Koute deklarasyon sakre yo avèk atansyon
1 Se pa tout bagay lòm di ki merite atansyon espesyal. Men lè se Bondye k ap pale, gen rezon esansyèl pou moun koute (Det. 28:1, 2). Erezman, ekriven enspire yo te rapòte “ deklarasyon sakre Bondye yo ” pou nou ka tire pwofi (Wom. 3:2). Kongrè distri k ap vini an pral ban nou bèl posiblite pou n tande deklarasyon sa yo pandan y ap li yo e pandan y ap dyaloge sou yo. Ki jan nou kapab montre nou ba yo yon atansyon espesyal ?
2 Rive bonè chak maten : Imajine nan ki eksitasyon Izrayelit yo te ye, lè yo te envite yo pou y al rankontre Jewova nan Mòn Sinayi pou yo tande lalwa li (Egz. 19:10, 11, 16-19) ! Si pou w resevwa enstriksyon Jewova nan kongrè distri a ou santi w menm jan avèk yo, w ap ranje zafè w pou w rive bonè chak jou. Nou pap kapab koute tout pwogram nan nèt si nou rive anreta, epi n ap deranje lòt moun nan fè efò pou nou chèche plas. Y ap ouvri pòt Sal asanble a depi 8 è dimaten e chak jou pwogram nan ap kòmanse a 9 è 30 dimaten.
3 Menm moun ki rive bonè konn pa nan plas yo pou kòmansman premye sesyon an. Poukisa ? Yo tann jiskaske prezidan an anonse premye kantik la anvan pou yo sispann pale ak zanmi yo. Epi se lè sa a yo derape pou y al chèche plas yo. Nou ta dwe note depi plizyè minit anvan yo kòmanse chante kantik pou ouvri chak sesyon, prezidan an pral chita sou estrad la pandan y ap pase mizik Wayòm nan ki te prepare pou entwodiksyon an. Se siyal ki montre li lè pou n al chita ! Kidonk, lè yo anonse premye kantik la, n ap toupare pou n chante ansanm pou louwe Jewova.
4 Annou koute an fanmi : Lè yo t ap li deklarasyon sakre yo pou Izrayelit ki te rasanble yo, fanmi yo ansanm ak “ timoun piti ” yo te genyen, t ap koute e yo t ap aprann. (Det. 31:12.) Nan kongrè nou yo, timoun yo pa ta dwe “ lage lib ”. (Pwo. 29:15). Paran, fè aranjman pou tout fanmi nou, menm adolesan yo, chita ansanm. Gen kèk paran ki tann yo kòmanse chante premye kantik la pou yo mennen pitit yo nan sal twalèt. Sepandan, konsa timoun yo ap mal pou aprann tout gwo enpòtans nou bay kantik ak priyè yo nan adorasyon nou. Li ta pi bon anpil, si se posib, pou nou okipe al nan sal twalèt anvan chak sesyon kòmanse.
5 Sa k pral ede nou koute se si nou repoze ase chak nwit epi si nou evite gwo repa pandan jounen an. Konsantre nou sou sa oratè a ap di a. Refize kite lespri w flannen. Lè y ap li tèks yo, suiv yo nan Bib la. Pran nòt ki kout. Pandan y ap bay chak diskou, repanse sou sa oratè a te di epi egzamine jan ou pral mete yo an pratik. Nan fen jounen an, pale sou pwogram nan an fanmi. Ki pwen chak moun te apresye ? Ki jan fanmi w kapab fè pou l byen itilize sa l aprann nan ?
6 Montre respè pou Pawòl Bondye : Kongrè yo ban nou yon bèl posiblite pou nou pale ak zanmi epi pou n pwofite yon anbyans k ap bati nou. Depi nou rive bonè, n ap jwenn tan pou nou konvèse anvan pwogram nan kòmanse. Gen kèk moun ki antre nan pale pandan pwogram nan. Yo twonpe tèt yo pandan y ap panse sa pap twò deranje yon oditwa ki gen anpil moun. Menm lè reyinyon nan yon kote ki gran, nou fèt pou koute, tankou lè n ap asiste yon reyinyon nan Sal Wayòm nan. Pandan moun ap sèvi ak telefòn selilè, pedjè, videyo ak kamera, nou pa ta dwe kite bagay sa yo detounen atansyon moun pandan pwogram nan.
7 Pandan Moyiz t ap resevwa lalwa nan men Jewova, “ li pa t ni manje pen ni bwè dlo ”. (Egz. 34:28.) Menm jan an tou, li pa ta bon pou n ap manje oswa pou n ap bwè pandan sesyon kongrè a ap dewoule. Se pou nou tann nou rive nan “ lè yo prevwa ” pou sa a, amwenske nou gen gwo pwoblèm sante. — Ekl. 3:1.
8 Nan kèk kongrè, nou kontinye gen pwoblèm avèk frè ak sè e menm ak jenn timoun k ap pwomennen nan koulwa pandan sesyon yo. Yo pral bay plasè yo enstriksyon pou yo mande moun sa yo pou yo retounen nan sal la. Volontè k ap travay nan divès sèvis yo ta dwe al chita nan oditwa a depi yo fin fè travay yo. Amwenske yo mande volontè yo fè yon travay ki esansyèl pandan sesyon yo, pa gen okenn nesesite pou moun rete ap trennen anndan sèvis yo, pou youn ap vizite lòt pandan pwogram nan toujou ap dewoule.
9 Nou pa ta janm renmen tounen moun ki gen “ zòrèy yo bouche ”, lè n ap koute Pawòl Bondye (Ebre 5:11). Pakonsekan, annou pran rezolisyon pou nou montre bonjan respè pandan n ap koute avèk atansyon nan pwochen kongrè distri nou an, lè y ap pale sou deklarasyon sakre Jewova yo.