BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/00 p. 7
  • Lekòl ministè teyokratik pou lan 2001

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lekòl ministè teyokratik pou lan 2001
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Lekòl ministè teyokratik pou lan 2000
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Yon lekòl ki ekipe nou pou aktivite ki pi enpòtan nan lavi a
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Lekòl ministè teyokratik pou ane 2002
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Fason pou w prepare patisipasyon yo ba w fè nan lekòl la
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 12/00 p. 7

Lekòl ministè teyokratik pou lan 2001

1 Gen rezon biblik solid ki fè nou tout ta dwe patisipe otank posib nan Lekòl ministè teyokratik la. — Pwo. 15:23 ; Mat. 28:19, 20 ; Travay 15:32 ; 1 Tim. 4:12, 13 ; 2 Tim. 2:2 ; 1 Pyè 3:15.

2 Yon pwogram pou lekti Labib chak semèn, se youn nan aspè lekòl la depi lontan. Li pèmèt ou li anviwon yon paj nan Bib la chak jou. Apati ane sa a, gen yon lekti biblik pou chak semèn revizyon alekri a tou. Lekti biblik siplemantè yo te pwograme pou dènye twazan ki sot pase a, nou boukle l. Men si w vle li plis pase sa ki nan pwogram nan, ou kapab fè pwòp pwogram pa w.

3 Ekspoze no 2 a bay frè yo fòmasyon pou “ lekti piblik ” Pawòl Bondye a (1 Tim. 4:13). Lè w gen yon patisipasyon pou lekti, li l epi reli l plizyè fwa byen fò. Ou kapab sèvi ak kasèt odyo Lasosyete yo pou w amelyore pwononsyasyon ou, modilasyon ak lòt aspè yon bon lekti.

4 Ekspoze no 3 ak ekspoze no 4 la baze sou liv Comment raisonner a yo fè pou sèvi nou nan predikasyon an. Si pòsyon yo atribye w la plis pase tan w genyen an, chwazi sèlman sa ki kapab pi pratik pou tèritwa kongregasyon w lan. Ou kapab sèvi ak nenpòt kad ki apwopriye pou tèritwa pa w la.

5 Fè tout efò ki rezonab pou w fè tout patisipasyon yo ba ou nan lekòl la. Pran tan ou pou w byen prepare, epi pale ak tout kè w. W ap yon sous ankourajman pou kongregasyon an, e pèsonèlman w ap benefisye si w patisipe san rezèv nan Lekòl ministè teyokratik la pandan ane 2001 an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje