“ Annou mache avèk Bondye ” Kongrè distri Temwen Jewova pou 2004
1 Ki sa ki fè kongrè distri yo se okazyon espesyal pou ou ? Èske se diskou ankourajan “ esklav fidèl ki prevwayan an ” byen prepare pou nou ansanm ak dram yo (Mat. 24:45-47) ? Èske se nouvo piblikasyon ki konn parèt yo, piblikasyon ki gen manje espirityèl nan moman apwopriye ladan yo ? Èske se eksperyans frè ak sè yo konn ap rakonte sou fason Bib la te rive chanje lavi yo ? Èske se rapò yo konn bay sou fason travay predikasyon an ap pwogrese nan lòt peyi ? Oubyen èske se paske sa ban nou posiblite pou nou pase ti tan ansanm ak frè ak sè parèy nou, kèlkeswa laj yo ? Wi, pou tout rezon sa yo e pou anpil lòt ankò, se toujou avèk anpil enpasyans n ap tann ki lè pou kongrè yo rive !
2 Bat pou w la toule twa jou yo : Jewova te sèvi ak Moyiz pou l te bay lòd pou yo “ rasanble pèp la [...] pou yo ka koute e pou yo ka aprann ”. (Det. 31:12.) Jewova sèvi ak esklav fidèl ki prevwayan an tou pou l prepare yon pwogram ki pou enstwi nou chak jou kongrè yo. Piske se ‘ pou byen nou ’ l ap anseye nou, nou sipoze la pou nou resevwa tout enstriksyon li prepare pou nou (Iza. 48:17). Si w ap bezwen mande konje nan travay ou, fè menm jan ak Neyemya, ki te montre li gen kouraj : priye Jewova sou sa epi al mande konje a (Ney. 1:11 ; 2:4). Yon lòt pwen ankò : n ap montre nou gen konsiderasyon pou manm fanmi nou ki pa Temwen si nou mete yo okouran de pwojè nou genyen pou n asiste kongrè, osito sa posib.
3 Lojman : Pandan y ap egzamine paj mitan sa a nan reyinyon sèvis la, nou sipoze deja konnen dat kongrè pa nou piske filyal la gentan voye yon lèt sou sa. Fè tout posib nou pou nou mande lojman omwen 2 mwa alavans (gade kare ki nan paj 4 la). Si se nan zòn kote kongrè a ap fèt la nou rete, se vre nou pap bezwen mande lojman, men yon bèl fason n ap kapab kolabore ak sèvis lojman an, se lè nou ofri kay nou pou loje kèk kongresis pandan twa jou kongrè a. Sa vle di, nou menm ki abite nan zòn Kwadèboukè, Santo, Kwadèmisyon, Latan, Bonrepo, Maren, Taba, nou pral gen yon bèl okazyon, nan kongrè distri k ap vini an, pou nou montre ospitalite nou. Se menm bagay la tou pou frè ki abite nan vil Okap, Gonayiv, Senmak ak Okay. — Tra. 28:7 ; 1 Pyè 4:9.
4 Si gen frè ki gen pwoblèm : Apot Pòl te fè kongregasyon Galasi yo sonje pou yo “ fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki paran [yo] nan lafwa ”. (Gal. 6:10.) Frè ak sè ki granmoun, ki enfim, paran k ap leve pitit yo pou kont yo ak moun ki nan sèvis a plen tan ka pa adrese nou, men ou gen dwa wè yo gen kont ti pwoblèm yo pou yo asiste kongrè a. Èske w an mezi pou w “ fè byen ” nan sans sa a, pou w pwopoze yo èd ou ? Si gen moun sitou ki ta dwe konnen sitiyasyon moun sa yo, se paran yo ak ansyen yo.
5 Si yon pwoklamatè ranpli yon fòmilè Mande lojman pou ka patikilye, komite sèvis kongregasyon an ap analize fòmilè a. Y ap egzamine pou yo wè si pwoklamatè a pa gen moun ki ka loje l kote kongrè a ap fèt la. Se sèlman pwoklamatè ki gen bon repitasyon nan kongregasyon an, ansanm ak pitit yo, k ap benefisye dispozisyon sa a. Nenpòt kesyon sèvis lojman an ta genyen sou yon demann ki fèt pou ka patikilye, l ap pran kontak ak sekretè kongregasyon an sou sa.
6 Li bon pou nou kolabore : Pandan kongrè a, plizyè santèn volontè pral potekole pou tout sèvis yo ka mache kòmsadwa. Manm sèvis akèy k ap travay anndan lokal la ak nan pakin yo ap ede nou jwenn plas pou nou chita, e y ap veye sou machin nou pandan kongrè a. Tout moun konnen nou se moun ki pwòp. Sèvis antretyen an gen privilèj pou l ede nou kenbe bèl repitasyon sa a. Ann fè efò pou nou kite kote nou fè yon ti moman ap adore Jewova a pi pwòp pase jan l te ye anvan an. Èske nou ka ede sèvis sa a oswa lòt sèvis ankò ki ta byen kontan nou soutni yo ? Èske n ap ofri tèt nou kòm volontè pou nou sèvi “ kòtakòt ” ansanm ak frè nou yo ? — Sef. 3:9.
7 Sa prèske gen 2 500 an, pèp Jewova a te fè yon gwo rasanbleman. Nan okazyon sa a, Ezra ansanm ak lòt Levit yo te li Pawòl Bondye a e yo te esplike l pou moun ki te la yo te ka konprann. Ki rezilta sa te bay ? Neyemya 8:12 aprann nou ‘ tout pèp la te ale [...] e yo te rejwi byen rejwi, paske yo te konprann pawòl yo te vin fè yo konnen yo ’. Èske nou pa kontan dèske klas esklav la fè menm jan ak Ezra ak Levit yo, li itilize Pawòl Bondye a, li esplike l e li montre nou ki jan pou nou aplike l nan vi nou ? Lè esklav la aji konsa, se yon fason pou l montre jan Jewova renmen pèp Li a toutbon e jan li gen sousi pou li. Konsa, pran rezolisyon pou w pa rate yon jou nan kongrè distri ki gen tèm : “ Annou mache avèk Bondye ” !
[Kare nan paj 3]
Orè
Vandredi ak samdi
9:30 a.m. – anviwon 5:10 p.m.
Dimanch
9:30 a.m. – anviwon 4:05 p.m.
[Kare nan paj 4]
Tanpri respekte konsiy sa yo
◼ Rete nan kay yo mete w la.
◼ Si w te fin mande lojman epi ou pa bezwen li ankò, fè sekretè kongregasyon w lan konn sa.
◼ Veye pou w kite kay la pwòp lè w prale. Pa bliye remèt kle kay la anvan w ale.
[Kare nan paj 4]
Sa nou dwe fè an rapò ak lojman
1. Sekretè kongregasyon an dwe ranpli fòmilè Mande lojman pou ka patikilye (CO-5-CR) omwen 2 mwa alavans. Ansuit, l ap voye l bay siveyan sèvis lojman asanble pa l la.
2. Nan fòmilè a, sekretè a ap presize a ki lè apeprè kongresis yo ka rive.
3. Pa depase kantite moun yo te prevwa mete nan yon kay.
4. Pafwa, li konn difisil pou sèvis lojman an loje moun yo toupre kote asanble a ap fèt la. Se poutèt sa li bon pou yo prevwa lajan pou peye transpò pou fè ale vini ant kote yo loje a ak kote kongrè a ap fèt la.