Fè yon pwogram ki pratik pou fanmi an
1 Nan Sèmon sou montay la, Jezi te bay moun ki t ap koute l yo egzòtasyon sa a : “ Kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye. ” (Mat. 6:33). Yon fason pratik nou ka planifye aktivite fanmi an pou nou bay bagay espirityèl yo priyorite, se lè nou gen yon pwogram ki ekri. Pran kèk minit pou w fè pwòp pwogram pou fanmi w suiv chak semèn, etan w sèvi ak pwogram vid ki nan paj 6 paj mitan Ministè Wayòm sa a. Gen moun ki gendwa dekoupe ti kare ki anba pwogram vid nan epi kole yo sou pwogram nan kòm aktivite pou fanmi an reyalize. Gen lòt moun ki gendwa prefere ekri aktivite sa yo alamen.
2 Echantiyon pwogram ki pi ba a ka itil nou etan n ap fè pwogram pa nou. N ap remake li gen sèlman kat aktivite fondamantal ladan l : 1) asistans reyinyon kongregasyon an, 2) predikasyon an fanmi, 3) etid familyal, epi 4) egzamen tèks pou jounen an. Lè w mete pwen sa yo nan pwogram ou, sa ka ede w “ verifye bagay ki pi enpòtan yo ”. (Fil. 1:10.) N ap jwenn lòt sijesyon sou kat domèn sa yo nan paj 4-5.
3 Ou pa oblije rete nan limit kat aktivite sa yo sèlman, nan kad pwogram etid familyal ou. Si fanmi an konn prepare kèk reyinyon ansanm, note sa sou pwogram pa w la. Si nou konn li kèk pati nan Bib la ansanm apre nou fin egzamine tèks pou jounen an oswa si nou konn fè sa yon lòt lè, make sa. Si nou abitye pran kèk ti detant an fanmi, ou gendwa vle mete l nan pwogram ou tou.
4 Adapte pwogram pou fanmi an pou l reponn ak bezwen e ak sitiyasyon tout moun nan kay la. Detanzantan, chèche wè ki jan pwogram nan ap mache, epi fè ajisteman ki nesesè.
[Tablo nan paj 3]
Echantiyon pwogram pou fanmi an
Maten Aprèmidi Aswè
Dim. Tèks pou jounen an
Diskou piblik ak
etid Toudegad
Len. Tèks pou jounen an Family Study
Madi Tèks pou jounen an Congregation
Etid liv
Mèk. Tèks pou jounen an
Jedi Tèks pou jounen an Lekòl
ministè teyokratik
ak reyinyon
sèvis
Van. Tèks pou jounen an
Sam. Tèks pou jounen an
Predikasyon
an fanmi
(Jounen peryodik)
[Tablo nan paj 6]
Pwogram pou fanmi an
Maten Aprèmidi Aswè
Dim.
Len.
Madi
Mèk.
Jedi
Van.
Sam.
.................................................................
Tèks pou Tèks pou Tèks pou Tèks pou Tèks pou Tèks pou Tèks pou
jounen an jounen an jounen an jounen an jounen an jounen an jounen an
Diskou Lekòl Etid Etid Predikasyon Lekti Detant
piblik ministè liv familyal an Labib an
ak teyokratik fanmi an fanmi fanmi
etid an fanmi
Toudegad ak reyinyon
sèvis