“ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ” — Kongrè distri Temwen Jewova yo pou 2001
1 Pwofèt Izayi prezante Jewova kòm Gran Pwofesè ki ap egzòte pèp li a tankou yon papa. Li di : “ Men chemen an. Mache ladann. ” (Iza. 30:20, 21). Men, ki jan n ap fè tande vwa Jewova k ap pale pou byen nou an ? Jewova pale ak pèp li a nan paj Bib la, tou kòm li fè sa nan piblikasyon ki baze sou Bib la, nan reyinyon yo, nan jounen asanble espesyal ak nan asanble sikonskripsyon e nan kongrè distri yo “ esklav fidèl e eklere a ” prevwa pou nou yo (Mat. 24:45). Nou kapab remèsye Jewova dèske li kontinye dirije nou nan chemen nou dwe mache a.
2 Chak ane kongrè distri a ban nou okazyon pou nou rasanble ansanm ak frè ak sè nou yo, e pou nou tande enstriksyon Jewova yo avèk atansyon. Ane pase, ann Ayiti 25 818 moun te asiste kongrè “ Moun k ap mete Pawòl Bondye an pratik yo ”, kongrè distri ki te rafrechisan espirityèlman. An 2001, yo pral òganize kongrè distri twa jou nan tout peyi a ankò. Nou konnen n ap tann avèk enpasyans pou nou fè aranjman nou pou nou ka la. Se sa k fè nou founi nou enstriksyon annapre yo pou ede nou.
3 Lojman : Pandan y ap egzamine paj mitan sa a nan reyinyon sèvis la, nou sipoze deja konnen dat kongrè pa nou an grasa lèt yo te voye a. Fè tout posib nou pou nou mande lojman omwen 2 mwa anvan dat kongrè a.
4 Gen moun ki te byen dispoze pou loje frè nou yo, men yo fè nou konnen kantite moun ki te vini lafwa pase a te depase sa yo te prevwa. Poukisa ? Paske gen kongresis ki te fè fanmi yo oswa zanmi yo vin jwenn yo pou yo ka rete menm kote. Donk, lè yo ban nou lojman nan yon kay, pa depase kantite moun mèt kay la oubyen sèvis lojman an te prevwa a.
5 Si nou gen yon pwoblèm anrapò ak kote nou loje a pandan kongrè a, enfòme sèvis lojman an. Kèlkeswa difikilte nou rankontre anvan kongrè a oswa apre kongrè a, nou kapab toujou kontakte sèvis lojman an. Eksplike pwoblèm nan an detay, di sa nou te fè pou rezoud li pou frè yo ka ban nou èd nou bezwen an.
6 Pèmèt frè ak sè nou yo fè ekonomi : Si nou depanse mwens kòb oswa si nou pa depanse anyen ditou pou lojman, n ap kapab sèvi ak lajan sa a pou nou soutni frè ak sè nou yo ansanm ak travay mondyal la. Menmsi nou kapab peye pou yon chanm pou tèt nou, li ta bon pou nou soutni sèvis lojman an lè nou itilize chanm ki disponib yo, paske moun ki te konn abitye ban nou kay gratis ka vin mande pou nou peye yo. Donk, suiv enstriksyon sa a se yon fason pou nou montre nou gen sousi pou lòt moun yo, e sa ann amoni ak 1 Jan 3:17 ansanm ak prensip ki nan 1 Korentyen 10:24 la.
7 Montre nou dispoze obeyi enstriksyon Sosyete a : Sa a se youn nan pwen nou ta dwe bay anpil enpòtans. Men sa nou li nan Ebre 13:17 : “ Se pou nou obeyi moun k ap dirije nou yo e se pou nou soumèt nou, paske y ap veye tout tan sou nanm nou, kòm òm ki gen kont pou rann, dekwa pou yo fè li ak lajwa e non pa nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou. ” Frè nou yo ap fè anpil demach pou kongrè a reyisi. Etandone se dezoutwa jou chak ane yo mande nou kopere nan domèn sa a, nou vle montre n ap soutni yo. Lè lòt frè nou yo wè bon egzanp nou, sa fasilite yon espri lanmou, yon espri inite ak tèt ansanm. — Gade 1 Korentyen 16:16 ; Filipyen 2:1-4.
8 Ka patikilye : Moun ki granmoun, ki enfim, sèvitè a plen tan oswa lòt moun ankò kapab bezwen èd pou yo asiste kongrè a. Manm fanmi yo, ansyen yo oubyen manm kongregasyon an ki konnen pwoblèm yo, kapab fè sa ki nesesè ak tout kè yo, san yo pa bezwen lage reskonsablite a sou do frè k ap òganize kongrè a. — Gade 1 Timote 5:4.
9 Si w dwe asiste yon lòt kongrè : Si w bezwen yon lis rekòmandasyon pou lojman oswa enfòmasyon sou yon lòt kongrè, sekretè kongregasyon an kapab fè w jwenn adrès biwo kongrè a nan do demann chanm pou ka patikilye. Lè w fè demann chanm nan, si sa nesesè, voye l pa lapòs. Tou mete nan anvlòp la yon lòt anvlòp ki gen adrès ou sou li epi kole yon tenm sou li. Si y ap fè plizyè kongrè nan vil sa a, se pou w asire w ou make dat kongrè ou vle asiste a.
10 Konklizyon : Kòm moman an ap pwoche pou w asiste kongrè distri pa w la, fè sa vin rezondèt lapriyè w devan Jewova pou w kapab la nan tout sesyon twa jou yo pou w tire plis pwofi nan pwogram nan. Èske w deja mande konje nan travay ou pou twa jou kongrè ou planifye pou w asiste a ? Si w poko, fè li osito sa posib. Jeneralman yo pa akòde demann konje nan travay odènye moman. Esklav fidèl e eklere a pwograme kongrè distri ane sa a ki gen tit : “ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ”, pou enstriksyon espirityèl nou e pou bati lafwa nou. Kidonk, se pou w kòmanse ranje pwogram pa w depi kounye a pou w ka la. Konsa w ap suiv egzòtasyon salmis la ki di : “ Pami foul ki rasanble yo, beni Bondye ” ! — Sòm 68:26.
[Kare nan paj 3]
Orè
Vandredi ak Samdi
9:30 a.m. – 5:00 p.m.
Dimanch
9:30 a.m. – 4:00 p.m.
[Kare nan paj 4]
Sa nou dwe fè anrapò ak lojman
1. Mande lojman omwen 2 mwa anvan dat kongrè a.
2. Pa depase kantite moun yo te prevwa mete nan yon kay.
3. Sèvis lojman an bezwen pran dispozisyon pou loje kongresis yo rapid rapid san yo pa kite yo tann twòp lè yo rive kote yo ba yo randevou a.
4. Siveyan sèvis lojman an bezwen antann li davans ak adjwen li yo sou dispozisyon y ap mete anplas pou sa.
5. Si gen kongresis k ap soti lwen, pifò nan yo ap rive sitou jedi, swa nan maten, swa nan aprèmidi oubyen menm aswè. Prepare ekip ki pou resevwa yo lè yo rive.
Tanpri respekte konsiy sa yo tou :
◼ Rete nan kay yo mete w la.
◼ Si w te fin mande lojman epi ou pa bezwen li ankò, fè sekretè kongregasyon w lan konn sa.
◼ Veye pou w kite kay la pwòp lè w prale.