BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • od chap. 6 p. 53-58
  • Sèvitè ministeryèl yo akonpli yon sèvis ki gen anpil valè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sèvitè ministeryèl yo akonpli yon sèvis ki gen anpil valè
  • Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KONDISYON BIB LA BAY POU YON FRÈ VIN SÈVITÈ MINISTERYÈL
  • TRAVAY YO FÈ
  • Ki wòl sèvitè ministeryèl yo?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Asistan ministeryèl yo rann gwo sèvis
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Frè n yo, èske n ap chèche vin sèvitè ministeryèl?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Ann montre nou apresye ‘gason l bay kòm kado’ yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Gade plis
Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
od chap. 6 p. 53-58

CHAPIT 6

Sèvitè ministeryèl yo akonpli yon sèvis ki gen anpil valè

MEN sa apot Pòl te ekri kongregasyon Filip la: “Mwen menm, Pòl, ak Timote, esklav Kris Jezi, m ap ekri tout moun ki sen nan vil Filip yo, ki ann inyon ak Kris Jezi, ak siveyan yo ansanm ak sèvitè ministeryèl yo.” ​(Flp. 1:1). W ap remake li salye sèvitè ministeryèl yo. Se sèten mesye sa yo te jwe yon wòl enpòtan nan kongregasyon ki te la nan epòk sa a kòm moun ki t ap ede ansyen yo. Jodi a tou, se menm jan an. Sèvitè ministeryèl yo fè yon seri travay pou yo ede siveyan yo, e sa kontribye pou gen lòd nan kongregasyon an.

2 Èske w konnen kiyès ki sèvitè ministeryèl nan kongregasyon an? Èske w konn ki travay y ap fè nan enterè w e nan enterè tout moun nan kongregasyon an? Se sèten Jewova apresye tout travay mesye sa yo ap fè. Apot Pòl te ekri: “Mesye ki fè sèvis yo yon fason ki kòrèk ap vin gen yon bèl repitasyon, e y ap vin alèz anpil pou yo pale konsènan lafwa yo nan Kris Jezi.” — 1 Tim. 3:13.

KONDISYON BIB LA BAY POU YON FRÈ VIN SÈVITÈ MINISTERYÈL

3 Sèvitè ministeryèl yo dwe moun ki aplike prensip Bondye yo nan lavi yo, yo dwe moun ki responsab e ki fè travay yo ba yo fè a byen. Se sa apot Pòl te fè konprann nan yon lèt li te ekri Timote kote l te pale de kondisyon sèvitè ministeryèl yo dwe ranpli. Men sa l di nan lèt sa a: “Sèvitè ministeryèl yo dwe serye, yo pa dwe gen de lang, yo pa dwe lage kò yo nan bwè anpil bwason ki gen alkòl, yo pa dwe ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon, yo dwe kenbe sekrè sakre lafwa a ak yon konsyans ki klè. Anplis de sa, se pou yo teste yo anvan pou wè si yo kapab. Apre sa, yo mèt sèvi kòm sèvitè ministeryèl, depi yo pa gen akizasyon sou do yo. Se pou sèvitè ministeryèl yo gen yon sèl madanm, se pou yo dirije pitit yo ak kay yo yon fason ki kòrèk.” ​(1 Tim. 3:8-10, 12). Se vre nivo a wo, men, kondisyon sèvitè ministeryèl yo dwe ranpli yo se yon pwoteksyon pou kongregasyon an. Konsa, li difisil pou yon moun ta gen yon bagay mal pou l di konsènan frè ki jwenn responsablite nan kongregasyon an.

4 Kit yo jèn, kit yo granmoun, sèvitè ministeryèl yo se moun ki aktif nan travay predikasyon an chak mwa. Menm jan avèk Jezi, yo se moun ki chofe nan travay predikasyon an. Lefètke yo chofe nan travay sa a, menm jan ak Jewova, yo montre yo ta renmen wè plis moun posib sove. — Eza. 9:7.

5 Frè ki sèvi kòm sèvitè ministeryèl yo se moun ki bay bon egzanp nan fason yo abiye, nan aparans yo, nan fason yo pale, nan atitid yo ak nan konduit yo. Yo gen bonsans, e sa fè lòt moun respekte yo. Mete sou sa, relasyon yo ak Jewova ak privilèj yo gen nan kongregasyon an gen anpil enpòtans pou yo. — Tit 2:2, 6-8.

6 Mesye sa yo, “yo teste yo anvan pou wè si yo kapab”. Depi anvan mesye sa yo nome sèvitè ministeryèl, yo montre aklè yo se gason ki devwe nan adorasyon y ap bay Bondye a. Yo montre aklè se Wayòm nan ki gen premye plas nan lavi yo e y ap chèche gen plis responsablite nan kongregasyon an. Vrèmanvre, yo se bon egzanp pou lòt moun ki nan kongregasyon an. — 1 Tim. 3:10.

TRAVAY YO FÈ

7 Sèvitè ministeryèl yo gen diferan travay y ap fè nan enterè frè ak sè yo. Konsa, sa pèmèt siveyan yo konsantre yo plis sou anseye frè ak sè yo epi fè travay yo gen pou yo fè antanke bèje. Lè gwoup ansyen an ap bay frè sa yo privilèj, yo reflechi sou kapasite yo ak bezwen kongregasyon an.

Sèvitè ministeryèl yo gen diferan travay y ap fè nan enterè frè ak sè yo. Konsa, yo pèmèt siveyan yo konsantre yo plis sou anseye frè ak sè yo epi fè travay yo gen pou yo fè antanke bèje.

8 Men kèk nan travay sèvitè ministeryèl yo fè: Yon sèvitè ministeryèl kapab jwenn asiyasyon pou l responsab piblikasyon, yon fason pou nou kapab jwenn piblikasyon pou n li e pou n bay moun yo lè n ap preche. Gen lòt ki responsab pou yo jere kont kongregasyon an oswa rapò sou asiyasyon tèritwa a. Genyen ki responsab pou yo pase mikwo, pou yo itilize ekipman sonorizasyon, genyen ki nan sèvis akèy e ki ede ansyen yo lòt fason ankò. Gen anpil travay ki fèt nan antretyen Sal Wayòm nan e pou Sal la rete pwòp. Se sa k fè, souvan, yo mande sèvitè ministeryèl yo pou yo ede nan travay sa yo tou.

9 Nan kèk kongregasyon, li posib pou gen yon sèvitè ministeryèl diferan ki responsab chak travay sa yo. Nan kèk lòt kongregasyon, yon sèvitè ministeryèl kapab gen plizyè responsablite. Nan kèk ka, plizyè sèvitè ministeryèl kapab gen yon sèl travay pou yo fè ansanm. Si pa gen ase sèvitè ministeryèl pou fè kèk nan travay ki gen pou fèt yo, gwoup ansyen an gendwa chwazi lòt frè batize ki bay bon egzanp pou fè travay sa yo. Konsa, frè sa yo ap vin gen eksperyans k ap itil yo pi devan lè yo vin kalifye pou yo sèvi kòm sèvitè ministeryèl. Si pa gen frè ki disponib, yo kapab mande yon sè ki bay bon egzanp pou l bay kout men nan kèk travay, menmsi yo pap janm nome l sèvitè ministeryèl. Yon moun ki bay bon egzanp se yon moun frè ak sè yo kapab imite egzanp li bay ni nan konduit li, ni nan fason l ap adore Bondye. Moun sa a bay bon egzanp tou lefètke l toujou la nan reyinyon, li fè bon chwa nan kesyon detant, li abiye yon fason ki kòrèk e li byen pran swen cheve l ak kò l.

10 Nan kongregasyon ki pa gen anpil ansyen, yo kapab mande kèk sèvitè ministeryèl ki kapab pou yo egzamine kesyon batèm ki gen rapò ak kwayans nou yo ak kèk kandida batèm. W ap jwenn kesyon sa yo nan Apendis ki rele “1ye pati: Kwayans kretyen yo”. Piske “2yèm pati: Lavi nou antanke kretyen” an gen kesyon ki gen rapò ak bagay pèsonèl, se yon ansyen ki pou egzamine pati sa a ak yon kandida batèm.

11 Pafwa, gwoup ansyen an kapab gen bonjan rezon pou yo fè yon sèvitè ministeryèl chanje travay ak yon lòt sèvitè ministeryèl. Men, gen anpil avantaj lè sèvitè ministeryèl yo kontinye fè menm travay la pandan kèk tan yon fason pou yo kapab vin gen eksperyans e pou yo kapab aprann fè travay la byen.

12 Selon kongregasyon an, gen lòt responsablite ankò yo kapab bay sèvitè ministeryèl k ap fè pwogrè, e pwogrè sa yo ‘tout moun ka wè yo aklè’. (1 Tim. 4:15.) Si pa gen ase ansyen, yo kapab mande yon sèvitè ministeryèl pou l sèvi kòm adjwen yon siveyan gwoup oswa pou l sèvi kòm sèvitè gwoup anba sipèvizyon gwoup ansyen an. Yo kapab mande kèk sèvitè ministeryèl fè patisipasyon nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a, kondui Etid biblik kongregasyon an, oubyen bay diskou piblik. Si sa nesesè, yo kapab bay sèvitè ministeryèl yo lòt responsablite ankò depi yo kalifye pou sa (1 Pyè 4:10). Sèvitè ministeryèl yo dwe dispoze pote yo volontè pou yo ede ansyen yo.

13 Menmsi travay yo fè yo diferan ak travay ansyen yo fè, sèvis y ap bay Bondye a se yon sèvis ki sakre e ki enpòtan pou tout bagay ka mache byen nan kongregasyon an. Rive yon lè, si yon sèvitè ministeryèl fè travay li byen e li vin kalifye pou l sèvi kòm bèje ak anseyan, gwoup ansyen an kapab rekòmande pou yo nome l ansyen.

14 Si w se yon jèn frè oubyen ou fèk batize, èske w fè efò pou vin kalifye pou w sèvi kòm sèvitè ministeryèl (1 Tim. 3:1)? Lefètke gen anpil moun k ap vin nan òganizasyon an chak ane, yo bezwen plis frè ki kalifye pou yo gen responsablite nan kongregasyon yo. Yon bagay ki kapab ede w chèche vin kalifye se lè w anvi sèvi lòt moun. Lè w medite sou bèl egzanp Jezi te bay, sa kapab fè w vin gen anvi sa a (Mat. 20:28; Jan 4:6, 7; 13:4, 5). W ap vin plis anvi sèvi lòt moun lè w wè ou gen kè kontan poutèt w ap sèvi lòt moun (Tra. 20:35). Kidonk, pwopoze tèt ou pou w ede lòt moun, pou w fè antretyen nan Sal Wayòm nan, oubyen pou w ranplase yon elèv ki te gen yon patisipasyon nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Si w ap chèche vin kalifye pou w gen plis responsablite, sa mande tou pou w gen yon bon pwogram etid pèsonèl pou w ka devlope yon seri bèl kalite (Sòm 1:1, 2; Gal. 5:22, 23). Mete sou sa, yon frè k ap chèche vin kalifye ap montre yo ka konte sou li e li fidèl lè l fè nenpòt travay yo mande l fè nan kongregasyon an. — 1 Kor. 4:2.

15 Se lespri sen ki nome sèvitè ministeryèl yo pou yo ede kongregasyon an. Tout moun nan kongregasyon an kapab montre yo apresye travay di frè sa yo ap fè lè yo kolabore avèk yo. Konsa, kongregasyon an ap montre li apresye dispozisyon Jewova pran pou gen lòd nan kongregasyon an. — Gal. 6:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje