Èske ou gen lespri sakrifis ?
1 Apresyasyon nou genyen pou sa Jezi Kris te fè pou limanite, san l pa t wè tèt li, ta dwe pouse nou tout sèvi ak kapasite nou, kouray nou ak fòs nou nan yon lespri sakrifis. Men siplikasyon yo fè nou nan Bib la : “ Prezante kò nou an sakrifis tou vivan, ki sen, ki aseptab nan je Bondye, kòm yon sèvis sakre avèk entelijans nou. ” (Wom. 12:1) Yon egzamen konsyans tanzantan pral ede w wè si w fè tout sa w kapab pou w demontre kalite lespri sa a dapre sa sitiyasyon w pèmèt ou.
2 Pou fè rechèch konesans nan Bib la : Èske w fikse tan pou li Labib epi fè etid pèsonèl ou regilyèman ? Èske w rete kole sou pwogram sa a ? Èske w pran abitid prepare reyinyon kongregasyon an byen ? Si w alatèt yon fanmi, èske w gen yon etid biblik regilye ak moun lakay ou yo ? Fè bagay sa yo kapab mande pou w sakrifye tan ou te konn pase devan televizyon oswa devan òdinatè oswa nan lòt aktivite ankò. Toutfwa, ala piti sakrifis ou oblije fè a piti, etandone w konnen tan ou konsakre pou Pawòl Bondye a se ede li pral ede w jwenn lavi etènèl ! — Jan 17:3.
3 Pou bay pitit ou fòmasyon : Meyè moman pou moun kòmanse aprann fè sakrifis se lè l piti. Aprann timoun ou yo toupandan gen yon tan pou jwe, dwe gen yon tan tou pou travay ak yon tan pou aktivite teyokratik (Efe. 6:4). Ba yo fè travay itil nan kay la. Etabli yon pwogram regilye pou w patisipe ansanm avèk yo nan ministè a. Kore enstriksyon w ap bay la ak bon egzanp pa w.
4 Pou aktivite kongregasyon an : Yon kongregasyon anrichi lè chak moun dispoze fè sakrifis pou pwofi tout moun (Ebre 13:16). Èske l posib pou w pase plis tan nan predikasyon Wayòm nan ak nan aktivite fè disip la ? Èske w kapab fè tèt ou volontè pou ede moun ki malad oswa moun ki granmoun, pou ede yo petèt nan kesyon transpò pou yo vin nan reyinyon ?
5 Anvan Jezi te bay lavi òm li kòm pi gwo sakrifis ki egziste, li te konseye disip li yo fikse je yo sou enterè Wayòm nan, epi fè tout lòt bagay nan lavi a pase an dezyèm (Mat. 6:33). Lè nou kontinye gen yon lespri sakrifis konsa n ap jwenn pi plis bonè toupandan n ap kontinye sèvi Jewova ak lajwa.