Bib la se yon fòs pisan nan lavi nou
Bib la ede plizyè milyon moun fè chanjman nan lavi yo, yon fason pou yo amelyore lavi yo. Ki prensip biblik konsa lè nou mete yo an pratik, sa ap ede nou fè fas ak pwoblèm n ap rankontre jodi a? Sandout, w ap kontan jwenn repons kesyon sa a lè w gade videyo sa a ki gen tit: La Bible: une force dans votre vie, se dezyèm videyo nan twa videyo yo prezante sou DVD ki gen tit: La Bible: un livre historique et prophétique. Apre w fin gade videyo sa a, èske w ka reponn kesyon sa yo?
1) Poukisa nou ka di Bib la se pa jis yon bèl liv literati (Ebre 4:12)? 2) Si Bib la ka ede moun amelyore lavi yo, poukisa lèzòm gen tout pwoblèm sa yo k ap fè yo soufri? 3) Ki ide santral Bib la? 4) Ki vèsè biblik yo te site nan videyo a ki ka ede moun marye yo a) amelyore fason yo kominike youn ak lòt b) metrize kòlè yo? 5) Kòman pwennvi kretyen yo genyen sou maryaj la pèmèt yo amelyore lavi fanmi yo (Efe. 5:28, 29)? 6) Nan ki sans Jewova bay paran yo yon egzanp pafè pou yo suiv (Mak 1:9-11)? 7) Ki sa paran yo ka fè pou etid familyal la enteresan? 8) Nonsèlman paran yo dwe etidye Labib ak pitit yo, ki lòt bagay ankò Pawòl Bondye a ankouraje yo fè pou pitit yo? 9) Kòman konsèy Bib la bay ka ede fanmi yo andire anba pwoblèm ekonomik? 10) Ki prensip Bib la bay sou pwòpte, sou dwòg ak sou bwè alkòl depase limit, si nou suiv yo k ap ede nou diminye pwoblèm sante nou ta ka genyen? 11) Ki pwomès nan Bib la ki ka fòtifye nou (Jòb 33:25; Sòm 145:16)? 12) Nan ki sans ansèyman ki nan Pawòl Bondye a ede w amelyore lavi w? 13) Kòman w ka sèvi ak videyo sa a pou w ede lòt moun?