BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/00 p. 8
  • “ Èske nou ta dwe demenaje ?”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Èske nou ta dwe demenaje ?”
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Fikse objektif pou nouvo ane sèvis la — Deplase al sèvi kote ki gen plis bezwen
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Èske w ka “vin Masedwàn”?
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Fason nou kapab fè plis nan sèvis n ap bay Bondye a
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Èske w kapab janbe al Masedwàn?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 9/00 p. 8

“ Èske nou ta dwe demenaje ? ”

1 Pou reponn ak kòmandman Jezi pou “ ale (...) fè disip pami moun tout nasyon ”, anpil sèvitè Jewova ki vwe te demenaje pou y al sèvi kote ki gen pi gran bezwen (Mat. 28:19). Yo imite Pòl ki te reponn apèl : “ Pase Masedwàn, epi vin ede nou ”. (Tra. 16:9.) Ki jan sa kapab fèt yon fason pratik ?

2 Fè yon pa alafwa : Èske gen tèritwa yo pa preche souvan nan kongregasyon w lan ? Si genyen, ou kapab konsantre efò w nan zòn sa yo. Anvan w deside al yon lòt kote, pale sa ak ansyen yo nan kongregasyon w pou yo verifye avè w si w ekipe pou w demenaje. Si w pare, ou kapab mande siveyan sikonskripsyon w lan tou si l konnen yon kongregasyon tou pre a kote w kapab elaji ministè w. Sa vle di, apre w fin kalkile sa sa ap koute w, ou kapab anvizaje ede yon lòt pati nan peyi a oswa ede nan yon lòt peyi. Si se sa w vle, ou menm ansanm ak kolèj ansyen kongregasyon w lan ta dwe ekri biwo filyal kote w enterese al sèvi a pou ba yo enfòmasyon sou lavi w nan teyokrasi a. Li ta saj pou w vizite zòn nan anvan w deside si wi ou non w ap demenaje nèt.

3 Pran prekosyon lè w ap chanje peyi : Gen anpil anpil frè k ap demenaje pou lòt peyi, swa paske y ap chèche yon lavi miyò, swa paske yo dèyè yon soulajman kont maspinay. Annatandan, gen kèk ki viktim anba endividi dechèpiyè ki pwomèt pou yo ede yo pran pye nan nouvo peyi a, men ki sèlman pran lajan nan men yo epi yo lage yo. Nan kèk ka menm, endividi sa yo eseye fòse imigran yo pou yo lage kò yo je fèmen nan imoralite. Lè yo refize, yo lage yo alamèsi peyi yo fèk antre a. Konsa, sitiyasyon imigran yo vin pi mal pase jan yo te ye a nan pwòp peyi pa yo. Petèt yo menm bezwen mande frè pou loje yo, e pou n pi klè, pou ede yo. Sa vin mete yon fado sou do lòt fanmi kretyen ki te deja ap lite ak pwòp pwoblèm ak difikilte pa yo. Manm nan kèk kay twouve yo separe fizikman youn ak lòt, e demenajman dwat e gòch sa yo afebli fanmi yo espirityèlman. — 1 Tim. 6:8-11.

4 Si w vle demenaje pou avantaj pèsonèl ou, kèlkeswa kote w abite a, sonje byen w ap gen pwoblèm pou w fè fas. Kote ou deja konn lang nan ak abitid moun peyi a, l ap pi fasil pou w venk pwoblèm yo pase pou al derape tou nouvo nan yon milye ou pa abitye avè l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje