Sèvis pyonye : Èske se pou wou ?
1 “ Mwen pa imajine mwen menm k ap fè yon lòt bagay. Se vre, mwen pa wè sa ki ta ka pwokire m menm jwa sa a. ” Kilès ki te pale kon sa ? Se youn nan plizyè santèn milye Temwen Jewova ki chwazi karyè sèvis a plen- tan ak kè kontan. Èske w deja mande, nan lapriyè, si sèvis pyonye fèt pou wou ? Piske nou vwe nou bay Jewova san sere kras, nou ta dwe sètènman reflechi pou nou konnen si nou pa ta kapab pase plis tan ap simaye bòn nouvèl Wayòm nan. Nan bi sa a, annou konsidere kèk kesyon anpil moun konn ap poze sou sèvis pyonye.
KESYON 1 : “ Yo di tout moun pa kapab pyonye. Kouman pou m fè konnen si sèvis sa a se pou mwen ? ”
2 Repons la depann de sitiyasyon ak reskonsablite biblik chak moun. Lasante oswa sitiyasyon yon moun pou kounye a ka pa pèmèt li konsakre 90 è pa mwa nan predikasyon. Pa egzanp, anpil nan sè fidèl nou yo se kretyèn madan marye, e manman pitit. Yo patisipe nan predikasyon souvan, otan yo kapab, e nan mezi sitiyasyon yo pèmèt yo. Chak ane, lè okazyon prezante, yo pyonye oksilyè youn oswa plizyè mwa. Kon sa, yo rekòlte lajwa lè yo patisipe pi plis nan sèvis la (Galat 6:9). Byenke li pa posib pou yo pyonye a plentan kounye a, yo kiltive lespri pyonye kanmenm. Epitou, pwoklamatris bòn nouvèl zele sa yo se yon benediksyon pou kongregasyon yo ye a.
3 Yon lòt bò, anpil frè ak sè ki pa gen si- tan obligasyon, ranje pwogram yo pou yo kapab pyonye lè yo chèche wè sa ki priyorite pou yo. E ou menm ? Èske ou se yon jèn kretyen ki fin fè klas ou ? Èske ou se yon madanm mari w gen dekwa okipe bezwen fanmi an kòmsadwa ? Èske ou marye epi ou pa gen pitit sou reskonsablite w ? Èske w pran pansyon ? Pyonye oswa pa pyonye, se yon desizyon pèsonèl. Kesyon pou nou poze, se : èske ou kapab òganize lavi w pou w rive pyonye ?
4 Satan sèvi ak sistèm li a, sistèm jan bagay yo ye a, pou anvayi lavi nou ak distraksyon, e pou fè nou lage kò nou nan egoyis. Si nou fè konviksyon nou pou nou pa fè bann ak monn nan, Jewova ap ede nou kontinye bay enterè Wayòm nan priyorite, e l ap ede nou sote sou tout privilèj sèvis teyokratik nou kapab atenn. Si nou kapab òganize nou pou nou pyonye, pou ki sa pou nou pa fè l ?
KESYON 2: “ Kouman pou m fè konnen mwen pap gen pwoblèm kòb pandan m nan sèvis a plentan ? ”
5 Fòk yon moun rekonèt kantite lè pou yon moun pase ap travay chak semèn pou l jwenn sa w ka rele nesesite lavi, se ogmante sa ap ogmante ane ann ane. Poutan, anpil moun pyonye depi plizyè dizèn ane, e Jewova kontinye kore moun sa yo. Pou reyisi nan sèvis pyonye, fò w gen lafwa ak lespri sakrifis (Matye 17:20). Sòm 34:10 ban nou asirans ‘ moun ki chèche Jewova pap manke okenn byen ’. Nenpòt moun ki antre nan sèvis pyonye dwe gen yon konfyans totalkapital, li dwe sèten Jewova ap founi l sa li bezwen. Se sa l te deja fè pou pyonye fidèl toupatou sou tè a (Sòm 37:25) ! Alaverite, konfòm ak prensip ki detaye nan 2 Tesalonisyen 3:8, 10, e nan 1 Timote 5:8, pyonye yo pa dwe atann se lòt moun ki pou anchaje finanse yo kòb.
6 Nenpòt moun ki anvizaje sèvis pyonye dwe suiv konsèy Jezi te bay la : li dwe ‘ chita dabò pou kalkile depans la. ’ (Lik 14:28). Lè moun nan aji kon sa, li demontre li gen sajès pratik. Pale ak moun ki demontre yo efikas depi plizyè ane nan sèvis pyonye. Mande yo ki jan Jewova soutni yo. Siveyan sikonskripsyon an se yon pyonye ki gen esperyans. L ap kontan ba w sijesyon pou w reyisi nan sèvis a plentan.
7 Se vre, toutotan yon moun pa rete nan de pla men Jewova, li pa kapab verifye pwomès Jezi fè nan Matye 6:33 a. Yon sè pyonye fidèl te deklare : “ Lè mwen menm ansanm ak yon lòt sè pyonye te ale nan yon nouvo teritwa, nou te senpman gen kèk ti legim, yon baton bè magarin, e nou pa t gen senk kòb. Jou sa a, pandan nou t ap fini tout ti rezèv nou, nou te di : ‘ Nou pa gen anyen pou demen. ’ Anvan nou kouche nou te priye Bondye sou sa. Demen maten, byen bonè, yon kretyèn o- zanviwon an te vin rive, e li te di : ‘ M te priye Jewova pou l voye pyonye pou nou. M ap kapab akonpaye nou tout jounen an. Men kòm mwen abite enpe lwen, mwen pwopoze nou pou nou manje ansanm a midi a. M te pote manje pou nou twa. ’ Te gen yon bèl valè vyann ak legim. ” Se pa etonan si Jezi te ban nou asirans nou kapab ‘ sispann enkyete nou apwopo nanm nou ’ ! Annapre, li te ajoute : “ Kilès nan nou, lè l enkyete l, ki kapab ajoute yon sèl koude sou dire lavi l ? ” — Matye 6:25, 27.
8 Jou an jou, monn ki anviwonnen nou an ap vin pi materyalis. N ap sibi presyon ki vin pi fò ofiramezi, pou fè nou fè menm jan ak tout moun. Malgre sa, si, avèk imilite, nou apresye ministè a plentan an, n ap kontante ak mwens bagay materyèl (1 Timote 6:8). Pyonye k ap viv senp, e ki byen òganize, gen plis tan pou yo konsakre nan ministè a. E paske y ap anseye lòt moun laverite, lajwa yo grandi e yo vin espirityèlman pi solid. Byenke se pa di yo di ak tèt yo, ekilib yo genyen nan jan yo konsidere sitiyasyon ekonomik yo, pèmèt yo jwi byenfè sèvis pyonye pote.
9 Si nou byen konsyan n ap viv dènye jou yo, e tan an ap vin pi kout pou monn mechan an, n ap gen motivasyon espirityèl pou nou fè sakrifis ki nesesè, lè pou nou pwofite tout okazyon pou nou preche bòn nouvèl la. Antan n ap gade sitiyasyon ekonomik nou ak yon lòt je, e antan n ap lage bagay yo nan men Jewova, petèt n ava konstate nou kapab antreprann sèvis a plentan. Menm si, pou nou pyonye, fò nou renonse ak kèk dezi materyalis, n ap gen lajwa benefisye bondans benediksyon nan men Jewova. — Sòm 145:16.
KESYON 3 : “ Antan m nan adolesans, pou ki sa m ta dwe konsidere sèvis pyonye kòm yon karyè posib ? ”
10 Ou sou dènye ane lekòl ou, li tou natirèl pou w reflechi sou avni w. Ou swete yon avni asire, yon avni ere e ki satisfè w anpil. Moun k ap ba w konsèy pou w chwazi yon karyè, ka petèt pouse w antre nan yon metye ki bay anpil kòb, ki pral blije w fè plizyè ane ap etidye nan inivèsite. Konsyans ou, ki byen fòme antanke kretyen, di w ou ta dwe prepare w pou w sèvi Jewova lajman laj posib (Eklezyas 12:1). Petèt tou, ou anvizaje marye, e ou anvizaje fonde yon fanmi. Ki sa w pral fè ?
11 Rive nan faz sa a, desizyon ou pral pran yo, ap gen konsekans sou avni w. Si w deja yon Temwen Jewova vwe e batize, ou ofri w bay Jewova atout nanm ou (Ebre 10:7). Premye okazyon ou jwenn nan, se pou w pyonye youn oswa plizyè mwa. Kon sa, w ap goute lajwa ak reskonsablite yon moun jwenn, lè l nan sèvis pyonye pèmanan, e ou mèt sèten w ap gen yon lide presi sou sa w ta dwe fè ak lavi w. Apre sa, twou vid ki vin genyen lè w fin fè klas ou, olye w chèche konble l ak yon travay a plentan, pou ki sa w pa pran sèvis pyonye pèmanan ? Sèten nan frè ki te tann tan pase anvan pou yo te pyonye, regrèt yo pa t kòmanse pi bonè.
12 Si w jèn, esplwate posiblite w genyen pou w rete selibatè, e pwofite avantaj sa ofri pou sèvis a plentan. Si yon jou ou vle marye, pa gen pi bon fondasyon ou ta ka poze pase lè w pran sèvis pyonye pèmanan dabò. Tout pandan w ap vin gen plis matirite e w ap vin pi espirityèl, petèt ou pral chèche fè karyè w nan sèvis pyonye ak yon moun ou va marye ki gen menm ideyal avè w. Gen sèten pyonye marye yo te nonmen nan sèvis misyonè oswa nan sèvis sikonskripsyon. Lè yon moun viv fason sa a, sa bay satisfaksyon toutbon vre !
13 Ke w pyonye pou yon dire tan kout oswa yon dire tan long, se konplete w ap konplete edikasyon w, e se resevwa w ap resevwa yon fòmasyon ki pa gen pri, yon fòmasyon okenn lòt aktivite sou tè a pa ka bay. Sèvis pyonye aprann nou disipline nou, li aprann nou òganize nou, li aprann nou gen yon bon konpòtman avèk lòt moun, epitou li aprann nou konfye nou nan Jewova, e li montre nou kiltive pasyans ak byenveyans, yon seri kalite ki itil pou yon moun rive andose pi gwo reskonsablite.
14 Lèzòm potko janm viv otan nan lensètitid. Alaverite, apa de sa Jewova pwomèt, pa gen anpil bagay ki pèmanan. Piske lavni lou-vri tou gran devan nou, ki meyè moman tankou kounye a nou genyen pou nou reflechi seryezman sou sa nou pral fè ak lavi nou nan ane ki pral vini yo ? Byen reflechi sou sèvis pyonye a. Ou pap janm regrèt ou te chwazi fè karyè nan sèvis pyonye.
KESYON 4: “ Èske se pa tout tan mwen pral anba presyon lè pou m rive nan kantite lè yo mande a ? Ki sa ki ka rive si m pa ta atenn objektif la ? ”
15 Moun ki ranpli yon fèy demann sèvis pyonye pèmanan, dwe reponn kesyon annapre a : “ Èske w òganize w yon fason rezonab, dekwa pou w kapab atenn objektif 1000 è yo mande diran ane a ? ” Pou w atenn li, fò w konsakre twazèdtan an mwayèn chak jou nan predikasyon. Nòmalman, sa mande disiplin ak yon bon pwogram. Obout kèlke mwa, laplipa pyonye rive fè yon pwogram pratik, yon pwogram reyalis sou jan y ap itilize tan an.
16 Toutfwa, se avèk rezon Eklezyas 9:11 di : ‘ Tan ak evènman enprevi rive tout moun. ’ Yon maladi grav, oswa nenpòt sitiyasyon sanzatann, ka anpeche yon pyonye atenn objektif li. Si pwoblèm nan pa dire, e si se nan kòmansman ane sèvis la li rive, yon pwogram kondanse ka sifi pou ratrape pèd tan an. Men, e si se yon pwoblèm grav, rete senpman kèk mwa nan ane sèvis la, e pyonye a pa kapab ratrape reta a ?
17 Si w malad depi kèk tan, oswa si pou yon rezon oblijan ki pa depann de volonte w, ou pa kapab atenn objektif lè a, ou ka pale sa ak yon manm komite sèvis kongregasyon an, pou w esplike l sitiyasyon an. Si ansyen yo panse li ta pi bon pou pèmèt ou pousuiv sèvis ou san w pa enkyete pou ratrape pèd tan an, yo ka pran desizyon sou sa. Sou fich aktivite pwoklamatè a, sekretè a va make ou pa oblije ratrape reta a. La a se pa yon konje, men se pito yon fason pou montre konsiderasyon, lè yo rekonèt nan ki sitiyasyon w ye. — Gade nan paj mitan Ministère du Royaume mwa dawou 1986, paragraf 18.
18 Pyonye esperimante yo fè plis lè davans, depi nan kòmansman ane sèvis la. Paske yo bay sèvis pyonye a priyorite, yo jije nesesè pafwa pou yo diminye aktivite ki gen mwens enpòtans. Si yon pyonye an reta paske li mal òganize, oswa paske li pa disipline tèt li pou l respekte pwogram li, li dwe santi li teni pou li ratrape reta a, san li pa espere benefisye yon dispozisyon patikilye.
19 Pafwa sa konn rive sitiyasyon yon pyonye chanje, e li pa t ka evite sa. Petèt li pap ka atenn kantite lè yo mande a diran yon bann tan akòz yon move eta sante ki pèsiste, oswa reskonsablite lafanmi ki ogmante, eksetera. Nan ka sa a, sa k ta saj la, se pou pyonye a ta retounen vin pwoklamatè, tout pandan l ap pran sèvis pyonye oksilyè chak fwa sa posib. Pa gen okenn dispozisyon yo prevwa pou pèmèt yon moun rete sou lis pyonye, si sitiyasyon l pa pèmèt li atenn objektif yo mande a.
20 Nou espere dispozisyon yo prevwa pou bay moun ki ranpli kondisyon yo mande yo yon konsiderasyon espesyal, pral pouse pi plis moun antreprann sèvis a plentan, san yo pa bay tèt yo pwoblèm pou granmesi. Sa ta dwe ankouraje moun ki deja nan sèvis a plentan pou yo rapousuiv karyè yo chwazi a. Nou vle pyonye yo reyisi nan sèvis yo.
KESYON 5 : “ Mwen vle pou m fè yon bagay e pou m ere dèske m ap fè l. Èske sèvis pyonye ap pote satisfaksyon sa a pou mwen ? ”
21 Vrè bonè a depann, pou bokou, de relasyon kole kole, relasyon pèsonèl nou genyen avèk Jewova. E sa depann tou de konviksyon nou pou sèvi l fidèl. Jezi te andire yon poto siplis “ poutèt lajwa ki te plase devan l ” (Ebre 12:2). Fè volonte Bondye te pwokire l bonè (Sòm 40:8). Nan sistèm jan bagay yo ye kounye a, nou kapab jwenn vrè bonè, si laplipa aktivite nou yo makònen ak adorasyon n ap bay Jewova. Lè nou gen objektif espirityèl, sa ban nou yon bi, paske nou gen fèm konviksyon n ap fè sa ki jis. Se lè nou bay nou jwenn bonè, e nou pa konnen pi meyè fason pase livre nou pou anseye pwochen nou mwayen pou yo jwenn lavi etènèl nan monn nouvo Bondye a. — Ak 20:35.
22 Men ki jan pyonye yo te pale nan premye paragraf la te esprime sa : “ Mwen pa konnen yon jwa ki pi gwo pase lè w wè yon moun w ap etidye avè l kòmanse bay Jewova bon jan lwanj. M twouve se yon bagay alafwa eksitan e fòtifyan pou lafwa, lè w konstate nan ki degre Pawòl Bondye a pouse moun chanje fason y ap viv, pou yo fè Jewova plezi. ” (Gade nan La Tour de Garde 15 oktòb 1997, paj 18- 23). Kon sa, ki sa ki fè nou ere ? Si, olye nou chwazi plezi lemonn ofri, ki pa dire, nou prefere fè efò nèt ale, efò ki vo lapenn an li menm, sèvis pyonye a ap pwokire w yon santiman ki agreyab anpil, dèske w ap fè kichòy ki itil, e ki ka rann ou ere toutbon vre.
KESYON 6 : “ Piske yon moun pa oblije pyonye pou li jwenn lavi etènèl, èske desizyon pou m pyonye oswa pou m pa pyonye se pa mwen menm sèl sa regade ? ”
23 Se vre, se wou ki pou pran desizyon w. Se sèl Jewova ki an mezi jije sitiyasyon pèsonèl ou (Women 14:4). Jisteman, li atann pou w sèvi l ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w e ak tout fòs ou (Mak 12:30 ; Galat 6:4, 5). Li renmen moun ki bay ak lajwa, moun ki sèvi l ak lajwa, non pa avèk regrè oswa nan kontrent (2 Korentyen 9:7 ; Kolosyen 3:23). Se amou pou Jewova ak pwochen nou ki dwe ban nou dezi sèvi a plentan (Matye 9:36-38 ; Mak 12:30, 31). Si se sa nou santi, alò sèvis pyonye a merite pou nou reflechi sou li seryezman.
24 Nou espere sa ki sot di la a pral ede w sonde posiblite pou w pyonye. Èske w ka òganize w pou w vin pyonye pèmanan? Anba paj la w ap jwenn yon kalandriye ki rele “ Pwogram pyonye pou semèn nan ”. Reflechi sou orè ki ap pi bon pou wou a, orè k ap pèmèt ou konsakre an mwayèn 23 è pa semèn nan predikasyon . Apre sa, mete lafwa nan Jewova e mete konfyans ou nan li. Avèk èd li, ou kapab rive ! Li pwomèt : “ Reyèlman, m ap grennen benediksyon sou wou jiskaske pa gen mank. ” — Malaki 3:10.
25 Donk nou poze kesyon an : “ Sèvis pyonye : èske se pou wou ?” Si w ka reponn “ wi ”, fikse yon dat, san pèdi tan, pou w antreprann sèvis pyonye pèmanan. E ou mèt asire Jewova ap beni w, e l ap fè w jwenn yon lavi ere !
[Tablo nan paj 6]
(Gade piblikasyon an)
Pwogram pyonye pou semèn nan
LENDI : Maten predikasyon
MADI : Maten predikasyon
MÈKREDI : Maten predikasyon
JEDI : Maten predikasyon
VANDREDI : Maten predikasyon
SAMDI : Maten predikasyon
DIMANCH : Maten predikasyon
LENDI : Aprèmidi predikasyon
MADI : Aprèmidi predikasyon
MÈKREDI : Aprèmidi predikasyon
JEDI : Aprèmidi predikasyon
VANDREDI : Aprèmidi predikasyon
SAMDI : Aprèmidi predikasyon
DIMANCH : Aprèmidi predikasyon
LENDI : Aswè predikasyon
MADI : Aswè predikasyon
MÈKREDI : Aswè predikasyon
JEDI : Aswè predikasyon
VANDREDI : Aswè predikasyon
SAMDI : Aswè predikasyon
DIMANCH : Aswè predikasyon
Sèvi ak kreyon pou w ekri pwogram ou chak jou nan semèn nan.
Prevwa konsakre an total 23 è d tan nan predikasyon.
Total lè semèn nan ․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․