Repons kesyon w yo
◼ Ki jan nou kapab ede yon moun ki te fè lontan inaktif pou li retounen kalifye kòm proklamatè bon nouvèl Wayòm nan ?
Lè yon moun ki inaktif demontre li vle sèvi Jewova ak tout kè li, se yon rezon pou nou rejwi (Lik 15:4-6). Petèt moun sa a te kite opozisyon oswa presyon lavi a anpeche l bay etid pèsonèl li, reyinyon ak predikasyon, plas yo dwe genyen nan lavi li. Ki pi bon fason nou kapab ede yon moun konsa, dekwa pou l ka rive fè pwogrè espirityèl ?
Nou tout ta fèt pou nou pran devan pou nou montre nou toujou renmen kretyen sa a toutbon. Ansyen yo ta dwe chèche konnen bezwen espirityèl moun nan san pèdi tan (Jak 5:14, 15). Si yon moun ki pa t fè lontan inaktif jwenn èd nan men yon pwoklamatè ki gen eksperyans, sa gen dwa sifi pou l retounen aktif ankò. Sepandan, si moun sa a te fè lontan san li pa patisipe nan aktivite kongregasyon an, yo ka bezwen ede l piplis toujou. Li ta ka pwofitab pou moun nan fè yon etid pèsonèl nan yon piblikasyon ki apwopriye pou bati lafwa l e pou l rive gen plis apresyasyon pou bagay espirityèl. Nan ka sa a, siveyan sèvis la ap fè aranjman dekwa pou yon pwoklamatè konpetan fè etid la (Ebre 5:12-14 ; gade Repons kesyon w yo nan Ministè Wayòm novanm 1998). Si w konnen yon moun ki bezwen yon èd konsa, fè siveyan sèvis kongregasyon w lan konn sa.
Anvan nou envite yon moun ki te fè lontan inaktif pou li rekòmanse patisipe nan predikasyon, li saj pou de ansyen fè yon ti pale avè l pou yo wè si li kalifye kòm pwoklamatè. Y ap fè menm sa yo konn abitye fè lè yo reyini ak yon nouvo ki vle kòmanse preche bon nouvèl la (gade nan La Tour de Garde 15 novanm 1988, paj 17). Moun ki te inaktif la ta fèt pou li montre toutbonvre li pa vle kenbe bon nouvèl la pou li sèlman. Anmenmtan, vi li bezwen ann amoni ak egzijans nou jwenn nan paj 99 liv Notre ministère la. Epitou, li ta dwe regilye nan reyinyon.
Pou yon moun ki retounen aktif ankò rive fòtifye relasyon l avèk Jewova, pou li rive kenbe relasyon presye sa a, yon bon pwogram espirityèl kapab itil li anpil pou l kontinye mache sou wout lavi etènèl la (Mat. 7:14 ; Ebre 10:23-25). Si l fè “ bonjan efò ”, si l devlope yon seri kalite ki pèmèt li andire, sa va ede l, antanke disip kretyen, pou li pa janm retounen swa “ inaktif, swa esteril ” ankò. — 2 Pyè 1:5-8.