Èske nou ka antre nan “ yon gwo pòt ki mennen nan aktivite ” ?
1. Ki “ gwo pòt ki mennen nan aktivite ” ki louvri devan nou ?
1 Lè te gen “ yon gwo pòt ki mennen nan aktivite ” ki te louvri devan Pòl, li te pwofite de sa pou l te fè enterè Wayòm nan avanse, malgre li te gen anpil opozan (1 Kor. 16:9). Jodi a, gen 642 000 pwoklamatè sou tout tè a ki te antre nan yon gwo pòt ki mennen nan aktivite lè yo te pran sèvis pyonye pèmanan.
2. Poukisa li bon pou nou egzamine sitiyasyon nou detanzantan ?
2 Sitiyasyon yo ka chanje : Byenke, kounye a, sitiyasyon pèsonèl ou kapab limite aktivite w, avèk letan, sa ka chanje. Kidonk, detanzantan, li bon pou w analize sitiyasyon w san w pa ret ap tann swadizan moman ideyal la (Ekl. 11:4). Èske w se yon jèn ki prèt pou tèmine klas ou ? Èske w se yon paran ki gen timoun ki pral kòmanse al lekòl ? Èske w se yon moun ki prèt pou retrete nan travay ou ? Chanjman sa yo kapab fè w vin gen plis tan e sa ka pèmèt ou pran sèvis pyonye pèmanan. Te gen yon sè ki te konn gen pwoblèm sante, ki te deside pran sèvis pyonye alòske li te gen katrevennevan. Poukisa li te pran desizyon sa a ? Ebyen, se paske li te gen plis pase ennan li pa t al lopital pou sante l, e li te panse sante l t ap pèmèt li pran sèvis la.
3. Ki ajisteman kèk frè te fè nan lavi yo pou yo ka pran sèvis pyonye pèmanan ?
3 Nan ka Pòl, byenke li te gen entansyon al vizite frè yo nan vil Korent, li te fè chanjman nan pwogram li akoz bon nouvèl la. Anpil frè ak sè ki nan sèvis pyonye pèmanan te oblije fè anpil ajisteman nan lavi yo pou yo te ka pran sèvis sa a. Genyen ki tèlman senplifye lavi yo, yo pa oblije travay aplentan ankò pou yo gen ase kòb pou depans y ap fè. Privilèj yo genyen pou yo nan sèvis sa a ba yo anpil kontantman (1 Tim. 6:6-8). Gen koup marye ki fè ajisteman nan lavi yo ki pèmèt yo viv ak salè mari a sèlman, e konsa, madanm nan ka vin pyonye pèmanan.
4. Ki sa w kapab fè si w panse ou pap ka bay lè yo mande pyonye pèmanan yo ?
4 Pinga w kouri panse ou pa ka pran sèvis pyonye pèmanan, paske ou krenn ou pap ka bay lè yo mande a. Se sèlman yon tikras plis pase dezèdtan pou w fè chak jou. Si w panse ou pap kapab atenn objektif sa a, eseye pran sèvis pyonye oksilyè pandan youn ou de mwa. E, pandan w pran sèvis pyonye oksilyè, eseye wè si w kapab fè swasanndizè yo mande pou pyonye pèmanan yo. Sa ap pèmèt ou goute jwa pyonye yo genyen (Sòm 34:8). Pale ak frè ak sè ki nan sèvis la kounye a. Petèt yo te rive venk menm obstak ou rankontre yo (Pwo. 15:22). Mande Jewova pou l beni efò w ap fè pou w fè plis nan ministè a. — 1 Jan 5:14.
5. Poukisa sèvis pyonye pèmanan se yon aktivite ki merite pou n patisipe ladan l ?
5 Yon aktivite ki merite pou n patisipe ladan l : Sèvis pyonye pèmanan se yon sèvis ki bay anpil benediksyon. Sèvis sa a pèmèt nou jwenn plis kè kontan lefètke nou fè plis nan sèvis Jewova (Tra. 20:35). Si w pran sèvis sa a, sa ap amelyore kapasite w pou manyen Pawòl Bondye a, Pawòl verite a, kòrèkteman (2 Tim. 2:15). Sa ap ba w plis okazyon pou w wè jan Jewova ap ede w (Tra. 11:21 ; Fil. 4:11-13). Sèvis sa a ap ede w devlope kalite espirityèl tankou andirans, e l ap ede w vin pi pwòch Jewova (Jak 4:8). Èske w ka antre nan pòt ki mennen nan plis aktivite a etan w pran sèvis pyonye pèmanan ?