BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/01 p. 1
  • “ Se pou limyè nou an klere ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Se pou limyè nou an klere ”
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • “Se pou limyè nou briye”
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • “Se pou limyè nou briye” pou n bay Jewova glwa
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • “Se pou limyè nou klere”
    Ann chante pou Jewova
  • “Se pou limyè nou klere”
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
Ministè Wayòm nan — 2001
km 1/01 p. 1

“ Se pou limyè nou an klere ”

1 Moralman e espirityèlman, monn ki alantou nou an nan fènwa. Limyè verite a devwale “ zèv esteril ” fènwa yo yon fason pou moun ka evite trebiche sou obstak mòtèl sa yo. Se sa ki fè apòt Pòl egzòte kretyen yo pou yo “ mache kòm pitit limyè. ” — Efe. 5:8, 11.

2 “ Fwi limyè a ” se lekontrè nèt ak tènèb ki gen nan monn nan (Efe. 5:9). Pou nou pwodui fwi sa a kòm kretyen, sa mande pou lavi nou se yon modèl, modèl moun Jezi apwouve. Nou dwe montre tou nou gen bèl kalite tèlke devouman, senserite, ak antouzyas pou laverite. Li nesesè pou fwi sa a vizib ni nan lavi nou toulejou ni nan ministè nou.

3 Klere nan tout okazyon : Jezi te di disip li yo : “ Se pou limyè nou an klere devan lèzòm. ” ​(Mat. 5:16.) Menm jan ak Jezi, lè nou preche Wayòm Bondye a epi nou fè konnen pwogram li yo, nou reflete limyè Jewova a. Nou klere tankou flanbo lè nou fè vizit kay moun, lè nou simaye verite a nan travay nou, nan lekòl nou, pami vwazen nou yo oubyen nan nenpòt lòt okazyon. — Fil. 2:15.

4 Jezi te konnen gen kèk moun ki ta rayi limyè a (Jan 3:20). Konsa nou pap dekouraje lè pifò moun refize kite “ limyè gloriye bon nouvèl konsènan Kris la ” klere yo (2 Kor. 4:4). Jewova konn li nan kè lèzòm e li pa vle moun k ap pratike sa k pa sa nan mitan pèp li a.

5 Lè nou suiv chemen Jewova trase a epi nou pran plezi nan limyè espirityèl la, nou kapab transmèt li bay lòt moun. Si grasa konduit nou, moun sa yo rekonèt nou “ gen limyè lavi a ”, yo menm tou yo kapab motive pou yo fè chanjman ki nesesè lakay yo. Konsa y ap vin pòtèdlimyè. — Jan 8:12.

6 Lè limyè nou klere, nou louwe Kreyatè ki fè nou an. Nou ede moun ki sensè yo pou yo vin konnen li. Anplis, yo vin gen espwa lavi etènèl (1 Pyè 2:12). Piske nou gen limyè a, annou sèvi avèk li pou gide lòt moun. Y a wè chemen k ap fè yo soti nan fènwa espirityèl la, pou yo vin pwodui zèv limyè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje