“ Bay Bondye glwa ” Kongrè distri Temwen Jewova pou 2003
1 Men ki kòmandman Jewova te sèvi ak pwofèt Izayi pou l bay : “ Koute sa m ap di w, o pèp mwen. E ou menm kominote nasyonal mwen, panche zòrèy ou. ” (Iza. 51:4). Piske n ap viv nan tan lafen, yon tan k ap vin pi mal chak jou, èske nou pa dakò bagay ki pi enpòtan ki te ka genyen se koute sa Jewova ap di nou ? Youn nan fason nou kapab “ panche zòrèy ” nou sou sa Jewova ap di nou, se lè nou obeyi lòd li ban nou pou nou rasanble pou nou adore l. Kongrè distri nou genyen chak ane yo ofri nou yon bèl okazyon pou nou fè sa, e se avèk anpil enpasyans n ap tann opòtinite sa a. Pou ane 2003 a, Kolèj santral Temwen Jewova yo pran dispozisyon, yon lòt fwa ankò, pou gen kongrè distri nan tout tèritwa ki sou kont filyal peyi d Ayiti.
2 Jan Toudegad 1ye jiyè 2002 a te anonse sa, n ap gen kongrè entènasyonal tou nan kèk peyi, e moun toupatou sou tè a ap gen posiblite asiste kongrè sa yo antanke delege. Piske vil kote kongrè sa yo ap fèt la pa anpil, se sèl kongregasyon ki jwenn envitasyon pou sa k ap kapab asiste kongrè sa yo. Men, nan tout kongrè yo n ap santi se tankou nou nan yon kongrè entènasyonal, piske ap gen misyonè nan anpil nan yo. E se va yon opòtinite pou nou tande kèk eksperyans yo te viv. Ki sa nou ka fè pou nou tire bonjan pwofi nan dispozisyon yo pran pou nou ka gen kongrè pandan sezon ete k ap vini an ?
3 Bat pou nou la chak jou : Si nou vle tire yon pwofi total nan enstriksyon esklav fidèl ki prevwayan an prepare pou nou, se pou nou fè tout sa n kapab pou n pa rate anyen nan pwogram nan (Mat. 24:45). Èske n ap bezwen mande konje pou nou ka la nan tout kongrè a ? Pa bliye : anvan Neyemya te mande wa Atazèsès pèmisyon pou l al rebati miray Jerizalèm yo, li te “ priye Bondye nan syèl la ”. (Ney. 2:4.) Ou menm tou ou ta dwe priye Jewova pou l ba w kouraj pou w al mande konje, yon fason pou w ka la toule twa jou yo. E si patwon an pa fin twò dakò pou l ba w konje a ? Nan ka sa ou ka esplike l se enstriksyon nou resevwa nan kongrè distri yo ki ede nou vin onèt, se grasa enstriksyon sa yo ki fè nou fè travay nou avèk dilijans opwen pou moun fè nou konfyans. Si w fè sa, petèt sa ka fè l vin dakò. Yon lòt bagay ankò : si nou gen moun nan fanmi nou ki pap sèvi Jewova, n ap montre nou gen konsiderasyon pou yo si, byen bonè, nou fè yo konnen nou gen pou n al nan kongrè.
4 Lojman : Pandan y ap egzamine paj mitan sa a nan reyinyon sèvis la, nou sipoze deja konnen dat kongrè pa nou an grasa lèt biwo filyal la te voye a. Fè tout posib nou pou nou mande lojman omwen 2 mwa alavans. Si se nan zòn kote kongrè a ap fèt la nou rete, se vre nou pap bezwen mande lojman, men yon bèl fason n ap kapab kolabore ak sèvis lojman an, se lè nou ofri kay nou pou loje kèk kongresis pandan twa jou kongrè a. Sa vle di, nou menm ki abite nan zòn Kwadèboukè, Santo, Kwadèmisyon, Latan, Bonrepo, Maren, Taba, nou pral gen yon bèl okazyon nan kongrè distri k ap vini an pou nou montre ospitalite nou. Se menm bagay la tou pou frè ki abite nan vil Okap, Gonayiv, Senmak ak Okay. — Tra. 28:7 ; 1 Pyè 4:9.
5 Si, pandan kongrè a, nou gen yon pwoblèm anrapò ak kote nou loje a, fè sèvis lojman an konn sa. Kèlkeswa difikilte nou rankontre, kit se anvan kongrè a kit se apre kongrè a, nou kapab toujou kontakte sèvis lojman an. Esplike pwoblèm nan an detay. Di sa nou te deja fè pou nou rezoud li, yon fason pou frè yo ka ban nou èd nou bezwen an.
6 Fè yon ti gade nan kongregasyon pa nou : Si nou okouran gen yon frè oswa yon sè ki gen yon pwoblèm fizik oswa yon pwoblèm materyèl k ap fè li difisil pou l al asiste kongrè a, èske nou pa ta ka “ laji kè nou ” ? Èske nou pa ta ka ede frè sa a oswa sè sa a (2 Kor. 6:12, 13 ; Det. 15:7) ? Nan 2 Korentyen 8:14, Pòl te ankouraje nou pou nou demontre etadespri sa a. Èske nou pa ta ka envite yo al nan kongrè a ansanm avèk nou ? Si se pyonye yo ye, y ap gen bonjan eksperyans pou yo pataje avèk nou nan wout la. Si se moun ki granmoun nan kongregasyon an, yo gen dwa rakonte nou yon bèl eksperyans teyokratik nou poko janm tande. Sa k pou di nou si ti moman sa a nou pase ansanm ak frè oswa sè sa a pap gen yon bon efè sou nou menm ak fanmi nou ? Moun sa yo ap rekonesan dèske nou te ede yo, e Jewova pap manke pa beni nou pou sa. — Pwo. 28:27 ; Mat. 10:42.
7 Natirèlman, yon moun ki granmoun, ki enfim, oswa ki nan sèvis a plen tan, se manm fanmi l, toudabò, ki pou ede l. Men, sa pa anpeche ansyen yo oubyen lòt moun nan kongregasyon an ki konn pwoblèm yo, fè sa yo kapab pou yo ede yo. — 1 Tim. 5:4.
8 Ofri tèt nou kòm volontè : Pandan kongrè a, plizyè santèn volontè pral potekole pou tout sèvis yo ka mache kòmsadwa. Manm sèvis akèy k ap travay anndan lokal la ak nan pakin yo ap ede nou jwenn plas pou nou chita, e y ap veye sou machin nou pandan asanble a. Tout moun konnen nou se moun ki pwòp. Sèvis antretyen an gen privilèj pou l ede nou kenbe bèl repitasyon sa a. Ann fè efò pou nou kite kote n al adore pou de twa jou a pi pwòp pase jan l te ye anvan an. Èske nou ka ede sèvis sa yo oswa lòt sèvis ankò ki ta byen kontan nou soutni yo ? Èske n ap ofri tèt nou kòm volontè pou nou sèvi “ kòtakòt ” ansanm ak frè nou yo ? — Sef. 3:9.
9 Nou gen moun k ap gade nou : Èske moun k ap gade nou yo wè diferans ki genyen ant nou menm ak monn nan ? Wi, yo wè l ! Gade ki remak manadjè kèk otèl fè nan yon vil Ozetazini : “ Nou te toujou konn resevwa moun ki vin nan [lòt kalite] kongrè, men pami tout moun sa yo, se nou menm ki pi konn kolabore, se nou menm ki pi janti. ” “ Semèn pase, te gen yon lòt gwoupman relijye ki te desann [nan otèl la]. Diferans ki genyen ant nou menm ak yo menm parèt byen klè. ” “ Nou konnen nou ka toujou konte sou èd nou ak kolaborasyon nou. ” Èske remak sa yo pa fè nou wè nan ki pwen “ sajès ki soti anlè a ” gen yon efè pozitif sou pèsonalite nou (Jak 3:17) ? Piske nou se ‘ yon sèn teyat devan monn nan ’, se pou lè moun yo ap gade konduit nou, yo wè Jewova, Bondye nou an, se yon Bondye ki diy e ki gran. — 1 Kor. 4:9.
10 Piske “ sèn monn sa a, se chanje l ap chanje ”, nou bezwen kongrè distri nou yo pou nou ka rete atantif espirityèlman (1 Kor. 7:31). Pou nou rive asiste tout kongrè a, sa mande efò, men se yon efò ki vo lapèn. Kongrè distri “ Bay Bondye glwa ” k ap genyen ane sa a, se yon kongrè ki prepare espesyalman pou ede nou rete tennfas, pandan n ap tann Jewova vin egzekite jijman l sou monn Satan an. Nou swete pou nou pa kite anyen anpeche nou resevwa enstriksyon Jewova prepare pou nou an. — Iza. 51:4, 5.
[Kare nan paj 3]
Orè
Vandredi ak Samdi
9:30 a.m. – 5:00 p.m.
Dimanch
9:30 a.m. – 4:05 p.m.
[Kare nan paj 4]
Sa nou dwe fè anrapò ak lojman
1. Mande lojman omwen 2 mwa alavans.
2. Pa depase kantite moun yo te prevwa mete nan yon kay.
3. Sèvis lojman an bezwen pran dispozisyon pou loje kongresis yo byen rapid, san yo pa kite yo tann twòp lè yo rive kote yo ba yo randevou a.
4. Siveyan sèvis lojman an bezwen antann li davans ak adjwen li yo sou dispozisyon y ap mete anplas pou sa.
5. Si gen kongresis k ap soti lwen, pifò nan yo ap rive sitou jedi, swa nan maten, swa nan aprèmidi oubyen menm nan aswè. Prepare ekip ki pou resevwa yo lè yo rive.
Tanpri respekte konsiy sa yo tou :
◼ Rete nan kay yo mete w la.
◼ Si w te fin mande lojman epi ou pa bezwen li ankò, fè sekretè kongregasyon w lan konn sa.
◼ Veye pou w kite kay la pwòp lè w prale. Pa bliye remèt kle kay la anvan w ale.