ATIK ETID 42
KANTIK 103 Bèje yo se kado Bondye bay
Ann montre nou apresye ‘gason l bay kòm kado’ yo
“Lè li monte anwo a, [...] li bay gason kòm kado.” — EFE. 4:8.
PWEN KLE
Fason sèvitè ministeryèl yo, ansyen yo ak siveyan sikonskripsyon yo ede nou, e fason nou kapab montre nou apresye travay mesye sa yo ki fidèl ap fè.
1. Ki kado konsa Jezi ban nou?
PA GEN moun ki pi renmen bay pase Jezi. Lè l te sou tè a, byen souvan li te konn fè mirak pou l ede lòt moun (Lik 9:12-17). Li te bay pi gwo kado a lè l te bay lavi l pou nou (Jan 15:13). Menm apre Jezi fin resisite, li kontinye montre li renmen bay. Jezi te mande Jewova pou l ban nou lespri sen pou anseye nou e pou konsole nou, jan li te pwomèt sa (Jan 14:16, 17; 16:13). E pa mwayen reyinyon yo, Jezi kontinye ban nou sa n bezwen pou n fè disip sou tout tè a. — Mat. 28:18-20.
2. Kiyès ki pami “gason kòm kado” Efezyen 4:7, 8 ap pale yo?
2 Annou egzamine yon lòt kado Jezi ban nou. Selon sa apot Pòl te ekri, apre Jezi fin monte nan syèl, “li bay gason kòm kado”. (Li Efezyen 4:7, 8.) Pòl te esplike Jezi te bay kado sa yo pou ede kongregasyon an plizyè fason (Efe. 1:22, 23; 4:11-13). Jodi a, pami “gason kòm kado” sa yo gen sèvitè ministeryèl yo, ansyen nan kongregasyon yo ak siveyan sikonskripsyon yoa. Natirèlman, mesye sa yo pa pafè, donk yo konn fè erè (Jak 3:2). Men, Jezi Kris, Seyè nou an, sèvi ak yo pou ede nou. Yo se kado li ban nou.
3. Bay yon egzanp ki montre kòman nou tout kapab soutni travay “gason kòm kado” yo ap fè.
3 Jezi bay “gason kòm kado” sa yo pou fòtifye kongregasyon an (Efe. 4:12). Men, nou tout ka ede yo pandan y ap fè travay enpòtan sa a. Ann pran yon egzanp. Lè y ap konstwi yon Sal Wayòm, gen nan nou ki patisipe dirèkteman nan konstriksyon an. Gen lòt moun ki soutni travay la, yo pote manje ak lòt bagay ankò e yo ede lòt fason. Menm jan an tou, nou tout kapab soutni sèvitè ministeryèl yo, ansyen yo ak siveyan sikonskripsyon yo nan pawòl nou ak nan aksyon nou. Ann wè fason nou kapab jwenn byenfè nan travay di y ap fè ak fason nou kapab montre yo menm ansanm ak Jezi, ki bay “gason kòm kado” sa yo, nou apresye yo.
SÈVITÈ MINISTERYÈL YO SE “MOUN K AP EDE LÒT MOUN”
4. Bay kèk travay sèvitè ministeryèl yo te konn fè nan premye syèk la pou “ede lòt moun”.
4 Nan premye syèk la, te gen kèk frè ki te sèvitè ministeryèl (1 Tim. 3:8). Sanble se yo ki te “moun k ap ede lòt moun” Pòl te pale de yo nan 1 Korentyen 12:28 la. Pa gen dout, sèvitè ministeryèl yo te fè anpil travay ki enpòtan, pou ansyen yo te ka plis konsantre sou travay ansèyman an e pou yo te plis konsantre sou pran swen twoupo a. Pa egzanp, petèt sèvitè ministeryèl yo te konn patisipe nan kopye Ekriti yo, oswa petèt yo te konn achte sa yo te bezwen pou fè kopi sa yo.
5. Bay kèk travay sèvitè ministeryèl yo fè jodi a pou ede moun.
5 Ann wè kèk travay enpòtan sèvitè ministeryèl yo fè nan kongregasyon an (1 Pyè 4:10). Genyen yo ka bay responsab kontablite kongregasyon an oswa tèritwa, oubyen pou fè kòmann piblikasyon pou pwoklamatè yo jwenn pou yo itilize. Genyen yo ka bay travay nan sèvis odyo videyo oswa nan sèvis akèy oubyen pou ede pran swen Sal Wayòm nan. Tout travay sa yo enpòtan pou fè reyinyon kongregasyon yo pi enteresan e pou travay predikasyon an byen òganize (1 Kor. 14:40). Epitou, kèk sèvitè ministeryèl gen patisipasyon nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè e gen ladan yo ki bay diskou piblik. Yo ka mande yon sèvitè ministeryèl pou l ede yon siveyan gwoup. Pafwa, sèvitè ministeryèl ki kalifye yo konn akonpaye ansyen yo nan vizit pastoral.
6. Bay kèk rezon ki fè w apresye sèvitè ministeryèl nou yo k ap travay di.
6 Ki jan travay sèvitè ministeryèl yo fè itil kongregasyon an? Men sa yon sè ki rele Beberlyb k ap viv nan peyi Bolivi di: “Grasa sèvitè ministeryèl nou yo, mwen vrèman pwofite reyinyon yo. Grasa travay yo fè mwen kapab chante, fè kòmantè, tande diskou epi aprann nan videyo yo ak foto yo. Yo veye pou moun k ap asiste reyinyon yo an sekirite e yo ede moun ki pa ka vin nan reyinyon an pèsòn pou yo suiv pwogram nan lakay yo. Apre reyinyon yo, yo ede nan netwayaj Sal la, yo ede nan sèvis kontablite e yo veye pou n jwenn piblikasyon nou bezwen. Mwen gen rekonesans pou travay yo fè!” Men sa Leslie k ap viv nan peyi Kolonbi e ki gen mari l ki ansyen di: “Mari m bezwen èd sèvitè ministeryèl yo pou l fè plizyè travay. Si yo pa t la, li t ap gen plis travay pou l fè. Donk, m gen rekonesans dèske sèvitè ministeryèl yo kontan travay e yo dispoze fè sa.” Nou tout gen anpil rekonesans pou travay sèvitè ministeryèl yo fè. — 1 Tim. 3:13.
7. Ki jan n kapab montre nou apresye sèvitè ministeryèl yo? (Gade foto a tou.)
7 Byenke nou ka santi nou gen rekonesans pou sèvitè ministeryèl yo, Bib la ankouraje nou pou nou “montre nou gen rekonesans”. (Kol. 3:15.) Men ki jan Krystof, yon ansyen nan peyi Fenlann, montre li gen rekonesans. Men sa l di: “Mwen voye yon kat oswa yon mesaj ki gen yon vèsè nan Bib la ladan l, epi mwen di ki jan sèvitè ministeryèl la te ankouraje m oswa ki sa m apresye nan sèvis li.” Pascal ak Jael k ap viv nan Nouvèl Kaledoni priye souvan pou sèvitè ministeryèl yo. Men sa Pascal di: “Sa pa gen lontan, nou priye anpil pou sèvitè ministeryèl nou yo pou n di Jewova mèsi dèske nou genyen yo, e nou mande l pou l soutni yo e pou l ede yo.” Jewova tande priyè sa yo, konsa tout kongregasyon an jwenn byenfè. — 2 Kor. 1:11.
ANSYEN NAN KONGREGASYON AN “AP TRAVAY DI PAMI NOU”
8. Poukisa Pòl te kapab di ansyen yo nan premye syèk la t ap “travay di”? (1 Tesalonisyen 5:12, 13).
8 Ansyen nan premye syèk la te travay di pou kongregasyon an. (Li 1 Tesalonisyen 5:12, 13; 1 Tim. 5:17.) Yo te “dirije” kongregasyon an, sa vle di yo te dirije reyinyon yo e yo te pran desizyon antanke gwoup ansyen. Yo te bay frè ak sè yo “avètisman”, sa vle di yo te ba yo bonjan konsèy avèk lanmou pou pwoteje kongregasyon an (1 Tes. 2:11, 12; 2 Tim. 4:2). Nòmalman, mesye sa yo te konn travay di pou yo te bay fanmi yo sa yo te bezwen e yo te fè efò tou pou yo te gen bon relasyon ak Jewova. — 1 Tim. 3:2, 4; Tit 1:6-9.
9. Bay kèk responsablite ansyen yo genyen jodi a.
9 Jodi a, ansyen yo gen anpil aktivite pou yo fè. Yo se moun k ap evanjelize (2 Tim. 4:5). Yo bay yon bèl egzanp lefètke yo chofe nan travay fè disip la, yo òganize travay predikasyon an nan tèritwa kote y ap viv, yo ban nou fòmasyon pou n preche e pou n anseye yon fason ki efikas. Epitou, yo sèvi kòm jij ki gen mizèrikòd e ki pa nan patipri. Lè yon kretyen fè yon peche grav, ansyen yo fè tout sa yo kapab pou yo ede l retounen gen bon relasyon ak Jewova. Anmenmtan, yo veye pou kongregasyon an rete pwòp (1 Kor. 5:12, 13; Gal. 6:1). Yo plis konnen ansyen yo kòm bèje (1 Pyè 5:1-3). Yo bay diskou ki byen prepare ki baze sou Bib la, yo fè efò pou yo konnen chak moun ki gen nan kongregasyon an e yo fè vizit pastoral. Gen kèk ansyen ki ede nan konstriksyon ak nan antretyen Sal Wayòm. Yo ede nan òganize kongrè, nan travay Komite lyezon ospitalye yo ap fè, nan Gwoup pou vizite malad, anplis lòt travay yo gen pou yo fè. Ansyen yo travay di pou nou!
10. Bay kèk rezon ki fè nou apresye ansyen nou yo k ap travay di.
10 Jewova te fè konnen bèje yo t ap byen pran swen nou e nou ‘pa t ap pè ankò, nou pa t ap panike ankò’. (Jer. 23:4.) Johanna, yon sè k ap viv nan peyi Fenlann, te wè pawòl sa yo se laverite lè manman l te malad grav. Men sa l di: “Menm lè m te wè l difisil pou m fè lòt moun konnen fason m santi m, gen yon ansyen m pa t byen konnen ki te pran pasyans avè m. Li te priye avè m e l te asire m Jewova renmen m. M pa sonje egzakteman sa l te di, men m sonje li te fè m santi m anpè. Mwen kwè Jewova te voye l vin ede m egzakteman nan moman m te bezwen sa.” Ki jan ansyen nan kongregasyon w lan te ede w?
11. Ki sa n kapab fè pou n montre n apresye ansyen yo? (Gade foto a tou.)
11 Jewova vle n montre nou gen anpil rekonesans pou ansyen yo “pou travay y ap fè a”. (1 Tes. 5:12, 13.) Men sa Henrietta, yon lòt sè nan peyi Fenlann, di: “Ansyen yo kontan ede lòt moun. Men, sa pa vle di yo gen anpil tan oswa yo gen anpil fòs oubyen yo pa gen pwoblèm nan lavi yo. Pafwa, mwen annik di yo: ‘Ou konnen! Ou se yon bon ansyen. Mwen espere w konn sa.’” Men sa yon sè ki rele Sera k ap viv nan peyi Tiki di: “Ansyen yo bezwen ankourajman pou yo kontinye travay y ap fè a. Donk, nou kapab ekri yo yon kat, nou kapab envite yo manje, oswa patisipe avè yo nan travay predikasyon an.” Èske w konnen yon ansyen ou vrèman apresye pou travay di l ap fè nan kongregasyon an? Montre l ou gen rekonesans pou travay l ap fè a. — 1 Kor. 16:18.
Lè w ankouraje frè ki nome yo, sa ede yo kontinye nan sèvis yo. (Gade paragraf 7, 11, 15.)
SIVEYAN SIKONSKRIPSYON YO FÒTIFYE NOU
12. Ki dispozisyon ki te fòtifye kongregasyon yo nan premye syèk la? (1 Tesalonisyen 2:7, 8).
12 Kris Jezi bay kongregasyon an “gason kòm kado” pou ede yon lòt fason ankò. Anba direksyon Jezi, ansyen yo nan Jerizalèm te voye Pòl, Banabas ak kèk lòt frè al vizite frè yo kòm siveyan (Tra. 11:22). Poukisa? Pou menm rezon yo nome sèvitè ministeryèl yo ak ansyen yo: pou fòtifye kongregasyon yo (Tra. 15:40, 41). Mesye sa yo te fè anpil sakrifis pou yo te fè travay la. E pafwa yo te menm riske lavi yo pou yo te anseye lòt moun e pou yo te ankouraje yo. — Li 1 Tesalonisyen 2:7, 8.
13. Bay kèk responsablite siveyan sikonskripsyon yo genyen.
13 Siveyan sikonskripsyon yo toujou ap deplase. Genyen ki vwayaje sou yon distans plizyè santèn kilomèt pou yo vizite kongregasyon yo. Chak semèn, yon siveyan sikonskripsyon fè plizyè diskou, li fè plizyè vizit pastoral, li fè yon reyinyon ak pyonye yo, li fè yon reyinyon ak ansyen yo, e li kondui reyinyon predikasyon. Epitou, li prepare diskou e li òganize asanble sikonskripsyon ak kongrè. Li anseye nan lekòl pyonye e li fè yon reyinyon espesyal ak pyonye yo nan sikonskripsyon an. Anplis tout bagay sa yo, li gen lòt travay enpòtan pou l fè, pafwa se yon seri travay ijan biwo filyal la mande l fè.
14. Bay kèk rezon ki fè nou apresye siveyan sikonskripsyon nou yo k ap travay di.
14 Ki jan kongregasyon yo benefisye bèl travay siveyan sikonskripsyon yo ap fè? Men sa yon frè nan peyi Tiki di anrapò ak vizit siveyan sikonskripsyon yo: “Chak fwa yo vizite kongregasyon an, sa motive m pou m pase plis tan ap ede frè m ak sè m yo. Mwen te rankontre plizyè siveyan sikonskripsyon, men pa gen youn ladan yo ki te janm parèt pa abòdab oswa ki te fè m santi li twò okipe pou m pale avè l.” Johanna nou te pale de li pi wo a t al preche ak yon siveyan sikonskripsyon, men yo pa t jwenn moun yo lakay yo. Men sa l di: “Malgre sa, m pap janm bliye jou sa a. De sè m yo te apèn kite zòn nan, e sa te fè m tris anpil. Siveyan sikonskripsyon an te vrèman ankouraje m e l te ede m wè, lè n ap sèvi Jewova, distans se yon bagay ki la pou yon ti tan, men, nan monn nouvo a, n ap gen yon pakèt posiblite pou n pase tan ansanm.” Anpil nan nou apresye siveyan sikonskripsyon nou yo e nou pa bliye fason yo te ede nou. — Tra. 20:37–21:1.
15. a) Selon 3 Jan 5-8, ki jan n kapab montre nou apresye siveyan sikonskripsyon yo? (Gade foto a tou.) b) Poukisa nou bezwen montre konsiderasyon pou madanm frè k ap travay di nan kongregasyon an, e ki jan n kapab fè sa? (Gade kare ki gen tit “Sonje madanm yo”.)
15 Apot Jan te ankouraje Gayis pou l akeyi frè ki te vin fòtifye kongregasyon an e pou l “voye yo ale yon fason ki fè Bondye plezi”. (Li 3 Jan 5-8.) Youn nan fason nou kapab fè sa se lè n bay siveyan sikonskripsyon an manje. Yon lòt fason nou ka fè sa, se lè n la nan reyinyon predikasyon ki fèt pandan vizit la. Leslie nou te pale de li pi wo a montre li gen rekonesans lòt fason ankò. Men sa l di: “Mwen priye Jewova pou l fè yo jwenn sa yo bezwen. Mwen menm ak mari m konn ekri yo lèt tou pou n di yo jan vizit yo ede n.” Sonje, siveyan sikonskripsyon yo konn gen pwoblèm menm jan avè n e yo konn fatige tou. Pafwa, yo konn malad, yo konn gen enkyetid e yo konn menm dekouraje. Petèt, yon ti pawòl janti ou di yon siveyan sikonskripsyon oswa yon ti kado ou ba li, se kapab fason sa a Jewova reponn priyè l fè pou l mande l èd. — Pwo. 12:25.
NOU BEZWEN “GASON KÒM KADO”
16. Selon Pwovèb 3:27, ki kesyon frè yo ta ka poze tèt yo?
16 Toupatou sou tè a, nou bezwen plis frè pou sèvi antanke “gason kòm kado”. Si w se yon frè batize, èske w “kapab fè sa”? (Li Pwovèb 3:27.) Èske w dispoze fè efò pou w kalifye pou w vin yon sèvitè ministeryèl? Si w deja yon sèvitè ministeryèl, èske w dispoze fè efò pou w vin ansyen pou w ka sèvi frè w ak sè w yoc? Èske w ka fè ajisteman nan lavi w pou w aplike pou Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan? Lekòl sa a ap ba w fòmasyon pou Jezi ka itilize w pi plis toujou. Si w santi w pa kalifye, priye Jewova. Mande l pou l ba w lespri sen pou w ka rive fè nenpòt travay yo ba w fè. — Lik 11:13; Tra. 20:28.
17. Lefètke Kris Jezi, Wa nou an, ban nou “gason kòm kado”, ki sa sa montre?
17 Frè Jezi bay pou sèvi antanke “gason kòm kado” yo se prèv ki montre se li menm k ap dirije nou nan dènye jou sa yo (Mat. 28:20). Èske w pa gen rekonesans dèske nou gen yon Wa ki gen lanmou, ki renmen bay, ki konnen sa n bezwen, e ki ban nou yon seri frè pou ede n? Kidonk, chèche okazyon pou w montre w gen rekonesans pou gason sa yo k ap travay di. E pa janm bliye di Jewova mèsi, paske se li menm ki bay “tout bèl don ak tout kado pafè”. — Jak 1:17.
KANTIK 99 Yon gwo foul frè ak sè
a Ansyen k ap sèvi kòm manm Kolèj santral la, frè k ap ede Kolèj santral la, frè ki nan Komite filyal yo ak frè ki nan lòt sèvis, yo menm tou yo se “gason kòm kado”.
b Gen kèk non yo chanje.
c Pou n jwenn plis enfòmasyon sou fason yon frè kapab vin sèvitè ministeryèl oswa ansyen, gade atik ki gen tit “Frè n yo, èske n ap chèche vin sèvitè ministeryèl?” ak atik ki gen tit “Frè n yo, èske n ap chèche vin ansyen?” ki parèt nan Toudegad novanm 2024.