Predikasyon nan yon monn ki toujou ap chanje
1 Anvan w bat je w yon sitiyasyon ka chanje. Yon sèl kou, tout moun ka tonbe ap pale de yon menm evènman. Gen dwa se yon katastwòf natirèl ki pase, yon kriz ekonomik, yon chanjman politik, oswa yon trajedi laprès pale de li anpil. Poutan, anvan w bat je w tou, gen dwa se yon lòt evènman ki kapte atansyon moun yo (Tra. 17:21 ; 1 Kor. 7:31). Nan monn sa a ki toujou ap chanje, ki jan nou ka fè pou nou kapte atansyon moun nou rankontre yo dekwa pou nou ka pataje mesaj Wayòm nan avèk yo ?
2 Chèche konnen sa k ap trakase moun yo : Youn nan fason nou ka fè pou nou kapte atansyon moun yo, se lè nou mansyone evènman k ap pase nan monn nan. Pou Jezi te pouse moun ki t ap koute l egzamine ki repitasyon yo genyen devan Bondye, li te mansyone evènman trajik ki te fèk fin pase e ki te toujou nan lespri moun yo (Lik 13:1-5). Se menm jan an tou, lè n ap prezante bon nouvèl la, si nou asosye l ak kèk sitiyasyon lokal ki touche lavi moun ki nan tèritwa nou yo, n ap jwenn pi bon rezilta. Toutfwa, lè n ap fè sa, fò nou pran prekosyon pou sa n ap di a pa montre se yon koz politik n ap defann oswa yon koz sosyal. — Jan 17:16.
3 Ki jan pou n fè konnen ki sa k ap trakase moun yo nan moman n ap pale avèk yo a ? Petèt pi bon fason pou nou rive konnen, se lè nou poze yo kesyon e nou koute repons yo bay (Mat. 12:34). Si nou enterese nan moun yo, n ap tande pwennvi yo e, avèk tak, n ap poze lòt kesyon pou nou pi byen konprann sitiyasyon an. Sipozon n ap pale ak yon moun, e san l pa ezite, li fè yon remak, sa ka tou fè nou konnen pwoblèm ki okipe lespri moun ki nan zòn nan e sa ka ouvri wout pou nou preche mesaj la.
4 Prepare sa pou w di : Nan monn sa a ki toujou ap chanje, lè n ap prepare nou pou n al nan predikasyon, nou ka sèvi ak liv Comment raisonner a. Si n al gade nan paj 9-11, nan ribrik “ Actualité ” ak “ Crime/Sécurité ”, n ap jwenn sijesyon pratik sou fason nou ka asosye prezantasyon n ap fè a ak evènman k ap pase yo. N ap jwenn kèk lòt enfòmasyon konsa nan Ministè Wayòm septanm 2000, paj 8. Lè n ap prepare, pa bliye sèvi ak yon vèsè biblik ki apwopriye.
5 Piske nou rann nou kont sa k ap pase nan lespri moun yo nan tèritwa a toujou ap chanje, n ap bezwen adapte fason n ap prezante bon nouvèl la. Lè nou aji konsa, se yon mwayen pou nou pale ak yo sou sa ki vrèman ap trakase yo. Se yon fason tou pou nou ede pi plis moun rive konnen Sila ki pa chanje a, ni nan kalite l ni nan prensip li. — Jak 1:17.