Kiltive bonjan abitid, epi rekòlte anpil benediksyon
1. Poukisa li pwofitab pou w egzamine abitid ou genyen nan domèn espirityèl ?
1 Lè w te fèk vin kretyen, sandout ou te fè anpil efò pou w devlope bonjan abitid espirityèl tankou etidye Labib, asiste reyinyon, patisipe nan predikasyon, epi lapriyè. Jewova te beni efò w te fè yo, e kòm rezilta, ou te grandi espirityèlman. Kounye a, petèt gen plizyè ane ki pase depi w te batize. Èske w kenbe bonjan abitid espirityèl ou te devlope apre w te vin yon kretyen ?
2. Ki byenfè nou jwenn lè nou li Labib chak jou ?
2 Egzamine abitid ou genyen : Èske w gen abitid li yon pòsyon nan Pawòl Bondye a chak jou ? Se pa ti benediksyon nou resevwa lè nou fè sa (Joz. 1:8 ; Sòm 1:2, 3) ! Nan tan lontan ann Izrayèl, chak wa te dwe li kopi Lalwa li te genyen an “ toule jou nan lavi l ”. E ki byenfè li t ap jwenn ? Li t ap vin gen yon kè ki enb e li t ap aprann krenn Jewova pou l pa vire do bay kòmandman Li yo (Det. 17:18-20). Menm jan an tou jodi a, lè nou li Labib chak jou, sa ede nou rete san tach e inosan nan mitan monn mechan sa a ki kòwonpi. Li ede nou tou pou nou ekipe totalman pou ministè a. — Fil. 2:15 ; 2 Tim. 3:17.
3. Ki byenfè nou jwenn lè nou asiste reyinyon yo regilyèman ?
3 Jezi te gen abitid ale nan sinagòg, kote yo te konn egzamine Ekriti yo (Lik 4:16). Se sèten, sa te fòtifye l pou l fè fas ak eprèv li t apral gen pou l andire yo. Nou menm tou, nou jwenn fòs nan enstriksyon espirityèl yo bay nan reyinyon kongregasyon an e nan bonjan “ echanj ankourajman ”. (Wom. 1:12.) Lè nou rasanble ansanm ak frè nou yo, sa ede nou andire difikilte ki gen nan dènye jou sa yo (Ebre 10:24, 25). Èske w toujou gen abitid asiste tout reyinyon yo ?
4. Ki byenfè nou jwenn lè nou preche chak semèn ?
4 Pawòl Bondye enspire a di nou apot yo te konn patisipe nan predikasyon bon nouvèl la “ chak jou, ni nan tanp lan ni kay an kay ”. (Tra. 5:42.) Menm lè nou pa kapab preche chak jou, èske nou kapab fè sa vin yon abitid pou nou patisipe nan yon fasèt kèlkonk nan ministè a chak semèn ? Se sèten, si nou fè sa, n ap vin pi efikas lè n ap sèvi ak Pawòl Bondye a, e sandout n ap fè eksperyans ankourajan, etan n ap pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun.
5. Poukisa li esansyèl pou nou priye Jewova regilyèman ?
5 Pwofèt Dànyèl te jwenn anpil benediksyon poutèt li t ap sèvi Jewova “ ak pèseverans ” diran tout vi l. Li te konn priye Jewova regilyèman (Dàn. 6:10, 16, 20). Menm jan an tou, lè nou chèche èd Jewova regilyèman pa mwayen lapriyè, l ap beni nou, l ap ban nou lespri sen l (Lik 11:9-13). Anplis de sa, Jewova ap reponn priyè nou, l ap pwoche bò kote nou e l ap pèmèt nou gen yon relasyon entim ak li (Sòm 25:14; Jak 4:8). Ala yon kokenn rekonpans ! Kidonk, annou travay avèk dilijans pou nou kenbe bonjan abitid espirityèl, e n ap jwenn anpil benediksyon nan men Jewova.