“ Delivrans lan toupre ” Kongrè distri Temwen Jewova pou ane 2006
1. Nan tan lontan, ki jan pèp Bondye a te demontre rekonesans li pou vrè adorasyon an, e ki opòtinite nou menm tou nou genyen jodi a ?
1 Izkiya, wa Jida tan lontan an, te konn itilize kourè pou pote lèt bay pèp la pou konvoke yo pou yo rasanble nan Jerizalèm (2 Kwo. 30:6, 13). Reyaksyon pèp la te revele atitid yo anvè vrè adorasyon an (2 Kwo. 30:10-12). Menm jan an tou, nan mwa k ap vini yo, sèvitè Jewova yo ap gen opòtinite pou yo demontre ak tout kè yo rekonesans yo pou privilèj yo genyen pou yo rasanble pou adore Jewova. Yo te voye yon lèt bay kongregasyon w lan pou envite w vin asiste kongrè distri : “ Delivrans lan toupre ”. Ki jan w ap reyaji devan envitasyon sa a ?
2. Pou nou pwofite kongrè a omaksimòm, ki sa nou ka fè depi kounye a ?
2 Fè aranjman depi kounye a : Gen yon pwogram espirityèl ki prepare avèk amou pou nou. Pou nou pwofite pwogram sa a omaksimòm, nou bezwen la nan tout sesyon yo nèt. Avèk sajès, kòmanse fè tout aranjman ki nesesè pou ou menm avèk fanmi w ka asiste toule twa jou yo, e kòmanse fè sa depi kounye a (Pwo. 21:5). Petèt se konje pou w kòmanse mande nan travay ou, oubyen pou w pale avèk konjwen w ki pa Temwen de planifikasyon w ap fè, oubyen tou pou w ede etidyan w pou yo asiste toule twa jou yo. Pa kite bagay enpòtan sa yo pou w regle ala dènye minit. Okontrè, priye Jewova sou sa avèk asirans “ li menm l ap aji ”. — Sòm 37:5.
3. Poukisa nou dwe respekte tout dispozisyon ki pran anrapò ak lojman ?
3 Òganizasyon Jewova a fè tout posib li pou gen ase lojman nan chak vil kote kongrè a ap fèt. Rekonesans nou pou tout sakrifis, tout efò frè k ap travay di sa yo fè pou sa rive posib, konsiderasyon nou pou lòt moun k ap vin nan kongrè a ansanm ak respè nou dwe genyen pou lòd teyokratik, tout sa dwe pouse nou aplike tout enstriksyon nou jwenn nan atik sa a. — 1 Kor. 13:5 ; 1 Tes. 5:12, 13 ; Ebre 13:17.
4. Ki sa w dwe fè si w bezwen lojman, e ki responsablite sekretè kongregasyon an genyen nan sa ?
4 Lojman : Sèvis lojman se youn nan sèvis enpòtan pou kèk kongrè distri ki gen kongregasyon pwovens ladan yo. Lè yon kongresis fin vwayaje soti byen lwen, pafwa li fatige, li grangou, se nòmal lè sa a pou premye sousi l se konnen ki kote l ap loje. Sepandan, kolaborasyon moun k ap bezwen lojman yo nesesè pou sèvis sa a kapab byen fonksyone. Depi byen bonè, li bon pou yo fè sekretè kongregasyon yo a konnen y ap bezwen lojman pou li kapab voye lis demann lojman an bay siveyan Sèvis lojman an omwen 2 mwa anvan kongrè a. Sekretè a dwe sonje se pa bay biwo filyal la pou l voye lis la, men se bay siveyan Sèvis lojman kongrè a li dwe voye l. Petèt li ta menm nesesè, kèk jou anvan kongrè a, pou sekretè a pran kontak avèk siveyan Sèvis lojman an nan telefòn, pou l mande l plis enfòmasyon oubyen pou l ba l plis enfòmasyon (Gade kare ki nan paj 4 la).
5. Kòman moun ki abite nan zòn kote kongrè yo pral fèt la kapab kolabore ak Sèvis lojman an ?
5 E moun ki abite nan zòn kote kongrè a pral fèt la, kòman yo ka kolabore ak Sèvis lojman an ? Se vre, yo menm yo pap bezwen lojman. Sepandan, depi yo gen posiblite, li bon pou yo ofri kay yo pou loje kèk kongresis pandan kongrè a. Moun ki abite nan vil Okap, vil Okay, vil Gonayiv ak vil Senmak ap gen privilèj pou yo resevwa kongresis ki sot nan lòt lokalite. E moun ki abite nan zòn Kwadèboukè, Santo, Kwadèmisyon, Latan, Bonrepo, Maren, Taba, ap gen privilèj pou yo loje kongresis ki vin nan lòt kongrè. Nou tout, nou ta dwe fè sa ak tout kè nou. — Tra. 28:7 ; 1 Pyè 4:7-9.
6, 7. Ki sa ki ka fèt pou moun ki gen bezwen espesyal yo ?
6 Bezwen espesyal : Men sa nou li nan Pwovèb 3:27 : “ Pa refize fè byen pou moun ou dwe yo sa, chak fwa ou gen pouvwa nan men w pou w fè sa. ” Ki byen ou ka fè pou yon moun anrapò ak kongrè a ? Pwoklamatè ki aje yo, moun ki enfim yo, moun ki nan sèvis aplentan yo ansanm ak lòt moun ankò ka bezwen yon èd pratik anrapò ak transpò oswa ak lojman. Se fanmi moun sa yo an premye ki gen responsablite pou okipe yo de bezwen yo (1 Tim. 5:4). Si yo pa kapab, kwayan parèy yo kapab pote èd pa yo (Gal. 6:10). Siveyan etid liv yo dwe asire yo moun nan gwoup pa yo ki gen yon bezwen espesyal gentan fè bonjan planifikasyon yon bon ti tan anvan kongrè a.
7 Fòmilè Mande lojman pou ka patikilye a disponib sèlman pou pwoklamatè ki bezwen lojman e ki pa gen yon moun pa yo, yon zanmi oswa yon fanmi, ki ka loje yo kote kongrè a ap fèt la. Komite sèvis kongregasyon an ta dwe egzamine si pwoklamatè ki mande lojman yo kalifye pou sa. Se sèlman moun ki gen bon repitasyon yo ta dwe apwouve.
8. a) Poukisa nou ta dwe asiste kongrè yo envite kongregasyon pa nou an ? b) Ki sa nou dwe fè si kèk sikonstans oblije nou asiste yon lòt kongrè ?
8 Si w oblije asiste yon lòt kongrè : Pou ka gen ase chèz, ase piblikasyon, ase lojman, eksetera, yo ankouraje pwoklamatè yo pou y al nan kongrè yo envite kongregasyon pa yo a. Si kèk sikonstans oblije w al asiste yon lòt kongrè, se pou w wè ak sekretè kongregasyon w lan pou w ka konnen dat kongrè ou vle ale a e petèt pou yo fè aranjman lojman pou ou.
9. Site youn nan fason nou ka jwenn plis jwa nan kongrè k ap vini an.
9 Sèvis volontè : Pa gen dout, tout moun k ap asiste kongrè a, k ap tire pwofi nan manje espirityèl ki pral genyen ansanm ak konpayi edifyan frè ak sè yo, pral jwenn anpil jwa. N ap jwenn plis bonè toujou si nou ofri tèt nou kòm volontè pou nou patisipe nan travay k ap gen pou fèt pou kongrè sa a ka reyisi (Tra. 20:35). Talè konsa, komite kongrè yo pral envite moun vin patisipe nan travay sa yo. Èske w ka rann tèt ou disponib ? — Sòm 110:3.
10. Ki sa ou pi renmen nan kongrè distri yo, e ki detèminasyon ou ta dwe genyen ?
10 Gade ki sa yon tigason ki gen senkan te di pandan li t ap asiste yon kongrè distri : “ Nan tout bagay ki genyen nan adorasyon n ap bay Jewova, se kongrè mwen pi renmen. ” Pawòl sensè sa a ede nou tout rann nou kont kòman nou kontan asiste kongrè distri nou genyen chak ane yo. Sa salmis la te di nan chante a se vre : “ Yon jou nan lakou w pi bon pase mil nan lòt kote. ” (Sòm 84:10). Gen yon chante David te fè, e ladan l li te eksprime dezi li genyen pou l ‘ abite nan mezon Jewova a tout jou nan lavi l, dekwa pou l gade tanp Jewova a avèk admirasyon ’. (Sòm 27:4.) Sa te fè David plezi anpil pou l twouve l pami adoratè Jewova yo. Nou swete pou, menm jan ak David, nou montre rekonesans nou pou vrè adorasyon an lè nou asiste toule twa jou kongrè distri “ Delivrans lan toupre ” a.
[Kare nan paj 3]
Orè
Vandredi ak samdi
9:30 a.m. - 5:05 p.m.
Dimanch
9:30 a.m. - 4:10 p.m.
[Kare nan paj 4]
Sa nou dwe fè anrapò ak lojman
◼ Omwen 2 mwa alavans, sekretè kongregasyon an dwe ranpli fòmilè Mande lojman pou ka patikilye (CO-5-CR). Ansuit, l ap voye l bay siveyan Sèvis lojman kongrè pa l la.
◼ Nan fòmilè a, sekretè a ap presize a ki lè apeprè kongresis yo ka rive.
◼ Pa depase kantite moun yo te prevwa mete nan yon kay.
◼ Pafwa, li konn difisil pou sèvis lojman an loje moun yo toupre kote kongrè a ap fèt la. Se poutèt sa li bon pou kongresis yo prevwa lajan pou peye transpò pou fè ale vini ant kote yo loje a ak kote kongrè a ap fèt la.
Tanpri respekte konsiy sa yo tou :
1. Rete kote yo mete w la.
2. Si w te fin mande lojman epi ou pa bezwen l ankò, fè sekretè kongregasyon w lan konn sa.
3. Veye pou w kite kote w loje a pwòp lè w prale. Pa bliye remèt kle a anvan w ale.