“ Moun k ap mete Pawòl Bondye an pratik yo ” — Kongrè distri Temwen Jewova yo pou lan 2000
1 “ Mwen vle selebre ou nan gran kongregasyon an, pami yon pil pèp m ap louwe ou. ” (Sòm 35:18.) Imajine jan sa ta fè David anpil plezi jodi a pou l wè plizyè milye moun pezib sa yo rasanble ansanm pou ranmase enstriksyon Bondye nan kongrè ete nou yo ! Èske w te pami 24 571 moun ki te asiste nan youn nan kongrè distri “ Pawòl pwofetik Bondye a ” ? Soti jiyè rive nan kòmansman out 1999, te gen yon total 9 kongrè yo te òganize nan 5 vil peyi d Ayiti. Kongrè distri nou yo pou lan 2000 pral ban nou pòtinite rasanble ansanm ak adoratè Jewova frè nou yo ki “ konsyan yo pòv espirityèlman ”. E yo kontan, yo cho pou ‘ tande sa lespri a di kongregasyon yo ’. — Mat. 5:3 ; Rev. 2:29.
2 Pandan gen bonjan preparasyon k ap fèt pou kongrè a, nou ta renmen fè kèk rapèl sou kesyon lojman an. Koperasyon nou sou kesyon sa a pral demontre rekonesans nou pou dispozisyon yo pran pou nou yo. Se vre gen anpil nan pwen sa yo nou konnen deja, men li enpòtan pou nou tout byen konprann reskonsablite nou genyen devan Jewova pou soutni sa k ap fèt pou kongrè yo.
3 Lojman : Pandan y ap egzamine paj mitan sa a nan reyinyon sèvis la, nou sipoze deja konnen dat kongrè pa nou grasa lèt yo te voye a. Fè tout posib nou pou nou mande lojman omwen 2 mwa anvan dat kongrè a.
4 Gen moun ki te byen dispoze pou loje frè nou yo, men yo fè nou konnen kantite moun ki te vini lafwa pase te depase sa yo te prevwa a. Poukisa ? Paske gen kongresis ki te fè fanmi yo oswa zanmi yo vin jwenn yo pou yo ka menm kote. Donk, lè yo ban nou lojman yon kote, pa depase kantite moun mèt kay la oubyen sèvis lojman an te prevwa a.
5 Si nou gen yon pwoblèm anrapò ak kote nou loje a pandan kongrè a, enfòme sèvis lojman an. Kèlkeswa difikilte nou rankontre anvan kongrè a oswa apre kongrè a, nou kapab toujou kontakte sèvis lojman an. Eksplike pwoblèm nan an detay, di sa nou te fè pou rezoud li pou frè yo ka ban nou èd nou bezwen an.
6 Pèmèt frè ak sè nou yo fè ekonomi : Si nou depanse mwens kòb oswa si nou pa depanse anyen ditou pou lojman, n ap kapab sèvi ak lajan sa a pou nou soutni frè ak sè nou yo ansanm ak travay mondyal la. Menmsi nou kapab peye pou yon chanm pou tèt nou, li ta bon pou nou soutni sèvis lojman an e itilize chanm ki disponib yo, paske moun ki te konn abitye ban nou lojman gratis ka vin mande pou nou peye yo. Donk, swiv enstriksyon sa a se yon fason pou nou montre nou gen sousi pou lòt moun yo, e sa ann amoni ak 1 Jan 3:17 ansanm ak prensip ki nan 1 Korentyen 10:24 la.
7 Montre nou obeyisan devan enstriksyon Sosyete a : Sa a se youn nan pwen nou ta dwe bay anpil enpòtans. Men sa nou li nan Ebre 13:17 : “ Se pou nou obeyi moun k ap dirije nou yo e se pou n soumèt nou, paske y ap veye tout tan sou nanm nou, kòm òm ki gen kont pou rann, dekwa pou yo fè l ak lajwa e non pa nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou. ” Frè nou yo ap fè anpil demach pou kongrè a reyisi. Etandone se dezoutwa jou chak ane yo mande nou kopere nan domèn sa a, nou vle montre n ap soutni yo. Lè lòt frè nou yo wè bon egzanp nou, sa fasilite yon espri lanmou, inite ak tèt ansanm. — Gade 1 Korentyen 16:16 ; Filipyen 2:1-4.
8 Ka patikilye : Moun ki granmoun, ki enfim, sèvitè a plen tan oswa lòt moun ankò kapab bezwen èd pou yo asiste kongrè a. Manm fanmi yo, ansyen yo oubyen manm kongregasyon an ki konnen pwoblèm yo, kapab fè sa ki nesesè ak tout kè yo, san yo pa bezwen lage reskonsablite a sou do frè k ap òganize kongrè a. — Gade 1 Timote 5:4.
9 Pou asiste yon lòt kongrè : Si w bezwen yon lis rekòmandasyon pou lojman oswa enfòmasyon sou yon lòt kongrè, sekretè kongregasyon an kapab fè w jwenn adrès biwo kongrè a nan do demann chanm pou ka patikilye. Lè w fè demann chanm nan, si nesesè, voye l pa lapòs. Tou mete nan anvlòp la yon lòt anvlòp ki gen adrès ou sou li epi kole yon tenm sou li. Si y ap fè plizyè kongrè nan vil sa a, se pou w asire w ou make dat kongrè ou vle asiste a.
10 Fè aranjman pou w asiste tout twa jou yo : Èske Satan ap eseye distrè w sou atansyon ou dwe bay bagay espirityèl yo ? Malerezman, anpil frè ak sè ansanm ak tout fanmi yo pèdi yon bon valè nan nouriti espirityèl enpòtan an. Ki jan ? Yo pa asiste sesyon vandredi kongrè distri a. Nan sèten ka nou remake gen yon gwo pousantaj nan frè nou yo ki rate ni enstriksyon espirityèl la ni anbyans fratènèl nou jwi nan jounen vandredi a.
11 Se posib gen sèten frè ki ezite pou abòde patwon yo pou mande yo konje pou asiste kongrè a. Èske sa se ka pa w ? Poukisa w pa priye Jewova sou sa epi rasanble kouraj ou pou w eksplike patwon an sitiyasyon an ? Raple nou bon rezilta Neyemya te jwenn nan yon sitiyasyon ki te menm jan an (Neyem. 2:1-6). Se pou n gen lafwa nan Papa nou nan syèl la ki prèt pou ede n, paske l konnen si nou mete enterè Wayòm nan devan, l ap ban nou bagay ki nesesè pou lavi a. — Mat. 6:32b, 33.
12 Ki efè kongrè nou yo fè sou ou ? Men sa yon sè ki nan lès Etazini te ekri : “ Mèsi anpil pou kongrè distri 1999 la. Lè m ansanm ak frè mwen wè sèlman yon fwa chak ane yo, sa fè m kontan anpil. Mwen te vin an kontak ak verite a alòske mwen te nan adolesans e mwen te ansent. E mwen toujou sonje moman sa a ak anpil afeksyon lè moun ki t ap etidye Labib la avèk mwen an te mennen m nan premye kongrè m. Mwen t ap gade nyaj yo anlè tèt mwen nan estad sa a ki pa kouvri a alòske nou t ap chante kantik Wayòm ‘ Des myriades de frères ’. Mwen te tonbe kriye. Avèk tout bonjan moun sa yo ki antoure m nan, mwen te poze tèt mwen kesyon : ‘ Ki jan Jewova fè asepte m ? ’ Jou sa a mwen te deside pou m sèvi Jewova nèt. ” Ala sa touchan ! Sètènman se yon plezi pou n frekante pèp Jewova a, yon pèp pwòp, se pa vre ?
13 Pandan nou nan pati final dènye jou yo, nou pi bezwen kongrè distri ane a pase oparavan. Se yon dispozisyon Jewova pran pou kenbe nou an sante ak nan ekilib espirityèl. Pakonsekan, pran rezolisyon ane sa a pou asiste touletwa jou kongrè distri “ Moun k ap mete Pawòl Bondye an pratik yo ”. Kouman w ka fè pou w pouswiv rezolisyon w lan nèt ? Mande patwon w lan konje davans pou w asiste tout kongrè a nèt. Si mwayen w piti, depi kounye a, kòmanse mete kòb w ap bezwen an sou kote pou w al asiste a. Mande Jewova pou l ede w venk nenpòt ki obstak. Lè w fè konsa, ou kapab anvizaje plezi w ap jwenn nan bon anbyans ak frè ak sè w yo, epi pou w tande pawòl lavi etènèl k ap soti nan men Jewova, Papa selès ki renmen nou an. — Gade Jan 6:68.
[Kare nan paj 3]
Orè
Vandredi ak Samdi
9:30 a.m. – 5:00 p.m.
Dimanch
9:30 a.m. – 4:00 p.m.
[Kare nan paj 4]
Sa nou dwe fè anrapò ak lojman
1. Mande lojman omwen 2 mwa anvan dat kongrè a.
2. Pa mete nan yon kay kantite moun ki depase sa yo te prevwa.
3. Sèvis lojman an bezwen pran dispozisyon pou loje kongresis yo rapid rapid san yo pa kite yo tann twòp lè yo rive kote yo ba yo randevou a.
4. Siveyan sèvis lojman an bezwen antann ni davans ak asistan l yo sou dispozisyon y ap mete anplas pou sa.
5. Si gen kongresis k ap soti lwen, pifò nan yo ap rive sitou jedi, swa nan maten, swa nan aprèmidi oubyen menm aswè. Prepare ekip ki pou resevwa yo lè yo rive.
Respekte konsiy sa yo tou tanpri :
◼ Rete nan lojman yo mete w la.
◼ Si w te fin mande lojman epi ou pa bezwen l ankò, fè sekretè kongregasyon w lan konn sa.
◼ Veye pou w kite lojman an pwòp lè w prale.