Ki jan pou manm fanmi yo byen kopere youn ak lòt : Nan etidye Labib
1 Laverite pote yon diplis sou sans ak bi reyèl lavi nan yon fanmi. Men pou gen siksè nan sèvi Jewova, sa pap vini otomatikman. Sa mande tan ak efò pou yon moun mete yon mezon kanpe solid nan domèn espirityèl. Gen yon gwo bezwen pou manm fanmi yo travay sere kole, ansanm, nan sans sa a. Atik sa a se premye pati nan yon seri twa atik ki pral konsantre sou fason pou fanmi yo kopere nan devlope bonjan abitid nan fason yo etidye.
2 Nan li Labib chak jou : Pwovèb 24:5 deklare : “ Yon nonm ki gen konesans ranfòse pisans li. ” Konesans nou pran lè nou li Pawòl Bondye a regilyèman, ba nou fòs enteryè nesesè pou nou reziste devan atak Satan ap fè kont espirityalite nou (Sòm 1:1, 2). Èske chak jou nou li Bib la ansanm an fanmi ? Program Lekòl ministè teyokratik la gen yon “ Programme complémentaire de lecture de la Bible ” ladann pou chak semèn. Pou suiv pwogram sa a, sa ap pran sèlman di minit chak jou sou tan fanmi an. Chwazi yon moman konvnab, tèlke lè dejne nan maten, apre nou fin soupe, oubyen anvan n al dòmi, pou nou li Bib la, e pou nou egzamine tèks pou jounen an, nan bwochi Examinons les Écritures chaque jour. Fè sa tounen yon abitid toulejou nan lavi fanmi nou.
3 Nan etidye ansanm chak semèn : Pou yon fanmi, moman ki pi enpòtan nan semèn nan ta dwe etid familyal la. Chak manm ta dwe soutni pwogram sa a lè li patisipe avèk anpresman nan etid la. Alatèt fanmi an ap pran bezwen fanmi an an konsiderasyon, lè l ap chwazi sijè pou yo etidye, jou, lè ak dire etid la. Annou Bay etid familyal la priyorite nan pwogram nou pou semèn nan. Pa kite bagay ki gen mwens enpòtans pran pye sou li. — Filipyen 1:10, 11.
4 Gen yon papa, òm dafè, ki te konn abitye dekonekte telefòn lakay li, paske souvan li te konn resevwa apèl telefòn ki gen rapò ak aktivite li pandan etid familyal la. Si gen kliyan ki vini nan kay la, li te konn envite yo nan etid la oswa pou yo rete tann jiskaske li fini. Papa sa a te pran detèminasyon pou li pa kite anyen pran pye sou etid familyal la. Sa te fè yon enpresyon pwofon sou pitit li yo e sa pa t anpeche biznis li mache byen.
5 Ala bon sa bon lè manm fanmi yo kopere nan aktivite espirityèl ! Lè nou fidèl nan efò nou fè pou patisipe anplen nan etid biblik familyal la, sa ap fè nou jwenn benediksyon nan men Jewova. — Sòm 1:3.