BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/99 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Soutit
  • Semèn 6 desanm
  • Semèn 13 desanm
  • Semèn 20 desanm
  • Semèn 27 desanm
  • Semèn 3 janvye
Ministè Wayòm nan — 1999
km 12/99 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

NOTE SA : Apati Ministè Wayòm sa a, pwogram reyinyon sèvis la pral gen premye pati nan reyinyon sèvis mwa k ap vini an ladann. Se yon ajisteman ki la pou pran devan pou si Ministè Wayòm nan rive an reta, paske pral gen yon nouvo dispozisyon pou ekspedisyon.

Semèn 6 desanm

Kantik 207

10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan.

15 min : “ Ann imite Jewova ki pa nan patipri. ” Pa pran plis pase yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons. Eksplike sa sa vle di : pa nan patipri. Eksplike fason Jewova demontre li pa fè patipri, e jan nou kapab montre nou menm nou konsa nan ministè nou. — Gade Étude perspicace, volim 1, paj 1175, paragraf 8 ak paj 1176, paragraf 1-3.

20 min : “ Èske nou te tande sa deja ? ” Diskou ak konvèsasyon avèk oditwa a. Envite oditwa a fè kòmantè sou fason rapèl ede yo konprann laverite a ak fason li ede yo apresye l piplis toujou. Gade La Tour de Garde 15 jiyè 1995, paj 21-2 ak 15 out 1993, paj 13-14, paragraf 10-12.

Kantik 218 ak priyè final.

Semèn 13 desanm

Kantik 168

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Bay sijesyon sou jan pou reponn avèk tak moun ki swete nou Bòn Fèt. Si kongregasyon an gen liv Le plus grand homme oswa Grand enseignant nan estòk li, montre jan yo ka itilize yo avèk efikasite nan ministè a pandan peryòd fèt Nwèl la.

15 min : “ Lekòl ministè teyokratik pou lan 2000 ”. Siveyan Lekòl ministè teyokratik la ap fè diskou sa a. Rewè chanjman ki pral gen nan pwogram nan pou nouvo ane a. Ekspoze No 3 a pral baze sou “ Sujets de conversation bibliques ” nou jwenn nan Traduction du monde nouveau a. Ekspoze No 4 la pral kontinye sou pèsonaj biblik ki nan Étude perspicace des Écritures. Pandan twa dènye mwa nan ane a l ap baze sou “ Sujets de conversation bibliques ”. Kote nou wè siy pou nimewo (#) parèt anvan tèm ekspoze sa a, li preferab pou se yon frè yo bay fè li. Ankouraje tout moun pou yo ajou ak lekti Labib yo a pou semèn nan e pou yo byen prepare ekspoze yo ba yo fè nan Lekòl la.

20 min : “ Ki sa pou n di yon ate ? ” Kesyon⁄repons. Rewè divès rezon ki fè anpil moun pèdi lafwa nan Bondye. Sijere kèk fason nou kapab abòde yo. Ede yo wè jan li lojik pou yo rekonèt egzistans Bondye. Fè youn oswa de demonstrasyon tou kout. Pou plis enfòmasyon gade liv Comment raisonner, paj 106-112 ak L’humanité à la recherche de Dieu, chapit 14.

Kantik 220 ak priyè final.

Semèn 20 desanm

Kantik 219

10 min : Anons lokal. Envite kèk pwoklamatè vin rakonte an brèf eksperyans enteresan yo te fè dènyèman nan predikasyon.

15 min : Kòman pou n reponn objeksyon moun soulve. Konvèsasyon avèk oditwa a ak demonstrasyon. Li ribrik “ Remarques ” ki nan paj 15 liv Comment raisonner a. Vini ak dezoutwa objeksyon ki nan paj 16-20, oswa sèvi ak lòt objeksyon nou rankontre souvan nan tèritwa nou an. Rewè kèk repons yo sijere, epi analize poukisa yo kapab efikas pou zòn nan. Fè kèk demonstrasyon brèf sou yo. Envite oditwa a rakonte repons yo konn itilize ki bay bon rezilta.

20 min : “ Èske m ta dwe asepte yon travay ki gen rapò ak yon òganizasyon relijye ? ” Yon ansyen ap fè yon diskou ki baze sou La Tour de Garde 15 avril 1999, paj 28-30. Gen kèk moun ki te asepte yon travay konsa, men annaprè yo dekouvri travay y ap fè a pa ann akò ak prensip biblik yo. Rewè ki kesyon nou bezwen egzamine lè n ap pran desizyon konsènan yon travay pwofàn ki gen rapò ak relijyon. Ankouraje tout moun pou yo kontinye avanse nan yon chemen k ap fè yo konsève yon bèl repitasyon devan Jewova. — 2 Kor. 6:3, 4, 14-18.

Kantik 109 ak priyè final.

Semèn 27 desanm

Kantik 166

10 min : Anons lokal. Si orè reyinyon kongregasyon nou ap chanje pou ane k ap vini an, ankouraje tout moun jantiman pou yo kontinye asiste reyinyon yo regilyèman nan nouvo orè a. N ap enfòme etidyan Labib yo ak lòt moun ki enterese yo sou tout chanjman ki fèt. Kòmanse sèvi ak fich envitasyon ki gen nouvo orè a. Raple tout moun pou yo remèt rapò sèvis yo pou mwa desanm nan.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Ofri ansyen liv yo diran mwa janvye a. Diskou ak demonstrasyon. Montre dezoutwa ansyen liv 192 paj ki te parèt anvan 1986 kongregasyon an gen nan estòk li. Ankouraje pwoklamatè yo pran kèk pou predikasyon. (Si pa genyen ki disponib, pale sou òf mwa janvye a.) Eksplike poukisa ansyen piblikasyon sa yo toujou efikas pou devlope enterè pou Bib la. Nan chak liv, souliye sijè konvèsasyon ak ilistrasyon ki kapab byen mache pou kòmanse konvèsasyon. Fè youn oswa de demonstrasyon sou prezantasyon liv yo. Kote nou jwenn enterè, nou ka sèvi ak bwochi Sa Bondye vle a pou kòmanse yon etid.

Kantik 224 ak priyè final.

Semèn 3 janvye

NOTE SA : Kongregasyon yo pa fèt pou chanje reyinyon sèvis semèn 3 janvye a pou yon lòt jou, amwenske se vizit siveyan sikonskripsyon.

Kantik 10

8 min : Anons lokal.

17 min : Annou aprann kouman pou n reponn (Kol. 4:6). Diskou ak konvèsasyon ak oditwa a. Liv Comment raisonner a se yon bon zouti nan ouvri chemen pou pataje verite Bib la ak lòt moun. Lè yon mèt kay soulve yon objeksyon kont kwayans nou yo, petèt nou ka sèvi ak ribrik “ Si quelqu’un vous dit : ” ki nan fen seksyon ki pale sou kwayans sa a. Dyaloge sou remak ki fèt sou Labib la nan paj 57-60, epi egzamine poukisa repons yo sijere yo kapab bay bon rezilta.

20 min : “ ‘ Moun k ap mete Pawòl Bondye an pratik yo ’ — Kongrè distri Temwen Jewova pou lan 2000 ”. Kesyon/repons. Sekretè a ap dirije konvèsasyon sou sijè a ki nan paj mitan an. Toudabò, li lèt 15 desanm 1999 la ki anonse kongrè kongregasyon an ap genyen pou l asiste a. Sèvi ak tèks yo site yo pou montre poukisa nou tout fèt pou swiv enstriksyon Sosyete a sere kole. Souliye enpòtans pou chak moun fikse dat definitif vakans yo davans, dekwa pou yo asiste chak jou kongrè a, vandredi tou. Felisite frè yo pou koperasyon yo bay dispozisyon Sosyete a.

Kantik 56 ak priyè final.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje