BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/00 p. 8
  • Ki jan pou n “ teste kapasite yo ” ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan pou n “ teste kapasite yo ” ?
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Sèvitè ministeryèl yo akonpli yon sèvis ki gen anpil valè
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Frè n yo, èske n ap chèche vin sèvitè ministeryèl?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Jèn frè, èske w ap chèche jwenn privilèj nan kongregasyon an?
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Yo bezwen èd ou
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 5/00 p. 8

Ki jan pou n “ teste kapasite yo ” ?

1 Avèk kantite moun k ap ogmante san rete nan òganizasyon Jewova a, toujou gen yon bezwen frè kalifye pou sèvi kòm asistan ministeryèl. Pifò nan frè yo poko nonmen yo, menm sa ki ti adolesan toujou, ta renmen sèvi nan kongregasyon an. Lè yo ba yo travay anplis pou yo fè, yo santi yo itil e yo santi yo reyalize yon bagay. “ Teste kapasite yo ” pou nou ba yo okazyon fè pwogrè pou pi devan (1 Tim. 3:10). Kouman pou sa fèt ?

2 Wòl ansyen yo : Analize kalite yon frè dapre sa Bib la di nan 1 Timote 3:8-13 pou l asistan ministeryèl, se youn. Men anplis de sa, ansyen yo pral chèche teste kapasite frè a pou l andose reskonsablite. Yo kapab ba l travay ki itil an rapò ak distribisyon peryodik ak piblikasyon, ajiste mikwo, antretyen Sal Wayòm nan ak lòt bagay ankò. Ansyen yo ap suiv fason l reyaji ak fason li okipe travay yo ba l fè. Y ap chèche wè si l gen kalite moun ki serye, ki ponktyèl, ki gen anpresman, ki gen modesti, ki gen lespri byen dispoze e ki kapab antann li byen ak lòt moun (Fil. 2:20). Èske li bay bon egzanp nan abiman l ak jan l kwafe ? Èske li konprann sa yo rele pran reskonsablite ? Yo ta renmen wè li montre “ travay li nan bèl konduit li ak yon dousè ki soti nan sajès ”. (Jak 3:13.) Èske l ap chèche ede kongregasyon an vrèman ? Èske l reyalize kòmandman Jezi pou “ fè moun vin disip ” la nan fason l patisipe nan predikasyon avèk zèl ? — Mat. 28:19; gade nan La Tour de Garde 1e septanm 1990, paj 18-28.

3 Byenke yo pa etabli yon laj minimòm pou yo nonmen yon moun asistan ministeryèl, Bib la rele frè sa yo “ lèzòm k ap sèvi yo ”. Nou atann nou pou yo gen plis pase 15 an oswa prèske 20 an, espesyalman paske yo mansyone posiblite pou yo gen madanm ak pitit (1 Tim. 3:12, 13). Dè zòm konsa pa ta dwe lage kò yo bay “ dezi ki natirèl lakay jenn yo ”, men yo ta dwe kondui tèt yo de fason serye, pou yo gen bonjan repitasyon ak yon konsyans pwòp ni devan Bondye ni devan lèzòm. — 2 Tim. 2:22.

4 Kwak kapasite natirèl yon moun itil, sa ki konte toutbonvre se atitid moun nan ak lespri sèvyab li genyen. Èske gen yon frè, ki enb, ki vle bay Bondye lwanj epi ki vle sèvi frè l yo ? Si se sa, Jewova ap beni efò l ap fè pou l pwogrese nan kongregasyon an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje