Si gen yon moman pou nou preche se kounye a !
1. Poukisa si gen yon moman pou nou preche se kounye a ?
1 “ Krenn Bondye epi ba li glwa. ” Se mesaj sa a, anba direksyon zanj yo, y ap anonse pou ‘ tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp ’. Poukisa ? “ Paske lè pou [Bondye] fè jijman an rive. ” Jodi a, se nan ‘ lè jijman ’ sa a menm n ap viv, jijman ki pral abouti nan destriksyon sistèm de choz sa a. Li endispansab pou moun yo “ adore Sila a ki fè syèl la, tè a, lanmè ak sous dlo yo ”. Pa gen okenn travay moun ap fè jodi a ki pi enpòtan ni ki pi ijan pase pwoklamasyon “ bon nouvèl etènèl la ”. Wi, si gen yon moman pou nou preche se kounye a ! — Rev. 14:6, 7.
2. Ki jan sèvitè Jewova yo montre yo konsyan tan an ijan ?
2 Pandan dis ane ki sot pase yo, sèvitè Jewova yo te pase prèske 12 milya èd tan nan travay preche Wayòm nan ak nan travay fè disip la. Gen anpil nan yo ki fè chanjman nan lavi yo dekwa pou yo ka patisipe plis toujou nan rekòt espirityèl la (Mat. 9:37, 38). Pa egzanp, ane pase, te gen plis pase 850 000 pwoklamatè an mwayèn, ki te sèvi kòm pyonye chak mwa. Sèvis pyonye pèmanan mande pou yon moun pase chak mwa 70 èdtan an mwayèn nan predikasyon. Sèvis pyonye oksilyè mande 50 èdtan li menm.
3. Souvan, ki chanjman pwoklamatè yo bezwen fè yon fason pou yo pyonye ?
3 Ki sa nou bezwen fè pou nou vin pyonye : Piske pyonye yo konnen “ tan ki rete a vin pi kout ”, yo fè tout sa yo kapab pou lavi yo toujou senp (1 Kor. 7:29, 31). Yo fè yon jan pou yo redui depans yo yon fason pou yo ka pase mwens tan nan travay pwofàn. Pa egzanp, gen moun ki demenaje, y al rete nan kay ki pi piti. Gen lòt ki elimine byen materyèl ki pa nesesè (Mat. 6:19-21). Epitou, souvan, yo oblije limite objektif pèsonèl yo genyen. Yo fè tout sa nan objektif pou yo pase plis tan nan ministè a, pou yo konsantre yo plis sou li (Efe. 5:15, 16). Grasa pèseverans anpil pwoklamatè gen lakay yo, grasa espri sakrifis yo demontre e grasa konfyans yo montre yo gen nan Jewova nan lapriyè, yo rive bati yon pwogram pratik ki pèmèt yo pyonye.
4. Site kèk dispozisyon pratik ki ka ede w atenn objektif ou genyen pou w pyonye ?
4 Èske ou menm ou ka pyonye ? Poukisa ou pa mande pyonye ki reyisi nan sèvis la ki jan yo fè ? Patisipe ansanm ak yo nan ministè a, e w ap pataje menm jwa ak yo. Egzamine atik ki parèt nan piblikasyon nou yo ki pale sou sèvis pyonye. Fikse w objektif ki pratik, objektif ki ka sèvi w tranplen pou w rive pyonye. Si gen kèk pwoblèm pou lemoman ki anpeche w sèvi kòm pyonye, mete sa devan Jewova nan lapriyè, epi mande li pou l ede w rezoud yo. — Pwo. 16:3.
5. Ki jan sèvis pyonye ede nou amelyore kapasite nou nan ministè a ?
5 Benediksyon ak jwa : Sèvis pyonye pèmèt nou amelyore kapasite nou genyen pou nou sèvi ak Pawòl Bondye a, e anretou, sa ap ban nou plis kè kontan. Gen yon jèn sè pyonye ki di : “ Lè yon moun kapab manyen verite Pawòl Bondye a kòrèkteman se vrèman yon benediksyon. Lè w pyonye, ou sèvi ak Bib la trè souvan. Kounye a, lè m al preche kay an kay, mwen ka reflechi sou vèsè ki apwopriye pou chak moun mwen rankontre. ” — 2 Tim. 2:15.
6. Ki fòmasyon sèvis pyonye bay ?
6 Anplis de sa, sèvis pyonye aprann nou anpil bagay k ap itil nou nan lavi. Li ka ede jèn yo aprann jere tan yo avèk sajès, aprann jere kòb yo e li aprann yo jan pou yo antann yo ak lòt moun. Gen anpil moun ki vin gen yon vizyon ki pi espirityèl sou lavi grasa sèvis pyonye (Efe. 4:13). San konte, souvan, pyonye yo gen privilèj pou yo wè men Jewova k ap aji an favè yo. — Tra.11:21 ; Fil. 4:11-13.
7. Ki jan sèvis pyonye ede nou vin pi pwòch Jewova.
7 Petèt, youn nan pi gwo byenfè sèvis pyonye bay sèke li ede nou vin pi pwòch Jewova. Sa ka soutni nou nan moman eprèv. Gen yon sè ki te pase anba yon peryòd gwo difikilte ki di : “ Relasyon sere mwen vin genyen ak Jewova grasa sèvis pyonye te ede m andire tout difikilte m yo ”. Men sa li ajoute : “ Mwen santi m tèlman kontan dèske mwen te pase tout jenès mwen ap sèvi Jewova aplentan. Sa pèmèt mwen bay tout mwen menm yon fason mwen pa t janm panse mwen kapab. ” (Tra. 20:35). Nou swete pou nou tout jwenn anpil benediksyon toutpandan n ap fè tout sa nou kapab nan travay pi enpòtan ki te ka genyen an, travay predikasyon an. — Pwo. 10:22.