BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/10 p. 3-5
  • “Ou ta ka fè yon bon pyonye!”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Ou ta ka fè yon bon pyonye!”
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Sèvis pyonye : Èske se pou wou ?
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Si gen yon moman pou nou preche se kounye a !
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sèvis pyonye fè nou vin gen pi bon relasyon ak Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Èske gen yon lè ou te pyonye pèmanan?
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 5/10 p. 3-5

“Ou ta ka fè yon bon pyonye!”

1. Ki jan yon sè te santi l anrapò ak sèvis pyonye?

1 Men sa yon sè ki rele Kathe Palm te di: “Pa gen okenn lòt aktivite ki ban m tout kontantman sa a ni ki ban m tout benediksyon sa yo nan domèn espirityèl.” Sè sa a te pase plizyè dizèn ane ap sèvi kòm pyonye, li te bay tout li menm nan sèvis la. Li te bat tout peyi Chili, ki ann Amerik disid, ap bay temwayaj. Petèt, gen moun k ap reflechi sou lavi moun ki nan sèvis aplentan yo, yon vi ki bay satisfaksyon, ki ka di w: “Ou ta ka fè yon bon pyonye!”

2. Esplike ki rezon ki fè nou jwenn gwo satisfaksyon nan aktivite espirityèl yo?

2 Yon fason moun viv ki bay satisfaksyon: Jezi, modèl nou an, te jwenn vrè rekonfò lefètke li te fè volonte Papa l (Jan 4:34). Kidonk, se avèk senserite li te anseye disip li yo y ap jwenn vrè satisfaksyon an lè yo patisipe nan aktivite ki gen rapò ak adorasyon y ap bay Jewova. Nou kontan lè lavi nou ranpli ak aktivite Jewova apwouve. Anplis de sa, tank nou bay plis tan, plis enèji, ak plis bagay materyèl pou nou ede lòt moun, se tank jwa nou ap ogmante. —Tra. 20:31, 35.

3. Ki jwa nou ka genyen si nou pase plis tan nan ministè a?

3 Plis nou pase tan nan ministè a, se plis n ap jwenn posiblite pou nou gen lajwa pou nou kòmanse etid biblik e pou nou kontinye kondui etid sa yo. Menm lè anpil moun nou rankontre sanble pa enterese, nou ka twouve tèritwa nou bay pi bon rezilta pase sa nou te panse ofiramezi n ap gen plis eksperyans ak plis abilte nan ministè a. Pyonye yo ka itilize bonjan fòmasyon yo resevwa nan Lekòl pyonye, yon lekòl yo ka patisipe ladan l aprè yo fin gen yon ane nan sèvis la (2 Tim. 2:15). Toutpandan n ap pèsevere nan sèvis la, nou ka byen plante kèk grenn verite ki pral bay fwi kèk tan aprè. —Ekl. 11:6.

4. Sou ki sa jèn ki prèske fini lekòl yo ka reflechi?

4 Jèn yo: Etandone kounye a ou prèske fini ak etid segondè w, èske w byen reflechi sou avni w? Jiska prezan, se aktivite lekòl ou ki pran pifò tan w. Men aprè w fin lekòl, ki sa w pral fè ak tan sa yo? Olye pou w chwazi pousuiv yon karyè nan monn nan, poukisa w pa fikse objektif pou w pran sèvis pyonye pèmanan, epi lapriyè sou sa? Konesans ak abilte w ap vin genyen lefètke ou bay tout kalite moun temwayaj, ou rive venk difikilte pèsonèl ou genyen, ou aprann disipline tèt ou e ou devlope abilte pou anseye, tout bagay sa yo ap pwofitab pou ou pandan tout vi w.

5. Ki sa paran yo ak moun nan kongregasyon an ka fè pou yo ankouraje jèn yo pran sèvis pyonye?

5 Paran, èske ou jwe wòl pa w lè w ankouraje pitit ou pou yo pran sèvis aplentan? Pawòl ou di ak bon egzanp ou ba yo ka ede yo anpil pou yo mete enterè Wayòm nan nan premye plas nan lavi yo (Mat. 6:33). Men sa Ray ki te kòmanse sèvis pyonye yon fwa li te fini lekòl sonje: “Manman m te toujou panse se sèvis pyonye ki fè moun viv fason ki bay plis satisfaksyon nan lavi.” Tout moun nan kongregasyon an ka ankouraje jèn yo pran sèvis pyonye grasa pawòl yo e grasa èd yo bay jèn yo. Jose ki moun nan peyi Espay di: “Moun nan kongregasyon m nan konsidere sèvis pyonye kòm pi bon karyè pou jèn yo. Kòmantè yo fè, apresyasyon yo montre pou sèvis pyonye ak èd pratik yo bay moun ki ta ka antre nan sèvis aplentan, fè l pi fasil pou mwen pou m kòmanse sèvis pyonye.”

6. Ki sa nou ka fè si nou pa santi nou anvi pran sèvis pyonye kounye a?

6 Venk obstak yo: Men, e si w di, ‘mwen pa santi m anvi pyonye.’ Si se konsa w santi w, priye Jewova sou sa, epi di l: ‘Mwen pa konnen si sèvis pyonye fèt pou mwen, men mwen ta renmen fè sa k ap fè w plezi.’ ​(Sòm 62:8; Pwo. 23:26). Aprè sa, se pou w chèche direksyon nan men Jewova e pou w fè sa, w ap sèvi ak Pawòl li a ansanm ak òganizasyon l lan. Anpil moun ki pyonye pèmanan te “goute” sèvis pyonye lè yo te sèvi kòm pyonye oksilyè dabò, epi jwa yo jwenn nan sèvis la pouse yo fè karyè nan sèvis aplentan. —Sòm 34:8.

7. Ki sa nou ka fè pou nou venk dout nou genyen kòmkwa nou pap ka fè 70 è yo mande pou pyonye pèmanan yo fè chak mwa a?

7 Bon, e si w pa sèten w ap rive fè 70 è yo mande pou pyonye pèmanan yo fè chak mwa a? Poukisa ou pa pale ak pyonye ki nan menm sitiyasyon avè w (Pwo. 15:22)? Aprè sa, ekri plizyè pwogram. Ou ka wè si w rachte tan sou aktivite ki pa nesesè pou w patisipe nan ministè a, li ka pi fasil pou w pyonye pase jan w te panse. — Efe. 5:15, 16.

8. Poukisa nou dwe reegzamine sitiyasyon nou tanzantan?

8 Reegzamine sitiyasyon w: Byen souvan, sitiyasyon pèsonèl yon moun chanje. Li bon pou w reegzamine sitiyasyon w tanzantan. Pa egzanp, èske w prèske pran retrèt nan travay ou? Randy ki te pran retrèt byen bonè nan travay li te di: “Desizyon sa a te pèmèt mwen kòmanse sèvis pyonye ansanm ak madanm mwen, e sa te ban nou posiblite pou nou deplase pou n al sèvi kote ki gen plis bezwen. Mwen te resevwa anpil benediksyon pou desizyon mwen te pran an, men pi gwo benediksyon mwen jwenn pami tout lòt yo se bon konsyans mwen genyen an.”

9. Sou ki sa koup marye yo ka reflechi?

9 Gen kèk koup marye, aprè yo fin byen egzamine sitiyasyon yo, yo rann yo kont yo toule de pa oblije travay aplentan. Se vre, sa ka mande pou moun nan fanmi an senplifye lavi yo, men sakrifis yo fè a ap ba yo anpil satisfaksyon. Men sa Jan, yon frè ki gen madanm li ki kite travay aplentan li te ladan l lan pou l ka etann ministè l, te di: “Pa gen bagay ki fè m santi m pi byen pase lè m konnen madanm mwen ap patisipe nan aktivite espirityèl pandan jounen an.”

10. Ki sa ki ka pouse yon kretyen reflechi sou posiblite pou l pyonye?

10 Yon prèv ki montre nou gen lanmou ak lafwa: Jewova fè travay predikasyon an travay ki pi enpòtan pou nou akonpli. Sistèm sa a pral detwi talè konsa, e se sèl moun ki envoke non Jewova k ap sove (Wom. 10:13). Si kè nou ranpli ak lanmou pou Jewova e si nou rekonesan pou tout sa li fè pou nou, sa ap pouse nou akonpli misyon Pitit li a ban nou pou nou preche avèk zèl (Mat. 28:19, 20; 1 Jan 5:3). Anplis de sa, lefètke nou gen lafwa se toutbon n ap viv nan dènye jou yo, sa motive nou pou nou fè tout sa nou kapab nan ministè a pandan gen tan toujou, olye pou n ap sèvi ak monn nan nèt. —1 Kor. 7:29-31.

11. Si yon moun di w ou ta ka fè yon bon pyonye, ki jan w ta dwe konsidere sa?

11 Lè nou pran sèvis pyonye pèmanan, sa plis pase annik obeyi ak dispozisyon yon òganizasyon pran. Se yon fason nou demontre atachman nou pou Bondye. Se sa k fè, si yon moun di w ou ta ka fè yon bon pyonye, se pou w konsidere sa kòm yon konpliman. Epi, nan lapriyè, reflechi sou posiblite pou w vin jwenn moun ki deja ap patisipe nan sèvis sa a, yon sèvis ki bay anpil satisfaksyon.

[Antrefilè nan paj 4]

Paran, èske ou jwe wòl pa w lè w ankouraje pitit ou pou yo pran sèvis aplentan?

[Antrefilè nan paj 5]

Jewova fè travay predikasyon an travay ki pi enpòtan pou nou akonpli.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje