BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/11 p. 1
  • “Se pou limyè nou briye”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Se pou limyè nou briye”
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • “ Se pou limyè nou an klere ”
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • “Se pou limyè nou briye” pou n bay Jewova glwa
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • “Se pou limyè nou klere”
    Ann chante pou Jewova
  • “Se pou limyè nou klere”
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
Ministè Wayòm nan — 2011
km 5/11 p. 1

“Se pou limyè nou briye”

1. Ki bagay nou gen privilèj pou nou pataje ak moun yo?

1 Depi solèy la leve pou jis li pral kouche, bèl limyè l k ap klere a fè louwanj pou Jewova. Sepandan, gen yon lòt kalite limyè Jezi te mande disip li yo pou yo genyen, se “limyè k ap mennen nan lavi a”. (Jan 8:12.) Se yon privilèj espesyal pou yon moun gen limyè espirityèl sa a k ap briye nan li, men se yon gwo responsablite sa ye tou. Men ki enstriksyon Jezi te bay disip li yo: “Se pou limyè nou briye devan lèzòm.” ​(Mat. 5:16). Konsa, lòt moun ka pwofite limyè sa a. Jodi a, nan domèn espirityèl, gen yon gwo fènwa pwès nan monn nan. Nou dwe pataje limyè nou genyen an ak lòt moun e kounye a, gen plis nesesite pou nou fè sa pase tout lòt lè. Menm jan ak Jezi, kòman nou ka fè limyè nou briye?

2. Kòman Jezi te montre enpòtans sa genyen pou nou pataje limyè espirityèl la ak lòt moun?

2 Lè nou preche: Jezi te itilize tan li, fòs li ak bagay materyèl li genyen pou l fè moun yo konnen laverite ki tankou yon limyè k ap briye. Li te fè sa tout kote li te ka jwenn moun, tankou nan kay, sou plas piblik, sou tèt mòn. Li te rekonèt lè li bay moun yo vrè limyè espirityèl la se yon bagay ki gen yon valè dirab (Jan 12:46). Pou Jezi te rive atenn plis moun toujou, li te prepare disip li yo pou yo vin “limyè monn nan”. (Mat. 5:14.) Disip yo te kite limyè yo briye lè yo te fè byen pou pwochen yo e yo te fè yo konnen laverite nan domèn espirityèl.

3. Kòman nou ka demontre bonjan apresyasyon pou laverite ki tankou yon limyè k ap briye?

3 Sèvitè Bondye yo pran responsablite yo genyen pou yo “kontinye mache tankou pitit limyè” a trèzoserye, se sa k fè yo preche tout kote yo ka jwenn moun (Efe. 5:8). Lè nou nan lekòl oubyen nou nan travay, si nou annik li Bib la oubyen yon lòt piblikasyon yon kote moun ka wè nou, sa ka ouvri pòt pou nou kòmanse yon konvèsasyon biblik. Gen yon jèn sè ki te itilize metòd sa a, li te kòmanse yon etid biblik e li te plase liv ak 12 elèv nan klas li a.

4. “Pou limyè nou briye”, poukisa sa mande pou nou gen yon bon konduit?

4 Lè nou fè bèl aksyon: Pou limyè nou briye sa mande pou nou toujou byen konpòte nou tou nan aktivite n ap mennen chak jou (Efe. 5:9). Kèlkeswa kote yon kretyen ye, kit se nan travay, nan lekòl, oubyen nan nenpòt lòt andwa piblik, li fasil pou moun remake bèl konduit li genyen e sa ka ba li okazyon pou l fè moun yo konnen verite ki nan Bib la (1 Pyè 2:12). Pa egzanp, bon konduit yon tigason senk an te genyen te pouse yon pwofesè lekòl li rele paran l. Men sa pwofesè a te di yo: “Mwen pa janm wè yon timoun konsa, yon timoun ki byen konprann nesesite pou l toujou fè sa ki dwat.” Wi, grasa travay predikasyon an e grasa bon konduit nou genyen nou ka atire moun yo vin nan “limyè ki mennen nan lavi a” e konsa, y ap vin fè louwanj pou Bondye.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje