Sèvi ak evènman k ap pase yo pou nou fè moun yo enterese
1 Èske w ta renmen gen yon bon sous lide pou w kenbe ministè w ajou toutan, epi pou w fè mesaj Bib la enterese moun yo ? Nan ka sa a, sèvi ak sa k ap pase nan monn nan ak nan kominote ou ye a pou w kòmanse konvèsasyon. Ou kapab sèvi ak evènman nan lokalite a, evènman nasyonal oswa nouvèl entènasyonal. Jan de bagay sa yo toujou ap chanje (1 Kor. 7:31). Analize egzanp annapre yo.
2 Pwoblèm ekonomik ak lavi chè a se reyalite ki touche moun yo. Konsa, ou kapab di :
◼ “ Èske w te tande nouvèl sou pri [mansyone atik la] ki tounen monte ankò a ? ” Oubyen ou kapab fè kòmantè sou chomay nan yon gwo antrepriz tankou [site non konpayi a] ki te revoke yon bann anplwaye. Apresa, tou depan de jan w vle dirije konvèsasyon an, ou kapab di moun nan : “ Èske w janm mande w poukisa lavi a vin di konsa ? ”, oswa : “ Èske w panse l ap toujou difisil konsa pou moun jwenn mwayen pou yo viv ? ”
3 Nouvèl sou vyolans, tèlke trajedi k ap pase nan fanmi oswa trajedi pami elèv lekòl, bay baz pou yon lòt konvèsasyon. Ou ta kapab mande :
◼ “ Èske w te li nan jounal [nonmen yon trajedi ki te pase nan kominote a] ? ” Alòs, swa w ap mande : “ Ki sa w panse ki lakòz tout vyolans sa a nan lemonn ? ”, oswa : “ Èske w panse gen yon moman k ap vini n ap kapab santi nou an sekirite ? ”
4 Nouvèl sou inondasyon ki fè dega, tranblemanntè, oswa manifestasyon k ap pete nan divès pati nan lemonn, tou sa kapab enterese moun yo. Paregzanp ou kapab mande :
◼ “ Èske se Bondye ki reskonsab [site dezas lanati te fè a] ? ” Oubyen ou kapab atire atansyon sou manifestasyon pi resan ki te pete a, epi di : “ Si tout moun se lapè yo vle, poukisa l difisil konsa pou yo rive jwenn li ? ”
5 Rete veyatif sou evènman k ap pase yo pou w kapab sèvi avèk yo nan entwodiksyon w ap fè. N ap jwenn sijesyon ki itil nan ribrik “ Actualité ” nan liv Comment raisonner a, paj 9-10. Sepandan, nan pwoblèm politik oubyen pwoblèm sosyal, evite pou n pa pran pozisyon pou yon pati. Olye de sa, dirije atansyon sou Bib la ak Wayòm Bondye a kòm sèl solisyon pèmanan pou pwoblèm limanite genyen yo.