Lekòl ministè teyokratik pou lan 2000
1 Lekòl ministè teyokratik pwouve li se yon pakèt benediksyon pou pèp Jewova a. Pandan 50 ane ki sot pase yo, li ede dè milyon moun devlope kapasite yo kòm oratè piblik e kòm anseyan verite ki nan Bib la (Sòm 145:10-12 ; Mat. 28:19, 20). Èske w kapab wè ki jan Lekòl la te ede w ? Li kapab kontinye ede w an lan 2000 si w patisipe ladann anplen e si w mete konsèy li yo an pratik.
2 N ap jwenn enstriksyon sou patisipasyon yo ak piblikasyon yo pral itilize yo nan premye paj pwogram Lekòl la pou lan 2000. Yo egzaminen ladann : dire pou chak pati, referans pou sijè a, jan pou sijè a prezante ak lòt detay ankò. Silvouplè, pran tan pou n li enstriksyon yo avèk atansyon epi mete yo an pratik.
3 Lekti Labib pou chak semèn : Genyen de pwogram apa pou lekti Labib pou chak semèn nan lis pwogram Lekòl la. Youn se pwogram lekti regilye ki kouvri anviwon senk paj nan Bib la. Pwen biblik enteresan yo baze sou lekti sa a. Lòt pwogram lekti a se yon pwogram siplemantè. Li menm li de fwa pi plis pase pwogram nan. Si nou swiv pwogram sa a, n ap kapab li tout Bib la nèt nan twazan. Byennantandi, gen moun ki kapab li plis pase sa k prevwa nan pwogram siplemantè a, e gen lòt ki pap ka swiv li. Olye pou w konpare tèt ou ak lòt moun, rejwi pito pou sa w ka fè (Gal. 6:4). Lesansyèl se li Pawòl Bondye a chak jou.— Sòm 1:1-3.
4 Pou w enskri nan Lekòl ministè teyokratik la, fòk ou pale ak siveyan Lekòl la. Pran patisipasyon w yo oserye silvouplè, e pa anile yo san nesesite. Apresye Lekòl la tankou yon dispozisyon Jewova ki vin jwenn nou. Byen prepare, familyarize w afon ak sijè w la, epi lè w ap prezante sijè a fè l avèk kè w. Se konsa w ap tire pwofi nan Lekòl san parèy sa a.