BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/11 p. 4-6
  • Èske w ka “vin Masedwàn”?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w ka “vin Masedwàn”?
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Èske w kapab janbe al Masedwàn?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Fason nou kapab fè plis nan sèvis n ap bay Bondye a
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Fikse objektif pou nouvo ane sèvis la — Deplase al sèvi kote ki gen plis bezwen
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • “ Èske nou ta dwe demenaje ?”
    Ministè Wayòm nan — 2000
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 8/11 p. 4-6

Èske w ka “vin Masedwàn”?

1. Ki sa k te fè Pòl ak konpayon l yo al Masedwàn?

1 Ozanviwon ane 49 epòk nou an, apot Pòl te kite Antyòch nan peyi Siri pou l fè yon dezyèm vwayaj antanke misyonè. Li te gen entansyon pou li vizite Efèz ak lòt vil ki nan Azi Minè. Men, Pòl te resevwa yon envitasyon grasa lespri sen pou l te “vin Masedwàn” pito. Pòl ak moun ki te akonpaye l yo te kontan aksepte envitasyon sa a, e yo te jwenn privilèj pou yo etabli premye kongregasyon nan rejyon an (Tra. 16:9, 10; 17:1, 2, 4). Jodi a, gen kèk kote sou tè a ki bezwen plis moun pou patisipe nan travay rekòt k ap fèt la (Mat. 9:37, 38). Èske sitiyasyon w pèmèt ou al ede zòn ki gen plis bezwen yo?

2. Poukisa kèk pwoklamatè pa reflechi sou posiblite pou yo deplase al viv nan yon peyi etranje?

2 Petèt ou gen menm etadespri misyonè apot Pòl te genyen an men ou poko reflechi seryezman sou posiblite pou w deplase al viv nan yon lòt peyi. Petèt, ou pa gen posiblite asiste Lekòl Gileyad paske w depase laj yo mande a, oubyen paske w se yon sè selibatè oubyen ou gen timoun ki sou kont ou toujou. Petèt ou pa janm panse deplase al viv nan yon lòt peyi paske w pa fin sèten ou ka aprann yon lòt lang. Oubyen ou se yon imigran k ap viv nan peyi w ye kounye a pou rezon ekonomik e ou retisan pou w deplase al viv yon lòt kote. Men apre w fin lapriyè sou sa, ou ka wè sitiyasyon w lan pa yon obstak ki anpeche w deplase al viv nan yon peyi etranje ki bezwen èd.

3. Poukisa yon moun pa bezwen asiste Lekòl Gileyad pou li efikas nan travay predikasyon an nan yon peyi etranje?

3 Èske m oblije asiste Lekòl Gileyad? Ki sa ki te pèmèt Pòl ak konpayon l yo reyisi nan travay yo t ap fè a? Yo te konte sou Jewova ak lespri sen l pou ede yo (2 Kor. 3:1-5). Se sa k fè, menm lè sitiyasyon w pa pèmèt ou resevwa yon fòmasyon espesyal, ou ka toujou efikas nan travay predikasyon an nan yon peyi etranje. Anplis de sa, pa bliye ou toujou jwenn fòmasyon nan Lekòl ministè teyokratik ak reyinyon sèvis la. E si w fikse objektif pou w asiste Lekòl Gileyad oubyen yon lòt lekòl ki bay fòmasyon menm jan an, lefètke w deplase al viv nan yon lòt peyi sa ap pèmèt ou goute sèvis misyonè a e sa ap ba w anpil eksperyans k ap itil ou pi devan si yo ta agreye w pou w jwenn yon fòmasyon espesyal.

4. Poukisa moun ki gen anpil laj yo pa dwe panse yo pa ka deplase pou y al preche nan yon peyi etranje?

4 Moun ki gen anpil laj yo: Moun ki gen anpil laj, ki gen matirite nan domèn espirityèl e ki plizoumwen an sante ka itil anpil nan peyi ki bezwen plis pwoklamatè. Èske w deja pran retrèt ou? Menm moun ki resevwa yon ti kòb pansyon ki pa anpil ka viv ase byen ak ti kòb sa a nan peyi an devlopman yo. Depans y ap fè nan peyi sa yo pi ba pase depans yo konn fè nan peyi yo, e menm depans pou bonjan swen medikal konn pi ba tou.

