Chèf fanmi : fè sa nou kapab pou nou kenbe yon bon pwogram espirityèl
1 Kwak Danyèl t ap viv depi plizyè dizèn ane nan mitan idolatri ak koripsyon ki te gen nan Babilòn, yo te konnen l kòm yon moun ki t ap sèvi Jewova “ ak pèseverans ”. (Dan. 6:16, 20.) Ki jan li te rive kenbe espirityalite li ? Dapre sa Bib la rapòte, li te gen yon bon pwogram ki te pèmèt li akonpli aktivite ki gen rapò ak vrè adorasyon an. Pa egzanp, li te gen abitid priye twa fwa pa jou nan chanm li, ki te nan yon chanmòt (Dan. 6:10). Mete sou sa, nou sèten Danyèl te tabli yon bon pwogram pou lòt aktivite espirityèl, tankou lekti Lalwa. Konsa, lè Danyèl te vin anfas yon eprèv ki mete vi li an danje, li te rete fèm nan atachman li pou Jewova, e Jewova te fè yon mirak pou delivre l. — Dan. 6:4-22.
2 Menm jan an tou jodi a, nou dwe fè efò pou nou “ rete je klè ak yon pèseverans total ”. (Efe. 6:18.) N ap viv nan yon monn ki “ anba pouvwa mechan an ”. (1 Jan 5:19.) Sanzatann, nou ka jwenn opozisyon ak tribilasyon k ap mete fwa nou aleprèv. Pandan gwo tribilasyon an, sèvitè Bondye yo pral sibi yon kokenn atak nan men Gòg ki sot nan peyi Magòg e l ap sanble yo pap ka chape anba li. Sa pral mande pou nou gen yon konfyans total nan Jewova. — Eze. 38:14-16.
3 Nan kongrè distri ki te fèt an 1998, dram nan te gen tit sa a : “ Fanmi : pran abitid li Labib chak jou. ” Nan entwodiksyon dram sa a, yo te di pawòl sa yo : “ Youn nan bagay ki esansyèl pou fanmi yo fè, se pran abitid li Labib epi etidye l ansanm. Lè fanmi yo fè sa regilyèman e yo fè l yon fason pou lekti Labib la vin enteresan, sa gen yon gwo efè sou yo. Sa ogmante konesans yo, sa fòtifye fwa yo e sa ba yo bon egzanp pou yo suiv, egzanp gason ak fi nan tan lontan ki te fidèl e ki ka pouse yo pran yon pozisyon fèm pou laverite. ” Pandan n ap konsidere plizyè aspè ki genyen nan yon bon pwogram espirityèl, li ta bon pou chèf fanmi yo chèche wè youn oubyen de domèn kote yo ka amelyore pwogram espirityèl fanmi pa yo.
4 Egzamine Pawòl Bondye chak jou : “ Lè pap gen anyen ankò ki opoze ak dominasyon wayòm Bondye a, epi lè volonte Bondye pral fèt sou tè a menm jan li fèt nan syèl la, ni moun ki mechan, ni bèt ‘ pa pral fè okenn mal ni yo pa pral lakòz okenn ravaj ’. ” (Iza. 11:9 ; Mat. 6:9, 10). Nou jwenn pawòl sa yo nan bwochi Examinons les Écritures chaque jour — 2001, nan kòmantè yo te fè sou vèsè yo te mete pou jou 11 septanm nan. Se pa ti rekonfòtan pawòl sa yo te rekonfòtan ! Antanke chèf fanmi, èske ou gen abitid egzamine tèks pou jounen an ak kòmantè yo fè sou li a ansanm ak fanmi w ? Vrèman, sa ka pote anpil byenfè. Si li pa posib pou tout fanmi an reyini ansanm nan maten, petèt ou ka fè sa pita nan jounen an. Men ki sa yon papa deklare : “ Yon moman ki te apwopriye pou nou egzamine tèks pou jounen an, se te lè n ap soupe. ”
5 Si ou deja gen yon bon pwogram pou w egzamine tèks pou jounen an ansanm ak fanmi w, nou felisite w. Petèt ou ka tire plis byenfè nan moman sa a si ou tou pwofite li yon pòsyon nan Bib la. Gen moun ki pran abitid pou yo li tout chapit kote tèks la soti a. Gen lòt ki chwazi yon liv nan Bib la epi yo li chapit yo youn apre lòt. Si manm fanmi w li Labib chak jou, sa ap ede yo devlope krent pou yo pa fè Jewova fache, krent ki pwofitab pou yo, e sa ap fè yo plis anvi fè volonte l. — Det. 17:18-20.
6 Pwogram lekti Labib fanmi an ak egzamen tèks pou jounen an ap pi pwofitab toujou si ou ka rezève kèk minit pou w pale sou fason manm fanmi an ka mete sa y ap egzamine a an pratik. Men ki sijesyon nou jwenn nan liv École du ministère la, nan paj 60 : “ Ou kapab [...] chwazi kèk vèsè nan pwogram lekti Labib pou semèn nan, pale sou siyifikasyon yo epi poze kèk kesyon tankou : ‘ Ki jan sa nou sot li la a ka gide nou ? Ki jan nou ka sèvi ak vèsè sa yo nan predikasyon ? Ki sa yo aprann nou sou Jewova ak sou fason li aji ? Ki jan sa ka fè nou vin gen plis lanmou pou li ? ’ ” Si ou pran abitid gen konvèsasyon espirityèl konsa ak fanmi w, sa ap ede tout moun nan kay la pou yo “ kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye ”. — Efe. 5:17.
7 Etid familyal : Youn nan fason chèf fanmi yo ka montre pitit yo kesyon espirityèl pase anvan tout lòt bagay, se lè yo fè yon etid familyal regilyèman chak semèn. Men ki sa yon jèn gason sonje : “ Gen de lè, papa m konn sitèlman fatige lè l sot travay, se apèn si l ka ouvri je l. Men, etid la te fèt kanmèm. Sa te ede nou konprann se yon bagay ki enpòtan. ” Timoun yo, bò kote pa yo tou, kapab bay kolaborasyon yo pou dispozisyon sa a mache byen. Nan yon fanmi kote gen nèf timoun, tout moun te konn leve a senkè dimaten pou yo fè etid familyal la, paske pa t gen okenn lòt lè ki te bon pou tout moun.
8 Pou etid familyal la bay bon rezilta, chèf fanmi an dwe ‘ toujou ap veye sou ansèyman l ap bay ’. (1 Tim. 4:16.) Men ki sa liv École du ministère la di nan paj 32 : “ Pou yon etid familyal efikas, fòk chèf fanmi an byen konnen bezwen fanmi an. Ki pwogrè manm fanmi w ap fè nan domèn espirityèl ? [...] Lè w ap preche avèk timoun ou yo, èske yo santi yo alèz pou yo prezante tèt yo kòm Temwen Jewova devan kamarad yo ? Èske yo renmen pwogram lekti Labib ak pwogram etid familyal ki tabli nan kay la ? Èske yo vrèman renmen chemen Jewova trase pou yo a e èske y ap suiv li ? Si w obsève fanmi w avèk atansyon, sa ap pèmèt ou wè, antanke chèf fanmi, ki sa ou dwe fè pou w ede chak moun nan fanmi an rive gen kalite espirityèl epi kontinye manifeste kalite sa yo. ”
9 Reyinyon : Yon lòt aspè ki dwe gen yon plas enpòtan nan pwogram espirityèl fanmi an se prepare reyinyon yo epi asiste yo (Ebre 10:24, 25). Pafwa, ou ka anmezi prepare kèk nan reyinyon yo ansanm ak fanmi w. Olye pou w tann dènye moman an pou w prepare, èske ou pa ta ka prepare lontan alavans ? Nan domèn sa a, yon pwogram ki byen bati ap pèmèt fanmi an prepare pi byen epi tire plis pwofi nan reyinyon yo. — Pwo. 21:5.
10 Pou yon pwogram espirityèl bay bon rezilta, se pou li efikas e se pou w toujou respekte l. E si sitiyasyon w fè li difisil pou w prepare tout reyinyon yo ? Men ki sijesyon nou jwenn nan paj 31 liv École du ministère la : “ Pyèj pou nou evite se rabache sijè yo jis pou nou bay tèt nou santiman nou te prepare oubyen, sa ki pi mal, pa prepare ditou paske nou wè nou pap gen tan prepare tout. Olye de sa, chèche wè ki reyinyon nou ka prepare epi prepare yo afon. Fè sa chak semèn. Apre yon ti tan, fè efò pou nou ajoute lòt reyinyon yo nan pwogram nan. ”
11 Lè fanmi yo rive bonè nan reyinyon, sa pèmèt yo prepare espri yo pou yo louwe Jewova e pou yo tire pwofi nan ansèyman li pral ba yo. Èske fanmi pa w gen abitid rive bonè nan reyinyon ? Sa mande bonjan planifikasyon ak kolaborasyon tout moun nan kay la. Si ou remake, lè jou reyinyon yo, toujou gen yon mache prese nan kay la, oubyen fanmi an anba presyon, èske ou pa ta ka modifye pwogram ki tabli nan kay la ? Èske gen kèk bagay nou te ka fè alavans ? Si yon moun nan fanmi an ap mouri anba travay, èske lòt moun pa ta ka ede l ? Èske sa t ap mete mwens presyon sou do fanmi an si tout moun te pare pou yo deplase yon ti kras pi bonè ? Bonjan planifikasyon ap pèmèt lapè reye ni nan fanmi an, ni nan kongregasyon an. — 1 Kor. 14:33, 40.
12 Predikasyon : Yon lòt aspè ki genyen nan yon bon pwogram espirityèl, se fikse jou ak lè pou fanmi an patisipe nan predikasyon. Men ki sa yon jèn gason ki rele Jayson rapòte : “ Nan fanmi pa m, nou te toujou konsakre samdi maten pou predikasyon. Pwogram sa a te bon pou mwen, paske plis mwen t ap preche, se plis m te vin wè bon rezilta predikasyon bay e se plis m te renmen preche. ” Anpil frè ak sè ki grandi nan yon fanmi Temwen Jewova remake menm bagay la : piske manm fanmi an te fikse yon lè pou y al nan predikasyon chak semèn, sa te ede yo pwogrese antanke minis kretyen.
13 Anplis de sa, lè manm fanmi an gen yon pwogram ki byen bati, sa ka fè yo jwenn plis jwa ak pi bon rezilta nan predikasyon. Ki jan sa ka rive fèt ? Men ki sijesyon nou jwenn nan Toudegad 1ye jiyè 1999, paj 21 : “ Èske pafwa, nan etid familyal la, ou konn pran tan pou w ede manm fanmi w prepare yo pou predikasyon ? Sa ka pote anpil byenfè (2 Timote 2:15). Sa ka fè predikasyon vin pi enpòtan nan je yo e sa ka ede yo jwenn bon rezilta. Tanzantan, ou ka rezève tout yon etid familyal pou w fè yon preparasyon nan sans sa a. Pi souvan, ou ka pran yon ti moman nan fen etid familyal la oubyen yon lòt moman nan semèn nan pou w pale sou kèk aspè nan predikasyon. ” Èske fanmi pa w te eseye fè sa ?
14 Kontinye fè pwogrè : Apre tout sa nou fin di la a, èske ou remake gen kèk domèn kote fanmi pa w anfòm ? Felisite manm fanmi an epi kontinye travay pou yo fè plis pwogrè toujou nan domèn sa yo. Si ou wè gen plizyè domèn kote yo bezwen pwogrese, chwazi youn oubyen de ladan yo epi travay sou yo. Lè ou fin byen travay sou aspè sa yo, ajoute youn oubyen de lòt ankò. Se pou w pozitif e se pou w rezonab (Fil. 4:4, 5). Sa mande anpil efò pou w tabli yon bon pwogram espirityèl pou moun lakay ou, men sa vo lapèn, paske Jewova ban nou garanti sa a : “ Kanta pou moun k ap suiv yon chemen ki byen trase, m ava fè l wè delivrans Bondye. ” — Sòm 50:23.