“ Koute epi [...] ranmase plis enstriksyon ”
1 Liv Pwovèb la dekri lasajès k ap rele, k ap di : “ Koute, paske se sou bagay enpòtan m ap pale, e bouch mwen ap ouvri konsènan ladwati. Mwen genyen konsèy ak sajès pratik. [...] Koute mwen. Wi, kè kontan pou sila yo ki kenbe chemen m yo. Paske moun ki jwenn mwen se lavi l ap jwenn san mank, e l ap jwenn byenveyans nan men Jewova. ” (Pwo. 8:6, 14, 32, 35). Pawòl sa yo byen dekri enstriksyon k ap tann nou nan kongrè distri “ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ” a.
2 Yo te analize sa fanmi entènasyonal frè yo bezwen, e yo te prepare pwogram kongrè a pou fè fas ak bezwen sa yo. Si nou aplike enstriksyon espirityèl ak sijesyon pratik yo pral ban nou yo, sa pral ede nou pou nou gen kè kontan. Sa pral ede nou pou nou gen bonjan relasyon avèk Jewova, e pou nou rete sou wout lavi etènèl la. Se sèten, nou gen kont rezon pou nou ‘ koute epi pou nou ranmase plis enstriksyon ’. — Pwo. 1:5.
3 Anvan pwogram nan : Pou nou ka pwofite sa ki pral prezante a o maksimòm, lè pwogram nan kòmanse, nou dwe chita nan plas nou avèk lespri nou byen dispoze. Sa mande pou nou byen òganize pèsonèlman. Yon pwen enpòtan, se pou nou derape bonè. Li bon pou nou dòmi bonè lavèy kongrè a. Se pou nou leve bonè pou n ka bay tout moun ki ansanm avè nou yo tan pou yo prepare yo e pou yo gentan manje. Se pou n rive nan lokal kongrè a bonè yon fason pou nou ka jwenn yon plas e pou nou okipe nou de bagay ki nesesè anvan pwogram nan kòmanse. Pòt lokal kongrè a pral ouvri a 8 è nan maten e pwogram nan ap kòmanse a 9 è edmi chak jou.
4 Piske prensipal rezon rasanbleman nou yo se pou nou louwe Jewova “ pami foul moun ki rasanble yo ”, chak sesyon ta dwe kòmanse yon fason ki glorifye Bondye nou an (Sòm 26:12). Pou sa ka fèt, yo ankouraje tout moun pou yo gentan chita depi anvan yo anonse kantik k ap louvri jounen an. Sa ann amoni ak konsèy biblik sa a ki di : “ Se pou tout bagay fèt avèk respè e nan lòd. ” (1 Kor. 14:40). Sa sa vle di pou nou chak ki la a ? Lè nou wè prezidan an chita sou estrad la pandan pwogram mizikal la, se pou n al pran plas nou rapid rapid. Sa pral pèmèt nou chante kantik k ap louvri chak sesyon kongrè a ak tout kè nou, pandan n ap fè lwanj monte al jwenn Jewova. — Sòm 149:1.
5 Pandan pwogram nan : Ezra te “ prepare kè l pou l fouye nan lwa Jewova a e pou l mete l an pratik ”. (Ezra 7:10.) Ki jan nou ka prepare kè nou pou nou resevwa enstriksyon Jewova ap bay la ? Pandan n ap gade tit diskou nou jwenn nan pwogram nan, se pou nou mande tèt nou : “ Ki mesaj Jewova vle ban mwen nan kongrè sa a ? Ki jan mwen ka sèvi ak enfòmasyon mwen pral jwenn nan pou ni mwen ni fanmi m kapab pwofite ? ” (Iza. 30:21; Efe. 5:17). Kontinye poze tèt nou kesyon sa yo pandan tout kongrè a. Note pwen nou gen entansyon itilize yo. Pran tan nou pou nou pale sou yo chak jou lè sesyon an fini. Sa pral ede nou kenbe enfòmasyon an epi mete l an pratik.
6 Li pa fasil pou nou rete konsantre pandan plizyè èdtan suit an suit. Ki sa ki ka ede nou pou nou reziste kont tandans nou genyen pou nou kite lespri nou ap flannen an ? Li bon pou nou tire pwofi sou kapasite je a genyen. An jeneral, se sou sa nou fikse je nou, atansyon nou konsantre (Mat. 6:22). Donk, se pou nou reziste kont tantasyon pou nou vire tèt nou chak fwa nou tande yon bri oswa chak fwa yon moun fè yon mouvman. Kite je nou fikse sou oratè a. Lè y ap li yon vèsè nan Bib la, se pou nou suiv nan Bib pa nou, epi se pou nou kite Bib la ouvri pandan y ap eksplike vèsè a.
7 Lanmou kretyen an pral ede nou pou n evite deranje lòt moun pandan pwogram nan ap dewoule (1 Kor. 13:5). Se ‘ tan pou yon moun fè silans ’ epi pou li koute (Ekl. 3:7). Donk, evite pale san nesesite, evite deplase san bezwen. Planifye nou alavans pou nou diminye kantite ale vini n ap fè nan twalèt yo. Pinga nou ni manje, ni bwè apa de lè yo prevwa pou sa a, sof si nou ta gen pwoblèm sante. Moun ki mache ak telefòn selilè, pedjè, kamera pou fè anrejistreman, ak aparèy foto, pa ta dwe ap distrè lòt moun avèk bagay sa yo. Paran yo ta dwe veye pou tout fanmi yo chita ansanm avèk yo, san wete adolesan yo, yon fason pou yo ka siveye pitit yo kòrèkteman. — Pwo. 29:15.
8 Ane pase, yon ansyen ki gen plizyè dizèn lane depi l ap asiste kongrè, te fè remak sa a : “ Mwen te santi kongrè sa a te estwòdinè pou yon lòt rezon : prèske tout moun nan asistans lan t ap pran nòt, menm timoun pitit yo tou. Ala bèl sa te bèl ! Yo te byen sèvi ak Bib la lè oratè yo te envite yo pou yo li kèk pasaj. ” Moun ki koute avèk atansyon konsa, merite felisite. Nonsèlman li bon pou yo ansanm ak lòt moun k ap asiste kongrè a, men sitou, sa glorifye Jewova Dye, Gran Pwofesè nou an. — Iza. 30:20.