo ’. (Iza. 61:1, 2.) Nou kapab bay moun k ap tande nou yo asirans tout sa Jewova fè, finalman, ap pote yon jwa san parèy e sa ap bay pi bon rezilta ki te ka genyen.
4 Montre laverite a ak kè kontan : Lè moun yo remake lajwa ki parèt sou figi nou ak asirans nou gen nan ton vwa nou, sa fè yo pi anvi tande nou. Si nou demontre nou se moun ki byen wè bagay yo, y ap remake n ap ‘ rejwi nan lesperans lan ’. (Wom. 12:12.) Lè konsa, y ap pi dispoze koute bon nouvèl la. Se sèten, nou toujou gen bon rezon pou nou montre nou pozitif, pou nou montre kè kontan nan atitid nou nan tout aspè ministè nou an.
5 Kòm minis bon nouvèl la, se pa enfòme nou enfòme moun sèlman. Nou fè plis pase sa lontan. Predikasyon nou an bay moun yo espwa sèten y ap viv pi byen ni jodi a, ni demen (1 Tim. 4:8). Pou chak moun n ap abòde, atitid pozitif nou pral parèt nan sa n ap di a. Sa ap ede moun yo asepte bon nouvèl la. Pandan n ap veye sou sa n ap di e sou jan n ap di l la, annou ankouraje moun ki gen bon kè yo anbrase bon nouvèl n ap preche a !