5. Rakonte eksperyans yon frè retrete te fè lè l te deplase al viv nan yon peyi etranje.

5 Gen yon frè retrete ki ansyen e ki pyonye pèmanan, ki t ap viv nan yon peyi kote moun yo pale anglè, ki te deplase al viv nan sidès Azi. Li t al abite nan yon zòn anpil touris frekante dekwa pou l te ka ede yon gwoup anglè ki te gen nèf pwoklamatè ladan l. Gwoup la te preche 30 000 etranje ki te abite nan zòn nan. Nan dezan te gen 50 moun ki t ap asiste reyinyon yo. Men sa frè a te ekri: “Lefètke m te deplase vin isit la, sa fè m jwenn benediksyon ki pi estrawòdinè pase tout benediksyon m te jwenn. Tan an pa pèmèt mwen rakonte nou tout valè benediksyon mwen jwenn yo.”

6. Rakonte eksperyans yon jèn sè te fè lè l te deplase al viv nan yon peyi ki bezwen plis pwoklamatè.

6 Sè selibatè yo: Jewova sèvi ak sè yo pou preche bon nouvèl la nan peyi ki bezwen plis pwoklamatè yo, e li fè sa yon fason ki enpresyonan (Sòm 68:11). Gen yon jèn sè selibatè ki te fikse objektif pou l al nan yon lòt peyi pou l ka fè plis nan travay predikasyon an, men paran l yo te enkyete anpil pou sekirite l, e nou ka konprann sa. Se sa k fè, jèn sè sa a te chwazi yon peyi ki stab nan domèn politik e nan domèn ekonomik. Li te ekri biwo filyal peyi a, e li te resevwa enfòmasyon presi ki te ka ede l. Pandan sizan li te viv nan peyi sa a, li te jwenn anpil benediksyon. Men sa li di: Lakay mwen m pa t gen anpil posiblite konsa pou m kondui etid biblik. Men lefètke mwen t al sèvi kote ki gen plis bezwen, sa te pèmèt mwen kondui plizyè etid e sa te ede m devlope kapasite m genyen pou m anseye.”

7. Rakonte eksperyans yon fanmi te fè lè l te deplase al viv nan yon lòt peyi.

7 Fanmi yo: Si w gen timoun, èske sa anpeche w deplase al viv nan yon peyi etranje pou w preche bon nouvèl la? Gen yon fanmi ki te deside al viv nan yon peyi etranje. Nan fanmi an te gen de timoun, youn te gen uit an e lòt la te gen dizan. Men sa manman an ekri sou eksperyans yo te fè: “Nou te kontan dèske nou te ka leve pitit nou yo isit la, paske yo te frekante pyonye espesyal yo ak misyonè yo. Lefètke n ap sèvi yon kote ki bezwen plis pwoklamatè sa fè nou jwenn plis satisfaksyon nan lavi nou.”

8. Èske li posib pou yon moun al sèvi nan yon peyi etranje san li pa aprann yon lòt lang? Esplike.

8 Enkyetid pou nou aprann yon lòt lang: Èske se kesyon aprann yon lòt lang ki anpeche w al viv nan yon lòt peyi? Li posib pou w jwenn moun ki pale lang ou pale a nan peyi kote ki bezwen plis pwoklamatè pou preche mesaj Wayòm nan. Gen yon mari ak madanm li ki pale anglè, ki t al viv nan yon peyi kote moun yo pale espayòl e nan peyi sa a te gen yon bon valè imigran ki te pale anglè. Apre yo te fin resevwa enfòmasyon biwo filyal la te ba yo sou plizyè kongregasyon anglè ki bezwen plis pwoklamatè, yo te chwazi youn nan kongregasyon sa yo epi yo te vizite l de fwa. Yo te retounen nan peyi yo, yo te diminye kantite kòb yo te konn depanse chak mwa e yo te sere lajan pou ennan. Lè yo te prè pou yo deplase al viv nan peyi a, frè nan zòn sa a te ede yo jwenn kay ki pa t twò chè pou yo abite.

9, 10. Ki sa moun ki kite peyi yo pou y al viv nan yon lòt peyi ka panse fè e poukisa?

9 Emigran yo: Èske w te kite peyi w pou w al viv nan yon lòt peyi, petèt anvan w te aprann laverite? Nan peyi w la ka gen yon gwo bezwen pou moun patisipe nan travay predikasyon an. Èske w ka reflechi sou posiblite pou w retounen nan peyi w pou bay yon kout men? Li pwobab pou w jwenn travay ak kote pou w abite pi fasil pase yon etranje. Sandout, ou deja pale lang moun yo pale a. Anplis de sa, moun yo ka pi dispoze koute mesaj Wayòm nan si yon moun natif natal preche yo pase si se yon etranje ki preche yo.

