Èske nou apresye bagay ki sakre ?
1 Si yo ta mande nou si nou apresye bagay ki sakre, li byen posib se wi nou t ap reponn byen vit ! Kilès nan dispozisyon sakre Bondye yo nou apresye ?
2 Ala cheri nou cheri relasyon pèsonèl Papa nou ki nan syèl la pèmèt nou genyen avèk li ! Li asire nou si nou ‘ pwoche bò kote li, l ap pwoche bò kote nou ’. (Jak 4:8.) Pèsonn moun pa t ap ka resevwa lavi etènèl la, san se pa t ranson sakrifis Jezi Kris la (Jan 3:16). Rekonesans sensè nou genyen fè nou lapriyè toulejou pou nou di kokenn apresyasyon nou pou bèl kado sa a Bondye ban nou an.
3 Lasent Bib, Pawòl Bondye enspire a, sakre pou nou tou. Se menm bagay pou òganizasyon terès Jewova a. Nou montre nou apresye dispozisyon Jewova sa yo vre lè nou viv ann akò ak prensip biblik yo e lè nou kore lanmou fratènèl la. Nou fè sa tou, lè nou pran prekosyon pou n respekte lòd teyokratik la e lè nou kopere avèk sila ki alatèt yo. — 1 Pyè 1:22.
4 Pa mwayen esklav fidèl e eklere a nou resevwa yon abondans nouriti espirityèl. Nou pral verifye sa ane sa a, nan kongrè distri “ Moun k ap mete Pawòl Bondye an pratik yo ”. Nan kongrè sa a, gen enstriksyon ki esansyèl nou pral resevwa e n ap kapab pwofite bon anbyans fratènèl nou bezwen prese prese a. Ki jan nou kapab montre nou apresye dispozisyon sakre sa a ak tout kè nou?
5 Pa neglije mezon Jewova a : Neyemya te avèti moun yo ki t ap travay di pou rebati miray Jerizalèm yo, pou yo ‘ pa neglije mezon Bondye yo a ’. (Ney. 10:39.) Jounen jodi a, “ mezon ” Jewova a reprezante dispozisyon Jewova pran pou moun adore. Kongrè distri nou an se yon pati nan dispozisyon sa a. Pou nou pa neglije dispozisyon sa a, fòk nou la pami asistan yo e fòk nou koute ak anpil atansyon. Konsa, n ap montre Jewova nou bay dispozisyon l yo anpil anpil valè (Ebre 10:24, 25). Ki planifikasyon nou ta dwe fè depi kounye a pou montre nou apresye san rezèv rasanbleman sakre sa a ?
6 Asiste touletwa jou yo : Nou tout ta dwe fè aranjman pou nou pami asistan yo touletwa jou kongrè a. Èske w planifye pou w rive bonè chak jou epi pou w rete jiska priyè final dimanch lan ? Si se sa, gen yon pakèt benediksyon k ap tann ou. Asiste yon kongrè kapab pa toujou fasil. Fè ajisteman nan travay pwofàn ou kapab mande pou w pran yon pozisyon fèm. Ou kapab pa toujou vwayaje nan bon kondisyon. Men pa kite enkonvenyan sa yo dekouraje w pou w pa asiste kongrè a.
7 Egzamine bèl egzanp sa a : Lane pase, pandan yon gwoup frè te nan chemen pou y al nan yon kongrè distri nan peyi Afrik, yo te rankontre ak yon gwoup militè nan yon zòn ki gen lagè sivil. Yo te mande frè yo : “ Ki moun nou ye ? Ki bò nou prale ? ” Frè yo te reponn : “ Nou se Temwen Jewova e nou pral asiste yon kongrè distri. ” Youn nan sòlda yo te di : “ Nou menm Temwen Jewova nou pa pè anyen. Ale dwat e nou kapab rive nan kongrè nou an san pwoblèm. Sepandan, fètatansyon paske nou pral rankontre ak anpil sòlda. Toujou mache nan mitan wout la ! Si nou wè anpil moun rasanble, kontinye mache nan mitan wout la. ” Yo te fè sa, e yo te rive sennesòf nan kongrè a. Frè sa yo te rekonpanse paske yo te demontre yo apresye bagay ki sakre.
8 Menm jan ak frè nou yo ann Afrik, nou menm tou n ap fè fas ak pwòp eprèv pa nou. Men, pa gen dout, nou kapab imite lafwa yo e montre fòs volonte nou pou n asiste tout sesyon kongrè distri pa nou an. Si gen ajisteman ki nesesè pou fèt, kite Jewova gide nou, paske nou konnen l ap beni efò n ap fè pou n asiste tout pwogram nan nèt.
9 Rekòlte benediksyon : Nou anvi Pawòl Bondye a anpil paske nou konnen se grasa li nou kapab pwogrese pou nou jwenn sali a (1 Pyè 2:2). Se pou n asiste kongrè distri a epi koute pwogram nan. Sa pral ede nou chak bati yon lafwa ki pi solid nan Pawòl sa a e konsa n ap pi byen prepare pou n reziste kont atak Satan yo. Se nan fè konsa nou pral montre Jewova ak moun k ap gade nou yo, nou se moun ki apresye san rezèv bagay ki sakre. Y ap wè tou “ nou pa moun k ap fè bak [...], men nou se moun ki gen lafwa pou nanm nou rete an vi ”. — Ebre 10:39; 12:16; Pwo. 27:11.
10 Avèk asirans, nou mèt tann pou Jewova Dye louvri vàn syèl la pou l vide bondans benediksyon sou nou (Mal. 3:10). Fikse objektif ou pou w la nan kongrè distri “ Moun k ap mete Pawòl Bondye an pratik yo ”. Se pou w la depi nan kòmansman pwogram vandredi maten an jis rive nan priyè final ak “ Amèn ” dimanch apremidi a. Wi, ou pral kontan ou te fè sa !