Pa bliye inaktif yo
1. Poukisa nou dwe chèche ankouraje moun ki inaktif yo ?
1 Èske w konnen yon moun ki inaktif ? Petèt, li sispann frekante kongregasyon an epi li ale aladeriv. Petèt ou konn rankontre moun konsa pandan w nan predikasyon kay an kay. Nou dwe sonje moun sa a ki inaktif la toujou frè nou. Nou bezwen montre l nou toujou renmen l, ede l retounen nan kongregasyon an epi ede l retounen vin jwenn “ sila a ki bèje e ki siveyan nanm nou an ”. — 1 Pyè 2:25.
2. Ki jan nou kapab ankouraje yon moun ki inaktif ?
2 Montre nou gen sousi pou yo : Yon apèl telefonik oswa yon vizit kapab bay yon moun ki inaktif asirans nou pa bliye l. Ki sa nou kapab di ? Nou kapab ankouraje l lè nou fè l konnen nou t ap panse ak li. Fè yon jan pou konvèsasyon an rete pozitif e ankourajan (Fil. 4:8). Nou kapab mansyone yon pwen nou te apresye nan dènye reyinyon an. Nou kapab envite moun nan tou nan pwochen reyinyon an oswa nan pwochen asanble a e nou kapab pwopoze l pou nou rezève yon plas pou li oswa pou nou fè aranjman transpò pou li.
3. Ki jan yon sè te vin aktif ankò ?
3 Nan yon tèritwa, yo te rankontre yon sè ki te inaktif pandan plis pase 20 an. Byenke sè a pa t vle aksepte yon etid biblik, sè ki te rankontre l la te kontinye vizite l, e li te konn pote peryodik pou li. Apre yon kongrè distri, sè a te pataje kèk pwen yo te diskite nan kongrè a ak sè ki inaktif la, e finalman li te vin aktif ankò.
4. Ki jan nou ta dwe trete yon moun ki rekòmanse frekante kongregasyon an lè li vin asiste reyinyon yo ?
4 Nan reyinyon : Lè yon moun ki inaktif rekòmanse asiste reyinyon yo, ki jan nou ta dwe trete l ? Ebyen, ki jan Jezi te trete disip li yo apre yo te abandone l pou yon ti tan ? Avèk afeksyon, li te pale de yo antanke “ frè ” li e li te montre li gen konfyans nan yo. Li te menm ba yo fè yon travay ki enpòtan (Mat. 28:10, 18, 19). Yon ti tan annapre, yo te okipe nan anonse bon nouvèl la “ san rete ”. — Tra. 5:42.
5. Bay de sitiyasyon kote nou dwe pale ak ansyen yo konsènan yon moun ki inaktif ?
5 Lè yon moun retounen : Anvan nou ofri yon moun ki inaktif pou nou etidye avè l, oswa anvan nou envite yon moun ki gen lontan depi l inaktif pou li akonpaye nou nan predikasyon, nou dwe chèchè direksyon ansyen yo. Si nou rankontre yon pwoklamatè inaktif nan tèritwa a, nou dwe enfòme ansyen yo pou yo kapab ba l èd ki nesesè.
6. Ki kalite jwa nou ka jwenn si nou ede moun ki inaktif yo ?
6 Jan Bib la montre sa aklè, se sèlman moun ki fini kous la k ap sove (Mat. 24:13). Pakonsekan, veye kiyès moun ki trebiche oswa ki ale aladeriv. Si, ak pasyans, nou reflete lanmou Jewova lè nou demontre enterè sensè nou genyen pou moun sa yo, nou ka gen lajwa pou nou wè yo rekòmanse nan sèvis sakre a bò kote nou. — Lik 15:4-10.