10 Gen yon mesye ki sot Albani ki t al Itali antanke refijye, li te vin jwenn yon bon travay e li te konn voye lajan bay fanmi l ki te Albani. Apre li te fin pran laverite, li te aprann yon gwoup pyonye espesyal Italyen pale albanè paske gwoup sa a t apral sèvi kote ki te gen plis bezwen nan peyi Albani. Men sa frè a ekri: “Gwoup sa a t apral nan tèritwa mwen te kite a. Yo pa t menm konnen lang yo pale nan peyi a men yo te kontan pou yo ale. Lang mwen se albanè e mwen konn kilti peyi a. Ki sa m ap fè ann Itali?” Frè a te deside retounen al viv Albani pou l bay èd li nan simaye bon nouvèl la. Men sa li di: “Èske m regrèt mwen te kite travay mwen ak lajan mwen t ap fè ann Itali? M pa janm regrèt anyen. Bonjan travay la se ann Albani m jwenn li. Dapre mwen menm, travay ki vrèman gen enpòtans e ki bay lajwa k ap dire pou toutan an se sèvi Jewova ak tout kè w!”

11, 12. Ki sa moun k ap reflechi sou posiblite pou y al abite nan yon peyi etranje dwe fè?

11 Kòman w ka fè sa?: Anvan Pòl ak konpayon l yo t al Masedwàn, yo te gen entansyon vwayaje nan direksyon lès, men “lespri sen te entèdi yo”, se sa k fè yo vire al nan direksyon nò (Tra. 16:6). Lè yo te prèske rive Bitini, Jezi pa t pèmèt yo ale la (Tra. 16:7). Jewova sèvi ak Jezi pou l kontinye sipèvize travay predikasyon an (Mat. 28:20). Pakonsekan, si w ap reflechi sou posiblite pou w al viv nan yon lòt peyi pou w sèvi kote ki gen bezwen, lapriyè pou w ka chèche direksyon Jewova — Lik 14:28-30; Jak 1:5; gade kare ki gen tit: “Ki sa w ka fè pou w konnen si peyi w panse al abite ladan l lan bezwen èd.”

12 Mande ansyen nan kongregasyon w lan ak lòt kretyen ki gen matirite opinyon yo sou desizyon ou anvi pran pou w al sèvi kote ki bezwen èd (Pwo. 11:14; 15:22). Li atik yo pibliye ki pale sou sèvi nan peyi etranje, fè rechèch sou kèlkeswa peyi ou panse al abite ladan l lan. Èske w ka vizite peyi ki enterese w la, petèt pou w pase yon bon ti tan ladan l anvan? Si se toutbon ou deside al abite nan yon lòt peyi, ou ta dwe ekri biwo filyal ki nan peyi sa a pou yo ba w plis enfòmasyon. W ap jwenn adrès yo nan Annuaire ki pi resan an. Sepandan, olye w voye lèt ou a bay biwo filyal la dirèkteman, bay ansyen nan kongregasyon w lan lèt la, konsa y ap voye l bay filyal la apre yo fin ajoute kòmantè pa yo. — Gade liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah, paj 111-112.

13. Kòman biwo filyal la ka ede w, men ki responsablite ou menm ou genyen?

13 Biwo filyal la ap voye enfòmasyon sou peyi a ba ou pou ede w nan desizyon w gen pou pran, men filyal la pap ba w yon lèt pou l di w l ap soutni w nan domèn finansye. Li pa ka ba w ni rezidans, ni viza ni okenn lòt papye legal, ni li pa ka chèche kay pou ou. Tout bagay sa yo se bagay pèsonèl k ap mande pou w byen reflechi sou yo anvan w deside demenaje. Anplis de sa, se ou menm k ap responsab pou w kontakte anbasad yo oubyen konsila yo pou w jwenn enfòmasyon konsènan viza ak pèmi w ap bezwen pou w travay nan peyi a. Moun ki deside demenaje yo dwe anmezi pou yo pran swen tèt yo e yo dwe kapab ranpli egzijans legal peyi a. — Gal. 6:5.

14. Ki prekosyon nou bezwen pran lè n ap vizite yon peyi kote yo entèdi travay predikasyon an oubyen lè nou deside al abite ladan l?

14 Peyi kote yo entèdi travay predikasyon an: Gen kèk peyi kote frè ak sè k ap viv ladan l yo oblije pran anpil prekosyon pou yo adore Jewova (Mat. 10:16). Pwoklamatè k al vizite peyi sa yo oubyen k al abite ladan yo ka atire atansyon sou aktivite espirityèl frè yo ap fè e konsa yo ka mete sekirite frè ak sè sa yo an danje san yo pa rann yo kont. Si w ap reflechi sou posiblite pou w al abite nan yon peyi konsa, anvan w aji ekri biwo filyal peyi ou abite a yon lèt men se ansyen nan kongregasyon w lan k ap voye lèt la bay filyal la.

15. Si sitiyasyon yon moun pa pèmèt li deplase, ki sa l ka fè pou l rive fè plis nan travay predikasyon an nan zòn li ye a?

15 Si w pa ka al abite nan yon lòt peyi: Si w pa gen posiblite pou w deplase al nan yon lòt peyi, ou pa bezwen dekouraje. Petèt gen yon lòt “gwo pòt ki mennen nan aktivite” ki ouvri pou ou (1 Kor. 16:8, 9). Siveyan sikonskripsyon w lan ka konnen zòn ki bezwen èd e ki pa twò lwen lakay ou. Petèt ou ka ede yon kongregasyon lang etranje oubyen yon gwoup ki tou pre w. Oubyen ou ka fè plis nan sèvis w ap bay Jewova nan kongregasyon ou ye a. Kèlkeswa sitiyasyon w, sa k pi enpòtan se adore Jewova ak tout nanm ou. — Kol. 3:23.

16. Kòman nou ta dwe reyaji si yon moun ta renmen deplase pou l al sèvi nan yon peyi etranje?

16 Èske w konnen yon kretyen ki gen matirite nan domèn espirityèl ki fikse objektif pou l al sèvi nan yon peyi etranje? Ebyen, se pou w ankouraje moun sa a epi soutni l. Lè Pòl te kite Antyòch nan peyi Siri, vil sa a te twazyèm pi gwo vil nan anpi women an (apre Wòm ak Aleksandri). Ak yon gwo tèritwa konsa, sandout kongregasyon Antyòch la te bezwen èd apot Pòl e yo t ap sonje l anpil si l ta deplase al yon lòt kote. Malgre sa, Labib pa di frè nan kongregasyon an te dekouraje Pòl pou anpeche l deplase. Sanble olye frè yo te panse ak kongregasyon pa yo sèlman, yo te sonje “jaden an, se monn nan”. — Mat. 13:38.

17. Bay kèk rezon ki ka pouse yon moun reflechi sou nesesite pou l “vin Masedwàn”?

17 Lefètke Pòl ak konpayon l yo te aksepte envitasyon pou yo vin Masedwàn, yo te jwenn anpil benediksyon. Pandan yo te Masedwàn nan vil Filip, yo te rankontre Lidi, e “Jewova te ouvri kè l byen laj pou l koute sa Pòl t ap di yo.” ​(Tra. 16:14). Imajine lajwa Pòl ak konpayon misyonè l yo te dwe genyen lè Lidi ak tout moun lakay li te batize! Nan anpil peyi, gen moun sensè menm jan ak Lidi ki poko tande mesaj Wayòm nan. Si w “vin Masedwàn” ou ka gen privilèj pou w rankontre moun sensè sa yo pou w ede yo, e w ap kontan.

[Kare nan paj 5]

Ki sa w ka fè pou w konnen si peyi w panse al abite ladan l lan bezwen èd

• Al nan Annuaire ki pi resan an. Gade ki kantite moun chak pwoklamatè dwe preche nan peyi sa a.

• Sèvi ak Index yo pou w fè rechèch sou peyi ki enterese w la, li atik yo ekri sou peyi a ak eksperyans moun yo te fè.

• Pale ak pwoklamatè ki te vizite peyi sa a oubyen ki te viv ladan l.

• Si w gen entansyon deplase al viv nan yon peyi k ap pèmèt ou preche nan lang natif natal ou, fè rechèch sou kèk sous pwofàn tankou Entènèt, pou w wè konbyen moun ki pale lang pa w la nan peyi sa a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje