Annou imite Jewova, ‘ Bondye nou an ki gen kè kontan ’
1 Jewova vle toutbonvre pou lèzòm gen kè kontan. Pawòl li a fè nou anvi wè bèl benediksyon li sere pou lèzòm (Iza. 65:21-25). Lòt moun ta dwe kapab wè aklè nou jwenn lajwa lefètke n ap pataje “ bon nouvèl glorye Bondye ki gen kè kontan an ” avèk yo (1 Tim. 1:11). Fason nou pale konsènan mesaj Wayòm nan ta dwe reflete lanmou nou genyen pou laverite e li ta dwe revele enterè sensè nou genyen pou moun n ap pale avèk yo. — Wom. 1:14-16.
2 Fòk nou admèt sa, pafwa se konn yon defi pou nou konsève jwa nou. Nan kèk tèritwa, se kèk moun sèlman ki byen reyaji devan mesaj Wayòm nan. Gendelè, nou fè fas ak sitiyasyon difisil nan vi nou. Pou nou konsève jwa nou, li ta bon pou nou reflechi sou jan moun nan tèritwa a bezwen tande bon nouvèl Wayòm n ap preche a e sou jan yo bezwen konprann sans li (Wom. 10:13, 14, 17). Lè nou medite sou sa, sa ap ede nou pou nou kontinye fè konnen avèk jwa dispozisyon ki chaje ak mizèrikòd Jewova pran pou l sove nou.
3 Konsantre sou sa ki pozitif : Nou bezwen fè atansyon tou ak sa n ap di. Byenke nou ka mansyone yon pwoblèm oswa yon nouvèl ki nan lespri moun yo pou nou kòmanse yon konvèsasyon avèk yo, nou ta dwe evite atire atansyon initilman sou bagay ki negatif. Misyon nou se pou nou pote “ bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ”. (Iza. 52:7 ; Wom. 10:15.) Bon nouvèl sa a se yon mesaj ki baze sou pwomès Bondye fè pou l ban nou yon meyè avni (2 Pyè 3:13). Avèk sa nan lespri nou, annou itilize Ekriti yo pou nou panse “ kè ki blese yo ”. (Iza. 61:1, 2.) Sa ap ede nou chak pou nou konsève jwa nou e pou nou konsève yon atitid pozitif.
4 Pa gen dout nan sa, moun yo pral remake jwa nou genyen etan n ap patisipe nan travay predikasyon an. Kidonk, annou toujou reflete atitid Jewova, ‘ Bondye nou an ki gen kè kontan ’, pandan n ap pataje bon nouvèl Wayòm nan ak moun nan tèritwa nou yo.