BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/01 p. 3
  • Kongrè se epòk kè kontan !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kongrè se epòk kè kontan !
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • Jewova ap rasanble pèp li a ki gen kè kontan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Èske nou apresye bagay ki sakre ?
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • “ Pawòl pwofetik Bondye a ” : Kongrè distri 1999
    Ministè Wayòm nan — 1999
Ministè Wayòm nan — 2001
km 5/01 p. 3

Kongrè se epòk kè kontan !

1 Kongrè Temwen Jewova yo, se okazyon gwo lakontantman. Pandan plis pase santan, rasanbleman sa yo te kontribye pou nou rive jwenn ogmantasyon ki vin genyen nan òganizasyon nou an. Lè nou te kòmanse, bagay yo pa t gra, men, nou wè Jewova te beni travay mondyal nou an anpil anpil. Premye kongrè nou te fè nan tan modèn nan, se te nan Chikago, Ilinwa, an 1 893. Sou yon total 360 asistan, nou te gen 70 moun ki te batize pou yo montre yo te vwe vi yo bay Jewova. Nan seri kongrè distri “ Moun k ap mete Pawòl Bondye an pratik yo ” ki te fèt ane pase, nou te gen yon asistans total 9 454 055 moun, e te gen 129 367 moun ki te batize. Ala yon bèl rezon pou nou kontan !

2 Depi nan tan biblik yo, youn nan bon okazyon yo te konn itilize pou yo bay enstriksyon Jewova yo, se te rasanble yo te konn rasanble pèp Bondye a. Nan epòk Ezra ak Neyemya, pèp la te koute lekti Lalwa a “ depi solèy leve jiska midi ”. (Ney. 8:2, 3.) Kòm yo te vin pi byen konprann Lalwa nan okazyon sa a, pèp la te vin gen yon “ gwo lakontantman ”. (Ney. 8:8, 12.) Nou menm tou, nou rejwi, paske kongrè yo founi yon bèl okazyon pou nou resevwa bonjan enstriksyon ak manje espirityèl Jewova ban nou “ nan tan apwopriye ” pa mwayen “ esklav fidèl e eklere a ”. (Mat. 24:45). Piske Jezi te di lòm dwe viv ak “ tout pawòl ki soti nan bouch Jewova ”, kongrè yo enpòtan anpil pou nou ka pote nou byen espirityèlman. — Mat. 4:4.

3 Sa vo lapenn pou nou fè tout efò nou pou nou la : Nou tout nou ta dwe gen objektif pou nou la nan tout pwogram kongrè distri “ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ” a. Nou ta dwe prepare nou pou nou rive bonè chak jou, e pou nou rete jiskaske nou reponn “ Amèn ! ” nan priyè final la. Pou nou rive fè sa, nou ka oblije chanje pwogram nou. Nou ka gen pwoblèm pou nou jwenn konje nan travay nou pou n al asiste kongrè a. Nou dwe pran yon pozisyon fèm pou nou pa kite anyen fèt paraza. Si nou bezwen fè aranjman pou lojman oswa pou transpò, nou ta dwe fè sa byen bonè. Kèlkeswa efò nou dwe fè a, sa vo lapenn !

4 Pèp Jewova a jwenn benediksyon nan asiste kongrè. Men ou pa ka mezire benediksyon sa yo ni an goud ni an dola. Gade egzanp kèk moun ki te detèmine pou yo te asiste kongrè entènasyonal “ Volonte Bondye ” a. Se te yon kongrè Temwen Jewova yo t ap fè nan vil Nouyòk an 1958. Te gen yon frè ki te fèmen yon biwo konstriksyon li te genyen pandan 2 semèn, pou l te ka ofri tèt li kòm volontè, e pou l te ka asiste asanble a. Te gen yon frè nan Ilvyèj ki te vann plis pase yon kawo edmi tè (anviwon 155 santyèm) pou toule sis manm fanmi l te ka al nan kongrè a. De jèn moun marye te vann yon bato a motè yo te genyen pou yo te kapab mennen toule twa pitit yo, soti nan laj 2 mwa pou rive nan laj 7 an, nan kongrè a. An Kalifòni nan peyi Etazini, yo te di twa frè ki te vle ale nan kongrè a, si yo deplase kite djòb yo a, lè yo retounen, y ap revoke yo. Sa pa t anpeche yo ale nan kongrè sa a, yon kongrè pèsonn pa ka bliye.

5 Jewova ap rekonpanse bonjan efò nou fè : Jewova wè efò pèp li a e li beni l (Ebre 6:10). Paregzanp, nan kongrè “ Ogmantasyon teyokratik la ”, ki te fèt an 1950, moun ki te asiste yo te tande diskou istorik sa a : “ Nouvo sistèm de choz yo ”. Frè Frederick Franz te chofe enterè tout moun lè l te poze kesyon sa a : “ Èske nou menm ki la a, k ap asiste kongrè entènasyonal sa a aswè a, nou ta kontan aprann pami nou la a, gen moun ki pral vin prens sou tè tounèf la ? ” Plis pase 50 an gentan pase, epoutan, nou toujou kontan pou eklèsisman sa a yo te bay sou Sòm 45:16 la.

6 Men sa yon alatèt fanmi ki gen rekonesans te ekri, apre li fin asiste kongrè distri ane pase a : “ Frè m yo, nou pap janm konnen jis nan ki pwen kongrè distri sa a te enpòtan. Fanmi m avè m nou te vini nan vil sa a pou rezon ekonomik, men nou vin wè espirityalite nou vin tonbe an degraba. [...] Nou te neglije devwa nou kòm kretyen. Nou te menm sispann asiste reyinyon, nou te sispann preche. [...] Kongrè sa a remanbre nou, e yon lòt fwa ankò, nou vize objektif espirityèl, e n ap òganize nou pou nou reyalize yo. ”

7 Jewova ban nou manje espirityèl nou bezwen. Li sèvi nou yon tab gani nan kongrè nou yo. Apresyasyon nou pou dispozisyon sa a ta dwe pèmèt nou di menm pawòl ak Kònèy lè apot Pyè te vizite l la : “ Nan moman sa a, nou tout nou prezan devan Bondye pou nou tande tout bagay Jewova ba w lòd pou w di. ” ​(Tra. 10:33). Annou vize objektif ane sa a, pou nou “ prezan devan Bondye ” nan chak sesyon kongrè distri “ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ” a, epi kè n ap kontan !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje