Ki sa nou panse de kasèt videyo ki rele La Bible : une force dans votre vie ?
Pandan w ap reponn kesyon annapre yo, di ki efè mesaj ki nan kasèt sa a te fè sou ou. 1a) Ki sa ki te bay dè milyon moun fòs pou yo fè chanjman dekwa pou yo amelyore lavi yo (Ebre 4:12) ? 1b) Ki sa ki nesesè pou nou jwenn fòs sa a e pou nou fè l sèvi nan lavi pa nou ? 2) Ki vèsè Labib yo site nan kasèt videyo a ki ka ede de moun marye, a) pou yo amelyore kominikasyon antre yo, epi b) pou yo metrize kòlè yo ? 3) Ki jan fason kretyen yo wè maryaj ka amelyore lavi fanmi an (Efe. 5:28, 29) ? 4) Ki egzanp san parèy Jewova Dye trase devan nou, lè li bay tout timoun twa bagay yo bezwen, twa bagay yo renmen ? Ki jan paran yo ka fè menm jan an tou jodi a (Mak 1:9-11) ? 5) Poukisa paran yo ta dwe fè efò pèsonèlman pou yo anseye pitit yo Labib, epi ki sa ki montre li bon pou yo fè sa yon fason regilye (Det. 6:6, 7) ? 6) Ki jan paran yo ka fè pou etid familyal la enteresan ? 7) Apa etid Labib, ki lòt bagay Pawòl Bondye a ankouraje paran yo fè pou pitit yo ? 8) Ki jan konsèy Bib la bay ka ede fanmi yo pou yo debat ak pwoblèm ekonomik yo rankontre ? 9) Ki prensip biblik, lè w mete yo an pratik, ki ka ede w pwoteje sante w ? 10) Ki jan prensip biblik yo te fè enfliyanse lavi w ? 11) Poukisa si w fè yon moun gade kasèt videyo sa a lè w ap fè yon nouvèl vizit, sa ka pouse l aksepte yon etid biblik ?