BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/99 p. 4
  • Asistan ministeryèl yo rann gwo sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Asistan ministeryèl yo rann gwo sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Sèvitè ministeryèl yo akonpli yon sèvis ki gen anpil valè
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Ki wòl sèvitè ministeryèl yo?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Ann montre nou apresye ‘gason l bay kòm kado’ yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Frè n yo, èske n ap chèche vin sèvitè ministeryèl?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1999
km 3/99 p. 4

Asistan ministeryèl yo rann gwo sèvis

1 “ Yo deja demontre yo se moun ki vwe toutbonvre. Yo demontre lafwa lè yo patisipe avèk zèl nan sèvis Wayòm nan ak lè yo ede lòt moun vin solid nan lafwa. ” Se konsa liv Organisés pour bien remplir notre ministère pale de asistan ministeryèl yo nan paj 56. Vrèman, egzanp espirityèl asistan ministeryèl yo merite imite. Travay avèk yo men nan men ansanm ak ansyen yo, fè “ kò a grandi pou l ka bati tèt li limenm nan lanmou. ” — Efezyen 4:16.

2 Asistan ministeryèl yo ranpli yon fonksyon vital nan kongregasyon an. Konsidere gwo sèvis sa yo : yo okipe sèvis kont, kourye, peryodik, abònman ak tèritwa. Yo sèvi kòm plasè, yo travay nan sonorizasyon, yo patisipe nan kenbe Sal Wayòm nan pwòp. Yo patisipe nan Lekòl ministè teyokratik ak nan Reyinyon sèvis. Gen nan yo ki menm rive bay diskou piblik ou byen ki dirije kèk nan reyinyon kongregasyon an. Menm jan ak manm nan kò moun, asistan ministeryèl yo rann sèvis nou gen bezwen. — 1 Korentyen 12:12-26.

3 Lè yo wè asistan ministeryèl yo k ap kopere men nan men avèk ansyen yo tankou manm yon sèl kò nan kongregasyon an ak respè youn pou lòt, lòt frè yo ankouraje fè menm jan an (Efezyen 4:16). Nan akonpli reskonsablite yo fidèl, semèn aprè semèn, nan montre enterè pèsonèl pou lèzòt yo, yo pote kole pou pwogrè espirityèl kongregasyon an.

4 Ki sa nou ka fè pou montre nou apresye travay di asistan ministeryèl yo ? Nou bezwen konnen travay yo e nou bezwen pare nou pou bay koutmen lè yo bezwen. Nan pawòl oubyen nan aksyon nou, nou ka fè yo konnen nou apresye travay yo (Pwovèb 15:23). Moun ki travay di nan enterè nou konsa merite yon rekonesans sensè. — 1 Tesalonisyen 5:12, 13.

5 Pawòl bondye a etabli kondisyon ak wòl asistan ministeryèl yo (1 Timote 3:8-10, 12, 13). Sèvis sakre yo a endispansab pou kongregasyon an mache. Mesye sa yo merite pou nou kontinye ankouraje yo, paske yo tout gen “ anpil bagay pou yo fè nan travay Seyè a. ” — 1 Korentyen 15:58.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje