BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/98 p. 3-4
  • Annou konstwi lavi nou toutotou sèvis Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou konstwi lavi nou toutotou sèvis Jewova
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • Fè yon pwogram ki pratik pou fanmi an
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sèvis pyonye : Èske se pou wou ?
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Ki jan pou manm fanmi yo byen kopere youn ak lòt : Nan etidye Labib
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Chèf fanmi : fè sa nou kapab pou nou kenbe yon bon pwogram espirityèl
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1998
km 12/98 p. 3-4

Annou konstwi lavi nou toutotou sèvis Jewova

1 Jezi te konpare oditè li yo ak de kalite konstriktè. Youn te konstwi lavi li sou mas wòch obeyisans alega Kris la, e li te an mezi fè fas ak tanpèt opozisyon ak tribilasyon. Lòt la te konstwi sou sab dezobeyisans egoyis, e li pa t an mezi kanpe lè pwoblèm yo vini (Matye 7:24-27). Viv nan finisman sistèm de choz sa a fè nou rankontre plizyè tanpèt advèsite. Nan orizon an, nway tenèb gwo tribilasyon an ap rasanble prese prese. Èske n ap andire jiska lafen ak lafwa nou entak (Matye 24:3, 13, 21) ? Sa depann anpil de fason n ap konstwi lavi nou kounye a. Donk, li ijan pou nou mande tèt nou : ‘ Èske m ap konstwi lavi kretyen mwen yon fason solid, toutotou yon sèvis nan obeyisans pou Bondye ?’

2 Ki sa sa vle di konstwi lavi nou toutotou sèvis Jewova ? Sa vle di mete Jewova menm nan sant lavi nou. Sa enplike pou nou konsantre nou sou Wayòm nan, kòm bagay ki pi enpòtan pou nou. Sa egzije pou nou obeyi Bondye chak jou, nan tout aktivite lavi nou. Sa mande pou nou konsakre nou afon nan etidye Labib pèsonèlman, avèk fanmi nou e avèk kongregasyon an. Sa mande tou pou nou konsakre nou afon nan predikasyon. Konsa, n ap fè bagay sa yo vin priyorite nou (Eklezyas 12:13 ; Matye 6:33). Yon vi nan obeyisans konsa, ap fè nou vin gen yon lafwa solid tankou yon mas wòch, yon lafwa ki pap efondre devan nenpòt tanpèt advèsite ki ta ka frape nou.

3 Se yon plezi pou nou wè plizyè milyon moun, avèk konfyans, ap konstwi lavi yo ak esperans yo pou lavni toutotou sèvis Bondye, menm jan Jezi te fè a (Jan 4:34). Yo rete kole sou yon pwogram aktivite teyokratik ki solid e, kòm rezilta, yo jwenn anpil benediksyon. Yon manman te esplike ki jan li menm avèk mari li yo te reyisi elve de pitit gason yo nan sèvis Jewova : “ Laverite te ranpli lavi nou : ale nan tout kongrè, prepare reyinyon, asiste reyinyon, epi fè predikasyon vin yon aspè regilye nan lavi nou ”. Mari li ajoute : “ Laverite se pa senpman yon pati nan lavi nou, li se lavi nou. Tout lòt bagay vire toutotou li ”. Èske nou menm se konsa nou mete sèvis Jewova kòm priyorite ki pi wo nan fanmi nou ?

4 Bati yon pwogram pratik pou chak semèn : Òganizasyon Jewova a ede nou suiv yon bon pwogram espirityèl lè li òganize senk reyinyon chak semèn. Kretyen k ap konstwi lavi yo toutotou adorasyon y ap bay Jewova a, planifye afè pèsonèl yo ak afè fanmi yo yon fason pou yo asiste tout reyinyon sa yo ki gen yon kokenn enpòtans. Yo pa pèmèt bagay ki gen mwens enpòtans anpeche yo la regilyèman.— Filipyen 1:10 ; Ebre 10:25.

5 Kretyen ki gen matirite rekonèt menm jan li enpòtan pou yo manje regilyèman chak jou, li enpòtan anpil tou pou yo tabli yon pwogram byen presi pou yo fè etid pèsonèl, etid familyal, san yo pa bliye preparasyon reyinyon yo (Matye 4:4). Èske nou ta ka rezève ant 15 a 20 minit chak jou pou nou fè etid pèsonèl ? Sa ki enpòtan, se pa kite lòt bagay pran pye sou tan nou te rezève pou nou etidye. Fè sa vin yon abitid itil. Sa ka mande pou nou leve pi bonè chak maten. Gen 17 000 manm fanmi Betèl nan lemonnantye ki leve bonè nan maten pou yo egzamine tèks pou jounen an. Natirèlman, pou nou leve bonè, fòk n al dòmi nan yon lè ki rezonab, pou nou ka anfòm e pou nou ka byen dispoze pou nou kòmanse lòt jounen an.

6 Si ou se yon pè de famiy, pran inisyativ pou w planifye e pou w òganize yon pwogram aktivite teyokratik pou fanmi w. Gen kèk fanmi ki li Labib, Anyè, oubyen lòt piblikasyon, pandan y ap detann yo apre yo fin soupe. Anpil paran ki wè pitit yo grandi pou yo vin kretyen ki solid espirityèlman, di youn nan bagay ki te pèmèt yo gen siksè, se abitid yo te genyen nan fanmi an pou yo chita yon kote apa, yon sware pa semèn, pou yo pase yon bon moman espirityèl ansanm. Yon papa ki te konn fè sa deklare : “ Mwen santi etid familyal nou te konn fè regilyèman chak mèkredi swa a, sa gen 30 an, kontribye anpil nan pwogrè espirityèl pitit nou yo ”. Twa pitit li yo te batize bonè, e apre sa yo te antre nan sèvis a plen tan. Anplis de etid familyal la, fanmi yo kapab fè seyans egzèsis pou predikasyon, oubyen yo repete patisipasyon y ap genyen nan reyinyon an, e yo ka gen lòt aktivite agreyab ansanm.

7 Nan pwogram ou pou semèn nan, èske ou ‘ rachte tan ’ pou predikasyon (Kolosyen 4:5) ? Pifò nan nou ap mennen yon lavi chaje ak reskonsablite nan fanmi nou epi reskonsablite nan kongregasyon nou. Si nou pa pran dispozisyon byen presi pou nou patisipe nan aktivite predikasyon ak ansèyman chak semèn, l ap fasil anpil pou lòt bagay pran plas aktivite esansyèl sa a. Pwopriyetè yon gwo antrepriz elvay te deklare : “ Bò 1944, mwen te pran konsyans sèl fason pou m patisipe nan sèvis la se te pwograme yon jou espesyal pou li. Jis jodi a, mwen toujou rezève yon jou nan semèn nan pou sèvis la ”. Yon kretyen ki ansyen remake lè li gen yon pwogram byen etabli pou èv temwayaj la, sa pèmèt li pase an mwayèn 15 è chak mwa nan predikasyon. Si li gen yon travay pèsonèl nan samdi, li planifye pou li fè li apre li fin preche nan maten. Èske nou menm ak fanmi nou kapab rezève omwen yon jou, chak semèn, pou predikasyon ? Èske nou ka aji dekwa pou sa vin fè pati liy lavi espirityèl nou ?— Filipyen 3:16.

8 Egzamine okipasyon nou nan lavi : Gen plizyè bagay ki ka anpeche nou konstwi lavi nou toutotou sèvis Jewova. Gen sikonstans nou pa t prevwa ki ka deranje pwogram nou te bati ak anpil swen pou etid, reyinyon ak predikasyon. E, Satan, Advèsè nou an, ap fè tout sa li kapab pou li “ bare wout nou ”, pou li kontrekare pwojè nou (1 Tesalonisyen 2:18 ; Efezyen 6:12, 13). Pa kite obstak sa yo dekouraje w, epi fè w abandone. Fè kèlkeswa ajisteman ki bezwen fèt la pou respekte aktivite teyokratik ou te planifye. Detèminasyon ak pèseverans nesesè pou nou akonpli sa ki vrèman gen valè.

9 Nou pa dwe pèmèt enfliyans monn nan ak move enfliyans lachè nou ki enpafè, fè nou kòmanse konsakre plis tan ak plis atansyon nan aktivite ki pa espirityèl. Li nesesè pou nou egzamine tèt nou. Poze tèt nou kesyon sa yo : ‘ Èske lavi mwen vin pèdi ekilib tikras pa tikras, oubyen èske li vin san objektif, jan li te ye anvan ? Èske mwen kòmanse konstwi lavi m toutotou bagay ki nan monn sa a, k ap pase yo (1 Jan 2:15-17)? Ki kantite tan mwen pase nan okipasyon pèsonèl mwen, nan vwayaje pou plezi, nan aktivite espò oswa nan lòt divètisman tankou gade televizyon, navige sou Entènèt, an konparezon ak tan mwen pase nan aktivite espirityèl ?’

10 Si w santi lavi w vin ankonbre ak pi plis aktivite ki pa esansyèl, ki sa ki dwe fèt ? Menm jan Pòl te lapriyè pou “ redresman ” frè li yo, oubyen pou “ retablisman ” yo, poukisa w pa sipliye Jewova pou li ede w remete sèvis li nan sant lavi w (2 Korentyen 13:9, 11, nòt anba paj) ? Ansuit, se pou w detèmine pou w respekte rezolisyon w pran an, epi se pou w fè ajisteman nesesè (1 Korentyen 9:26, 27). Jewova ap ede w evite vire adwat oubyen agoch nan sèvis w ap ba li nan obeyisans. — Konpare ak Izayi 30:20, 21.

11 Rete okipe nan sèvis jwaye pou Bondye a : Plizyè milyon moun ap kouri dèyè bonè ak tout fòs yo, pou yo annik dekouvri nan finisman lavi yo, bagay materyèl yo yo t ap pousuiv ak pèsistans la, pa t pote yon bonè dirab pou yo. Se kouri yo t ap “ kouri dèyè van ”. (Eklezyas 2:11.) Yon lòt bò, lè nou kenbe lavi nou santre sou Jewova, lè nou ‘ toujou mete li devan nou ’, nou jwenn yon satisfaksyon pwofon (Sòm 16:8, 11). Sa rive konsa, paske Jewova se prensipal rezon egzistans nou (Revelasyon 4:11). San li, Bondye ki gen bèl pwogram pou nou an, lavi pa gen sans. Sèvi Jewova ranpli lavi nou ak aktivite itil, ki gen objektif e k ap pwofitab ni pou nou ni pou lòt moun yon mànyè dirab, wi, etènèl.

12 Li enpòtan pou nou pa vin satisfè de tèt nou epi pou nou pèdi sans ijans la anrapò ak lafen monn Satan an k ap pwoche ak rapidite. Pwennvi nou sou lavni gen enfliyans sou fason n ap viv toulejou. Nan epòk Noye a, moun ki pa t kwè t apral gen yon delij inivèsèl, “ pa t atantif ” e yo te mete okipasyon pèsonèl yo tankou manje, bwè ak marye nan sant lavi yo, jiskaske delij la “ pote yo tout ale ”. (Matye 24:37-39.) Jodi a, moun ki santre lavi yo sou monn sa a, pral wè esperans yo pou lavni disparèt devan yo nan pi gwo destriksyon lèzòm poko janm wè : “ jou Jewova a ”. — 2 Pyè 3:10-12.

13 Donk, kontinye konstwi lavi w toutotou Bondye vivan an, Jewova, e toutotou akonplisman volonte li. Nan lavi sa a, pa gen okenn envestisman ou te ka fè avèk yon Patwon ki merite konfyans nan menm pwen ak Jewova. Li pa ka bay manti, e l ap kenbe pwomès li yo (Tit 1:2). Li pa ka mouri, e pa gen anyen ki sere lakay Jewova k ap pèdi (Abakouk 1:12 ; 2 Timote 1:12). Lavi nan obeyisans ak lafwa n ap konstwi jodi a, se senpman kòmansman yon lavi ki pral dire etènèlman nan sèvis jwaye pou Bondye ere nou an ! — 1 Timote 1:11 ; 6:19.

[Antrefilè nan paj 3]

“ Laverite se pa senpman yon pati nan lavi nou, li se lavi nou. Tout lòt bagay vire toutotou li. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje