Èske ou menm ou tire pwofi ?
1 Gen plizyè milyon moun jodi a ki ta renmen konnen ki jan pou yo rezoud pwoblèm yo genyen e ki jan pou yo viv ere. Yo devore lekti liv k ap ba yo èd pèsonèl, oswa yo konte sou gwoup ak òganizasyon k ap bay konsèy pou lavi yo amelyore. Petèt sèten nan yo kapab siyale kèk pwofi tou piti yo te rive jwenn. Poutan, lè w jije kalite lavi moun ap mennen jodi a, an jeneral èske yo jwi yon lavi pezib ki bay anpil satisfaksyon grasa pwogram ansèyman lèzòm ? Nou ka di non se pa vre ! — 1 Kor. 3:18-20.
2 Nan yon lòt sans, Kreyatè nou an bay enstriksyon gratis ki pi itil la pou tout moun ki vle koute. Jewova vle tout moun tire pwofi nan ansèyman l lan. Avèk jenewozite, li bay Pawòl enspire li a pou gide limanite nan sa ki dwat, epi li fè yo pwoklame bon nouvèl Wayòm li an sou tout latè (Sòm 19:7, 8 ; Mat. 24:14 ; 2 Tim. 3:16). Pou n gen yon lavi ere toutbonvre, sa mande pou nou okipe nou de kòmandman Jewova yo. — Iza. 48:17, 18.
3 Konsèy Jewova bay yo pi siperyè lontan pase sa nou jwenn nan nenpòtkèl liv pou bay moun èd pèsonèl, oswa metòd pou pwogrè pèsonèl lemonn ofri. Nou kapab jwenn bonjan èd epi tire pwofi ki dirab, si nou pwofite dispozisyon Jewova yo anplen, jan Pawòl li rapòte yo a epi jan òganizasyon l lan anseye yo a. — 1 Pyè 3:10-12.
4 Tire pwofi pa w nan reyinyon kongregasyon an : Jodi a, Jewova enterese anpil pou l aprann nou chemen l yo, e n ap tire pwofi si nou okipe nou de enstriksyon li bay. Senk reyinyon nou gen chak semèn yo demontre tout lanmou Jewova genyen. Lè nou asiste reyinyon kongregasyon an, konesans nou sou Bondye vin ogmante. Nou aprann ki jan pou n pwoteje tèt nou kont sa ki mal nan pwoche pi pre Jewova. Nan fason sa a nou santi nou jwenn ankourajman.
5 Gen plis toujou. Nan reyinyon kongregasyon an nou kapab “ elaji ” nou (2 Kor. 6:13). Sa mande pou n chèche konnen lòt moun yo nan kongregasyon an. Nou benefisye yon echanj ankourajman, tèlke apòt Pòl te ekri sou sa nan lèt pou Women yo (Wom. 1:11, 12). Lè l te ekri Ebre yo, li te egzòte yon fason fèm moun petèt ki te pran abitid abandone lakonpayi kretyen an. — Ebre 10:24, 25.
6 Bonjan satisfaksyon nan lavi a gen rapò dirèk ak enterè nou pou byennèt lòt moun. Yo ankouraje nou chèche fason pou n kontribye pou lòt moun jwenn lebonè. Se sèten, reyinyon nou yo la pou pwofi pèsonèl nou ak pwofi moun nou devlope yon amitye ki sen avèk yo. Sa yo mande nou se bay patisipasyon nou ak tout senserite.
7 Apòt Pòl te touche yon pwen konsa nan konsèy li t ap bay Timote a lè l te ekri : “ Se pou w bay tèt ou abitid gen atachman pou Bondye kòm objektif. ” (1 Tim. 4:7). Nou kapab mande tèt nou : ‘ Èske mwen menm m ap bay tèt mwen bon abitid ? Èske m aprann tire pwofi nan sa m tande nan reyinyon kongregasyon an ? ’ Repons nou an se wi l ap ye, si nou okipe nou de sa n ap tande nan reyinyon kongregasyon an e si nou fè efò mete sa n ap aprann yo an pratik. Avèk je moun ki gen lafwa, nou dwe kapab wè pi lwen pase ansèyman frè yo ap bay la, epi se pou n wè Jewova, gran pwofesè pèp li a. — Iza. 30:20.
8 Lekòl ministè teyokratik ak reyinyon sèvis la : Se de reyinyon yo prevwa pou ede nou vin efikas nan ministè kretyen an. Se sa Lekòl ministè teyokratik la ye : yon lekòl elèv ki ladan l yo toujou ap resevwa enstriksyon ak konsèy. Ou gen okazyon demontre pwogrè w kòm yon oratè piblik e kòm yon anseyan Pawòl Bondye. Men, pou w pwofite lekòl la plis, se pou w enskri, asiste li, patisipe regilyèman ladan l, epi mete tout kè w nan patisipasyon w yo. Pou w pwogrese se pou w asepte konsèy yo ba ou, epi mete yo an pratik.
9 Reyinyon sèvis la aprann nou enpòtans ministè kretyen an genyen, epi li montre fason pou nou patisipe nan travay fè disip la. Èske ou menm ak fanmi w, nou tire pwofi nètale nan ansèyman y ap bay nan de reyinyon sa yo ? Men remak yon koup kretyen marye fè : “ Nan yon reyinyon sèvis nou te tande yo di nou ta dwe fè tèks pou jounen an an fanmi. Nou pa t konn fè sa, men kounye a nou fè l. ” Ki jan yo menm yo te tire pwofi ? Men sa yo admèt : “ Nou twouve konvèsasyon nou yo vin pi agreyab lè nou atab n ap manje. Pa gen dispit ankò lè n ap dine. ” Èske menm timoun piti yo nan fanmi an tire pwofi nan reyinyon yo ? Wi. Men sa manman an di : “ Se bagay klè, reyinyon yo fè gwo gwo efè sou timoun nou yo. Te gen yon lè nou te bare ti gason nou an ki gen sizan k ap bay manti. Men, nan semèn sa a, se te sou mansonj diskou enstriksyon an t ap pale. Depi sou jan tigason nou an te fè figi l, ou te ka wè li santi l koupab. Li voye je gade papa l e li rantre kò l nan chèz li te chita a afòs li te wont. Li te pran leson an, epi apresa nou pa t gen pwoblèm. ”
10 Yon sè pyonye di li kontan dèske yo bay sijesyon nan reyinyon sèvis la pou nou amelyore ministè nou. Poukisa ? Li esplike : “ Mwen vin tonbe nan yon woutin. Gen defwa m panse sa ki sijere nan Ministè Wayòm nan pap mache. Men nan reyinyon sèvis la, lè m tande nou ta dwe eseye l, avèk antouzyas m vin fouge pou m mete l an pratik. Sa vin fè ministè a pi enteresan ! ” Apre plizyè semèn l ap mete sijesyon an an pratik pou eseye kòmanse yon etid biblik nan premye pase a, li te kòmanse yon etid depi premye vizit la ak yon demwazèl ki t ap priye pou jwenn moun vin ede l.
11 Lè w ap tande yon diskou ki gen konsèy biblik ladan l sou chwa pèsonèl w ap fè, èske w santi se Jewova k ap pale dirèkteman avè w ? Se sa yon frè te santi. Li te di : “ Tou dènyèman pandan yon reyinyon, te gen yon frè nan yon diskou ki t ap dyaloge sou fòm divètisman ki bon pou kretyen ak fòm ki pa bon. Mwen te renmen gade bòks nan televizyon. Men, apre reyinyon an, m te deside lage espò sa a nan kategori divètisman ki pa bon pou kretyen. Konsa, m pa gade sa menm ankò. ” Wi, kwak frè sa a te devlope atirans pou yon espò ki vyolan, avèk imilite li te reyaji pou l suiv direksyon Jewova bay. — Sòm 11:5.
12 Reyinyon piblik, etid La Tour de Garde ak etid liv : Diskou piblik n ap koute chak semèn yo etann sou divès sijè ki nan Bib la. Ki sa w tire nan diskou sa yo ? Yon mari ki kretyen te fè kòmantè sou pwofi l te tire, li di : “ Te gen yon diskou piblik ki te mete aksan sou tout fwi lespri yo. Anrapò avèk pwòp tèt li, oratè a te fè konnen li t ap travay pou l kiltive fwi sa yo. Li chwazi yon kalite an patikilye, epi li travay sou li pandan yon semèn. Alafen semèn nan, li te reflechi sou fason l te fè pou l demontre fwi sa a nan aktivite toulejou li. Alòs li te travay sou yon lòt kalite nan semèn apre a. Mwen te renmen ide a, e mwen menm mwen te kòmanse fè konsa tou. ” Ala yon bèl fason pou moun mete sa l aprann an pratik !
13 Etid La Tour de Garde la aprann nou mete prensip Bib la an pratik nan divès sitiyasyon nan lavi a. Li ede nou gade lespri nou ak kè nou kalm malgre tèt chaje ki gen nan lavi a. Etid La Tour de Garde la ede nou tou pou nou ajou ak eklèsisman pwogresif k ap fèt sou verite a. Paregzanp, èske nou pa t tire pwofi nan etid La Tour de Garde 1e me 1999 la, nan atik : “ Il faut que ces choses arrivent ”, “ Que le lecteur exerce son discernement ”, epi “ Soyez vigilants et diligents ! ” Ki efè etid sa yo te fè sou ou pèsonèlman ? Èske aksyon w yo montre ou pran akè avètisman Jezi bay sou lavni an ? Èske w ap prepare w pou eprèv k ap vini yo lè nou va wè “ bagay abominab ki lakòz dezolasyon an [...] kanpe nan yon plas ki sakre ” a ? (Mat. 24:15-22.) Èske objektif ou yo ak fason w ap viv demontre se sangtifikasyon non Jewova ki bagay ki pi enpòtan pou ou, men se pa anpile byen materyèl ? Èske kounye a nou menm nou pa aprann tire pwofi nan etid La Tour de Garde ?
14 Reflechi sou jan nou aprann anpil nan etid liv la chak semèn. Pou lemoman n ap etidye liv biblik Danyèl la. Nan kat mwa nou gen pou etidye liv biblik sa a, èske nou pa wè lafwa nou ap grandi chak semèn ? Tankou Danyèl pwofèt byenneme Jewova a, n ap fòtifye lafwa nou dekwa pou n kapab andire.
15 Jewova ap anseye nou pou nou ka viv ak ke kontan : Nou evite anpil doulè lè nou okipe nou de kòmandman Jewova yo. Epitou, n ap wè sa sa vle di yon lavi ak kè kontan. Lè nou suiv direksyon Jewova bay, nou vin patisipan nan travay li a, non pa sèlman obsèvatè. E sila yo k ap fè travay Bondye a se moun ere yo ye. — 1 Kor. 3:9 ; Jak 1:25.
16 Reflechi seryezman sou fason w pral mete bagay ou tande nan reyinyon yo an pratik (Jan 13:17). Sèvi Bondye avèk antouzyas, ak tout kè w. Lajwa pral anvayi w. Lavi w pral vin pi rich, li pral gen plis sans. Wi, se ou menm menm ki pral tire pwofi.